Souple tann...

Vakans ak Fanmiy ou nan Karayib la.

23 me

 

Vakans ak Fanmiy ou nan Karayib la. 

Gen anpil posibilite pou vakans nan Karayib la. Mizapa bon dlo ki atiran ak bèl plaj ki gen sab blan e ki fè renome zile yo, gen anpil lòt bèl bagay k ap tann ou tou chak kote w pase sou zile yo. 

Ekilib san defo ki genyen ant anbyans twopikal yo k ap pèmèt ou relakse w ak anpil lòt eksperyans ankò k ap fè kè w pa sispann danse, tout sa yo fè Karayib la youn nan pi bon kote pou vakans an fanmiy. 

Granmoun yo ka pwofite de paradi trankil sa, pandan pitit yo ap kreye bon souvni e fè fas ak perèz yo gras ak anpil aktivite espò nan lanmè e pwofite fè rankont ak kèk zannimo. Alò, kontinye li atik sa pou w ka konnen plis bagay sou kesyon vakans ak fanmiy ou nan Karayib la e kòmanse prepare pou w planifye yon vwayaj depi kounya. 

Gid Vakans ak Fanmiy ou. 

Ou ka panse l ap fasil pou w chwazi ki zile fanmiy ou ka pi renmen. Men kòm chak zòn yo ofri kèk eksperyans ki pi eksitan e ra anpil tou, l ap difisil anpil petèt si w ta anvi fèmen kad sou sa w kwè w deja renmen yo. Pa bliye fòk ou pa wè tèt ou sèlman, ou dwe wè enterè lòt manb fanmiy lan. Timoun yo ka enpasyan pou yo rankontre diferan zannimo k ap viv nan Karayib la ou pa jwenn kenn lòt kote. Menm kote a tou, granmoun yo ka anvi al detann yo bò lanmè ak bwason yo akote yo oubyen nan men yo. Erezman tout sa yo nou site la yo, ak yon bann lòt bon bagay ankò deja ap tann ou. 

1- Vin vizite zile vyèj ameriken yo. 

An nou sipoze fanmiy ou ta jwenn chans pou l pwofite benyen nan dlo ki klè, nan bèl plaj ki gen anpil gwo wòch akote lanmè ki atiran. Nan ka sa w ap tonbe damou pou zile sa. Soti nan zile sa ale nan yon lòt zile, vizite pou w ka dekouvri kalite ki espesyal zile sa yo ak kay yo nan Karayib la. Ak anpil boutik, restoran ak anpil bèl avanti, gwoup zile sa yo se youn nan destinasyon ki pi popilè nan Karayib la. La, chak moun ki vin pase vakans ap jwenn gou bouch li. Tankou si w renmen mache vizite apye, m p ap janm anvi rate yon pwomnad nan pak nasyonal zile vyèj la nan Senjan, ki okipe pifò pati nan zile a. Oubyen timoun ou yo te ka byen kontan naje nan mitan bèl resif koralyen yo. 

2 - Konstwi chato ak sab sou zile Bahamas. 

Detann ou, relakse w nan youn nan pi bèl kote ki genyen nan mond la. Menm lè  jis chita oubyen kouche anba tant epi admire bote natirèl zile sa sanble deja ak eskapad pafè, men w ap gen anvi omwen youn pami tout bèl lòt eksperyans zile sa ofri ankò. Fè fas ak perèz ou ak fanmiy nan fè yon eksperyans rapwoche ak reken nan "compass cay". E si w twouve eksperyans sa manke eksitan, plonje nan gwòt ki twouve yo anba lanmè nan zòn ki rele "grand bahamas". Oubyen eske se yon kote w ap chèche pou w bay granmoun yo tan pou yo repoze pandan w ap pèmèt timoun yo jwi jounen an. Si se ta sa vre, ou ka al pase bon tan nan zòn ki twouve yo bò lanmè yo. Bahamas gen anpil bèl plaj kote granmoun yo ka pran yon ti koktèl detanzantan e kote timoun yo ka jwe ant yo. 

3 - Pa rete endiferan ak vi ki gen anba lanmè a nan zile ki rele Kayiman an. 

Ofri fanmiy ou kèk souvni ki p ap janm efase sou zile Kayiman an. Destinasyon espesyal pou fason sou zile sa moun yo ka fè eksperyans byen pre ak vi ki gen anba lanmè a. Tankou, ou menm ak fanmiy ou ka chwazi al naje sou liy ki klere yo nan "Stingray city". Oubyen nou ka vizite "Cayman turtle center" pou w ka rankontre kèk zannimo ki enkwayab ki twouve yo nan Karayib la. E si w twouve sa pa sifi oubyen w ka pa renmen sa tou, panse pou w al eksplore anba lanmè a lè "Atlantis deep dive" ap òganize sa oubyen pwofite yon pwomnad nan wout long la sou santye "Mastic". 

4 -Detann ou nan liks zile vyèj britanik yo. 

Zile vyèj britanik yo fè kesyon pase vakans nan moute nan yon lòt nivo ki pi wo. Li ka parèt koute anpil kòb pou w al pase vakans ou nan zòn sa nan Karayib la. Poutan si w ap chèche tout bèl avanti ki genyen ak yon paradi trokipkal ki ka eksite w, ak otèl ki estanda, ki liksye e ki gen tout konfò modèn yo, se la w pou w ale menm, sou zile vyèj britanik yo. La w ka rezève yon pwomnad nan bato epi tou pwofite aprann sou istwa anrichisan zile sa. Oubyen mennen fanmiy al plonje nan mitan tòti ak resif kolore gras ak "Tuba". E menmjan anpil lòt destinasyon nan Karayib la, gen plizyè mwayen w ka itilize pou w al detann ou nan plaj, mache e vizite kèk bèl kote e eksperimante kèk aktivite espòtif nan dlo. 

5 - Plonje nan kilti vibran zile ki rele Pòtoriko a. 

Sa ka rive ou menm ak fanmiy ou ap chèche yon kote pou n al vizite e pase vakans, yon kote k ap fè nou rete bèkèkè tèlman n ap sezi. Si se konsa w ap panse koumanse planifye pou w al vizite Pòtoriko. Sou zile fasinan sila a, w ap jwenn kèk mèvèy nan mond la k ap enspire w pou anpil tan nan lavi w. Youn nan pi bèl egzanp se lè w al vizite "Mosquito bioluminescent bay". W ap gen enpresyon w sot vwayaje sou yon lòt planèt ki diferan totalman de planèt w ap viv sou li a, lè w fin wè aparans li ki rive posib gras ak kèk òganis biyoliminesan. Dayè, se youn nan afichaj ki pi klere nan nati a. 

SOUS: Travel.usnews.com, Familydestinationsguide.com, Suncountryview.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.