Souple tann...

Tout Sa W Dwe Konnen Sou Vwayaj Ou Nan Lababad

17 avr

Tout Sa W Dwe Konnen Sou Vwayaj Ou Nan Lababad  

Avèk yon tan mayifik, kèk peyizaj etonan, yon fòn ra, yon istwa rich e yon kilti dinamik, yon vwayaj nan Lababad se yon bon depans ki chaje bèl souvni. Sèl pwoblèm ki genyen sèke tèlman gen bagay pou fè li kapab difisil pou planifye sèlman kèk jou nan paradi twopikal sa. 

Anba sa, nou genyen tout sa w dwe konnen sou vwayaj ou nan Lababad ak tout pi bon bagay pou fè pou w fasilite planifikasyon an pi fasil. 

Kontinye li pou w konnen plis bagay sou zile mayifik e inik sa nan Karayib la e kòmanse kreye itinerè pafè a depi kounya. 

Èske W Ta Dwe Fè Yon Vwayaj Nan Lababad ? 

Vrè kesyon an se : pou ki sa pou m pa ta fè yon vwayaj nan Lababad ? Mayifik zile sa nan Karayib la chaje avèk avanti, liks, emèvèyman ak nati sovaj. Ki sa w ka mande anplis ? Genyen pou tout gou nan Lababad, se sa k fè l yon kote ideyal pou vakans jèn koup, retrete yo, gran fanmiy yo ak moun k ap vwayaje pou kont yo. 

Zile sa mezire 21 miles nan lajè, 14 miles nan longè sa e li gen anpil oseyan ak lòt aktivite memorab, yon kilti vibran e vivan, yon delisye kwizin ensilè ak peyizaj fasinan. 

Sepandan, sa ki fè laplipa nan vizitè yo rafole lè y ap retounen lakay yo, se rezidan amikal e akeyan yo. 

Tan an cho pandan tout ane a, avèk yon tanperati mwayen nan 86 degre Fahrenheit e solèy laplipa nan tan an. Tankou laplipa zile nan Karayib la, Babad konnen yon sezon lapli avèk kèk avès rapid soti mwa Dawout pou rive Desanm. Alize rafrechisan yo rann chalè pi sipòtab, ki kreye yon tan ideyal pou kèk vakans nan plaj twopikal. 

Aktivite nan Babad. 

Èske w pare pou w planifye vwayaj ou nan Babad ? An n plonje nan lis posibilite k ap tann ou yo. W ap twouve anba a kèk prensipal bagay pou w fè sou zile Babad : soti nan eksperyans an fanmiy, pase nan detant bò plaj pou rive nan eksplorasyon rich istwa zile a. 

Goute Wonm Renome Mondyal La. 

Yon vwayaj nan Lababad pa t ap konplè san w pa goute wonm lokal la. Apre tout bagay, gen anpil magazen wonm, distilri, vizit ak restoran kote w ka degiste wonm. 

Si w se yon fanatik wonm, vizite distilri ki nan Mount Gay a. Li te fonde nan ane 1703 e ta va pwodwi pwodwi wonm ki pi ansyen nan mond la. Pa bliye pote pou fanmiy ou avèk zanmi w yon boutèy Mount Gay Rum Extra Old. 

Eksplore Mèvèy Natirèl Yo Nan Lababad. 

Karayib la nan ansanm li lajman rekonèt poutèt fòn presye ak peyizaj etonan li a. Sepandan, Babad se yon veritab jwayo kache. Pandan vwayaj ou nan Lababad, w ap ka wè kèk majestye tòti enbrike, kèk miniskil grenouy translisid, kèk pwason volan e kèk senj efwonte. Epi abita natirèl yo enkwayableman divèsifye, depi nan gwòt efreyan ak kèk resif koralyen kolore jis rive nan forè liksziryan ak etan trankil. 

Menm genyen yon jakouzi natirèl, ki rele Hot Pot, kote moun nan lokalite a ak touris reyini pou soulaje kò yo ki epwize apre yon jounen avanti. 

Vizit Anba Lanmè. 

