Souple tann...

Fè Plis Lajan sou Pwopwiyete w la

10 jen

FotoKoutwazi bialasiewicz 

Fè Plis Lajan sou Pwopwiyete w la 

Achte yon mezon se pwobableman envèstisman ki pi chè ke w pral gen pou fè. Sepandan, sa kapab tou yonn pami sa ki pi likratif. Si li byen fèt, mezon ke w achte a genyen potansyèl pou li rapote w anpil lajan nan moman w ap genyen pou w vann oubyen refinanse l. Pou w fè plis lajan sou li, pwan an kont eleman sa yo :                      

Anplasman    

Anplasman an se faktè ki pi enpὸtan ki afekte valè revant yon mezon. Yon bon anplasman kwaze liy dikotomi : tou pre men pa nan sèn nan. Pre lopital, restoran, magazen ak wout pwensipal yo men pa tou pre yo pou tande bwi sikilasyon an. Moun yo ap chèche yon ri pezib nan yon kad rezidansyèl ki ideyalman sitiye pou tout bagay. Nan distans pou mache, sa pi bonm toujou. Anplis, mezon ki sitiye nan kildesak yo genyen yon valè pi elve paske yo pi kalm ak pi si pou fanmi yo.      

Lekὸl            

Menm si w pa genyen timoun, majorité moun k ap cheche achte yon mezon ta renmen. Pou jwenn Yon pri ki pi elve epi fasilite vant la, achte yon mezon nan yon bon distri èskolè .             

Sekirite    

Chwazi yon rejyon kote okenn delenkan seksyèl pa t siyale ak kote to kriminalite a fèb.                                

Vi  

Plis vi a bèl ak prive, mye sa ye. Vi swetab tankou dlo ak montay, kapab ogmante valè yon mezon soti 15 a 80% (homelight.com). Yon pwopwiyete ka p sovgade yon zὸn konsèvasyon oubyen ki pa genyen vwazen konvenab egalman. Mefye ou de vi ki pa two atreyan tankou tou pre yon gwo chato dlo, liy elektrik yo ki fofile yo nan lakou deye, elatriye. 

Gwosè teren an            

Plis tay lo a gran, plis valè pwopwiyete a ap elve (bobvila.com). Alὸske mezon nan banlye ki pi ansyen yo ap genyen jeneralman teren pi gran ke sila yo ki pi resan oubyen mezon nan vil yo,  chèche mezon ak yon kantite espas respektab nan lakou devan ak nan lakou dèyè. Lakou devan ak dèyè yo dwe ase gran pou genyen bèl amenajman peyisaje, yon espas dèyè pou divètisman ak yon espas pou jwèt pou timoun yo. Pa egzanp, pisin nan pa dwe okipe tout lakou dèyè a. 

Istorisite                 

Katye yo toujou ap rechèche yo ap kontinye pwobableman konsève valè yo. Chèche rejis piblik mezon an ke w gen entansyon achte a ak mezon yo ki antoure li yo e gade kijan valè a ap ogmante ( oubyen diminye) ofilditan.                   

Pri       

Evite mezon ki pi chè nan zὸn nan. Ou pi bon ak pwopwiyete ki mwen chè nan katye a, paske mezon ki pi chè yo ogmante valè pwopwiyete mwen chè a, se pa envès la ki fèt. 

Apèl   twotwa      

Se lari a ki premye apèsi ke yon achtè potansyèl wè, e premye enpresyon yo vle di anpil bagay. Chèche yon pwopwiyete ak yon peyizaj atreyan men ki pa egzajere ak twὸp anpil plant ki pral difisil pou yo antreteni.  Yon move amenajman peyizaje kapab diminye valè yon mezon soti 5 pou rive 15 pousan (homelight.com). Mezon an li menm dwe genyen yon anpwent atreyan nan sὸl la ak yon eksteryè ki byen antreteni.  

Eta  

Li preferab pou achte yon mezon ki pa genyen reparasyon  potansyèl majè nan orizon an, paske plis ou pral genyen lajan pou envèsti nan mezon an, mwens ou pral genyen rantre sou envèstisman an. Egzamine pwen sa yo : 

  1. Twa (anlè kay la) 

Ou dwe fe atansyon ak laj twa a. « Twa yo ki an adwaz, an kwiv ak an twil kapab dire plis ke 50 lane. Pwopwiyete ak twa yo ki an bado fibwosiman yo dire anviwon 25 lane e twa an bado asfalt / konpozit yo dire anviwon 20 lane “(moneyusnews.com). 