Gade mèvèy mond soumaren an ki antoure Lababad nan kesyon lanmè se yon bagay enbatab. Kreye kèk souvan k ap dire pou lavi pandan w ap rezève yon ekskisyon soumaren, kote gid la pataje kèk enfòmasyon fasinan konsènan lanmè a ak abitan yo, kote atravè kèk vit w ap ka obsève resif kolore yo ak fòn nan. 

Rezèv Fonik Nan Lababad. 

Nan Senpyè, ou kapab rankontre kèk pami espès sovaj ki pi enkwayab nan Lababad. Espès ki pi kalm yo ap fè monte desann libreman, tandiske bèt ki pi danjere yo yo gade yo nan kèk anklo. Si w ap chèche yon kote ideyal pou w obsève kreyati sovaj yo nan Lababad, se andwa ideyal la sa. 

North Point. 

Dekouvri litoral ki pi inik la sou zile a nan pwent nò, kote vag yo ap ekraze kont pawa woche yo. Pwomennen nan longè youn pami plizyè santye yo e pwofite andwa izole e ki pa twò frekante sa nan Lababad. 

Goute Savè Paradi. 

Patou nan Lababad, w ap jwenn nouriti ki pi delisye w poko janm goute a. Avèk kèk enflyans endyen, afriken, britanik ak ilandè, savè kwizin ensilè a inegale e enkontounab lòske w ap vwayaje nan Lababad. Asire w ou manje pou piti nan kèk pla ki popilè yo : 

Pwason volan, kou kou, galèt pwason Bajan, Tat ak makawoni, bannann, lake kochon, woti. 

Enprenye W Avèk Solèy Karayibeyen An. 

Se pa yon sekrè pou pyès moun : Lababad genyen bèl plaj ansoleye. Zile a genyen 80 plaj sab blan poudre ak dlo cho e tikwaz. Ant rivaj ak dlo, bagay pou fè yo pa gen bout. Pwofite yon pwomnad apezan anba solèy pandan w ap koute bri vag yo, pratike lapèch anba lanmè, aprann sèfe oubyen rezève yon avanti plonje an apne an fanmiy. 

Vwayaje Nan Tan An. 

Istwa Lababad konplèks e plen avèk istwa fasinan. Si w se yon fanatik istwa, ou dwe vizite kèk pami estrikti ak zòn istorik zile a, tankou : Estasyon siyalizasyon nan Gun Hill, abitasyon George Washington, vil pon istorik, abitasyon mobilye yo ak plizyè legliz e lye kilt istorik 

FAQ | Yon Vwayaj Nan Lababad. 

Konbyen Yon Vwayaj Nan Lababad Koute? 

Yon vwayaj nan Lababad konsidere yon ti kras chè, selon bidjè moun k ap vwayaje a e tip vwayaj li efektye a tou. Mwayenan, kèk vakans an fanmiy, kèk vakans womantik oubyen yon eskapad liksye ka koute ant 650 dola us e plis pase 800 dola us pou avyon ak otèl pa inikman. Yon vwayaj ti bidjè ka koute sèlman 450 dola us si w rezève jidisyezman. 

Èske Sa Vo Lapèn Opte Pou Yon Fòfè Ki Gen Tout Bagay Ladann Nan Lababad ? 

Pou anpil moun, yon konplèks ki gen tout bagay ladann se yon ekselan opsyon pou vakans nan Lababad, paske li pèmèt ou viv kantite eksperyans ou swete yo pou yon pri fiks, ki rann vwayaj la pi dekontrakte e san panik. 

Èske M Ap Bezwen Yon Paspò Pou M Ka Vizite Lababad ? 

Wi, sitwayen ameriken yo bezwen yon paspò valid pou vizite Babad, e w ap bezwen egalman yon viza pou rete plis pase sis mwa. 

Ki Mwa Ki Koute Pi Ba Pri Pou Moun Vizite Babad ? 

Soti Janvye pou rive Jen, sezon sèch la se sezon ki pa koute chè a pou vizit sou zile Babad, lòske vòl yo pwopoze nan yon pri ki pi ba e meteyo a ideyal. 

Ki Lang Moun Yo Pale Nan Lababad ? 

Lang ofisyèl la se anglè e gen kèk abitan ki pale yon dyalèk Bajan. 

 
SOUS: Visitbarbados.org, Barbados.org, Thegetaway.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.