Twati yo koute chè pou ranplase yo ( an mwayèn ant 5 000 USD e 28 000 USD) (5estimates.com), e selon sitiyasyon an, yon asirans kapab kouvri ou non ranplasman an. Anplis, anpil konpayi asirans abitasyon pap emèt polis pou twa vè lafen lavi yo.                 

  1. HVAC   

Yon sistèm HVAC dire anviwon 15 a 20 lane (thehumbledhomemaker.com). Kou ranplasman pou yon sistèm CVC se anviwon 5 000 USD a 10 000 USD (homeadvisor.com).                   

  1. Aparèypou chofe dlo            

Yon chof dlo ta dwe ranplase anviwon chak 8 a 12 zan (thehumbledhomemaker.com). Ranplasman an kapab ale soti nan badgàm 550 USD pou rive nan wodgàm 10 000 oubyen plis(homeadvisor.com). 

  1. Sistèmseptik / chan drenaj                      

Fès septik yo koute 3043 USD a 9797 USD (6 388 USD an mwayèn) homeadivsor.com). Yon fs septik konplè, genyen yon chan liksivyasyon, yon rezevwa ak yon tiyotri, ki koute ant 10 000 e 25 000 USD (homeadvisor.com). Enstalasyon yon chan liksiviyasyon koute ant 5 000 e 20 000 USD, selon tip la (homeadivor.com). 

  1. Ponppou pwi            

Ponp pou pwi koute jeneralman ant 924 USD e 2 484 USD pou ranplase (homeadvisor.com). 

Remak : fondasyon yo, plonbri, elektrisite, fenèt, ale yo tout se atik ki koute e ki te dwe evalye egalman e jije nan yon bon eta pou genyen pi bon randman pou revant. 

Mizanpaj                              

Kounya, anpil moun vle yon plan etaj divize ak yon konsèp ouvè, yon gran kwizin, yon espas familyal, omwen yon garaj pou 2 vwati, anpil espas pou ranjman ak limyè natirèl. Etaj senp yo pweferab, oubyen yon mezon ak omwen yon chanm pwensipal nan premye etaj la, men si n ap gade yon mezon nan yon zὸn kote laplipa mezon yo genyen 2 etaj,  ou pap vle yon mezon yon etaj ki antoure ak yonn  2 etaj. (thebalance.com). 

Gwosè  

Pou pi bon rezilta lè w ap revann kay la, chwazi yonn ak pou pi piti twa chanm a kouche ak de sal de benn(yonn se sal de ben pwensipal epi o mwen yonn ak yon beywa). Sa k pi bon ankὸ, chwazi yon ka yak kat chanm e de edmi oubyen 3 sal de ben. Yon lὸt fwa, majorité achtè yo se moun ki an fanmi e ki bezwen espas. 

Mizajou 

Moun yo vle kizin ak sal de ben renove. Selon Remodeling Magazin, yon ti renovasyon nan kizin nan ap ogmante valè yon kay anviwon 18 206 USD, e yon pi gwo renovasyon nan kizin nan ajoute 40 216 USD sou valè kay la (homelight.com). yon sal de ben renove ajoute an mwayèn 13 688 USD a 49 961 USD (homelight.com). Li rekὸmande pou mete planche ak bon jan bwa ak mouli dekorativ (bobvila.com). 

Si w achte yon kay ak anndan l dezyè, ou pap jwenn yon bon pri lè w pral vann li. Fè reparasyon yo pou kὸ w ka koute w anpil lajan e w ap fè mwens pwofi apre w fin retire depans yo. 

 Restriksyon 

Pandan ke asosyasyon pwopriyetè yo (HOA) ka difisil, yon katye ki gen restriksyon sou li ak pwopriyete yo ap pwoteje valè kay ou a pandan l ap anpeche vwazen w yo fè nenpὸt ki bagay nan lakou yo oubyen neglije kay yo ; konsa y ap fè valè pwopriyete ou a bese. Sekirite sa atire achtè epi ka ogmante atirans kay ou a. 

Rezime 

Renmen yon kay ke w ap achte se yon faktè desizif, men li esansyèl pou konsidere sa ki rann yon pwopriyete dezirab pou w ka fè benefis lè moman an rive pou w ta revann li. 

Sous: 

bobvila.com 

homeadvisor.com 

homelight.com 

moneyusnews.com 

moving.com 

realtor.com 

redfin.com 

thebalance.com 

thehumbledhomemaker.com 


Kontakte nou pou plis enfòmasyon