Souple tann...

Restorasyon Kay Apre Yon Siklòn.

05 okt

Restorasyon Kay Apre Yon Siklòn. 

Li pa fè oken dout prepare w kont yon tanpèt prezante mwatye nan sa w te fè kòm previzyon pou yon siklòn. Ou ta dwe pare pou jou avèk semèn k ap vin apre yo. Pandan peryòd sa, restorasyon kay ap nan pi wo nivo li. Menm si tanpèt la te kawotik, repare dega ki fèt yo se yon lòt gwo defi ankò. Kontinye li pou w aprann plis bagay sou konsekans yon ouragan ak sou tip restorasyon pou kay ou an ou ta dwe atann ou.  

Ki Sa K Pase Apre Yon Ouragan ? 

Depi tanpèt la fin pase, sèvis ijans ak sitwayen yo mete yo sou travay. Kèk nan premye bagay w ap wè se fèmti wout ki bloke zòn danjere yo, tankou inondasyon oubyen kèk debri danjere siklòn nan te pote. 

Pwoblèm kouran se youn pami dega ki pi repandi apre yon ouragan. Si kèk moun gen chans benefisye yon retou kouran rapid lakay yo, gen kèk lòt ki pa jwenn limyè, aparèy elektwomenaje, san dlo ak anpil lòt bagay ankò. 

Depi w ka fè l san danje, youn nan premye bagay ou dwe fè apre yon siklòn se enspekte kay ou pou w detekte tout domaj, inondasyon, elatriye. 

Avan w fè benevola nan kominote a oubyen nan zòn ki touche anpil yo akoz siklòn nan, li esansyèl pou verifye ak remedye eta kay ou an, kit ou panse l te sakaje anpil oubyen non. Prensipal danje ak domaj pou w siveye yo se : 

  • Inondasyon 
  • Mwazisi 
  • Dega dlo yo fè 
  • Byen ki kraze 
  • Estrikti kay la ki andomaje 
  • Pyebwa ki tonbe 

Ou p ap janm twò pridan, sekirize kay ou ak byen ou yo, ede kominote a epi rete nan sekirite. 

Restorasyon Yon Kay Apre Yon Siklòn. 

Gen kèk kay ki jeneralman pa afekte akoz yon ouragan, eksèpte youn oubyen de branch ki tonbe, tandiske gen lòt ki, malerezman sibi kèk gwo domaj oubyen pi mal pase sa. Me kòman w ka jere tach ki pi kouran yo nan restorasyon yon kay apre siklòn. 

Bay sekirite w priyorite. Avan w rantre nan yon zòn ki te frape, asire w gen bon ekipman ki pwoteje w. 

Evalye ak dokimante domaj yo. Antre trankilman nan kay ou pou byen enspekte enpak ouragan an, epi pran plizyè foto pou w dokimante sa k pase a. Apre sa, reflechi sou bidjè w. Apre w fin enspekte kay ou ak konprann nan ki eta l ye, reflechi sou yon bidjè pou repare domaj ak fè kèk lòt restorasyon nan kay la. 

Fè rechèch ou epi rele pwofesyonèl. Gade bidjè w nan lespri w, konekte sou entènèt pou w eksplore opsyon w. Si w chwazi pou w fè kèk reparasyon minè, asire w ke w vrèman kapab. Sinon, bay pwofesyonèl nan lokalite a fè l. 

Apre sa kòmanse nan sa k pi esansyèl. Priyorize restorasyon kay la selon sa k pi ijan. Tankou, youn nan premye bagay ou dwe manyen se sa k konsène inondasyon. Pi vit ou elimine eksè dlo, w ap redui risk devlὸpman dega dlo ki koute chè ak kwasans mwazisi ki danjere. 

Prepare w pou lòt katastwòf natirèl. Pandan w ap mete kay la nan eta l te ye avan siklòn nan, gade pou w wè ki jan w ka plis pwoteje kay la kont lòt evantyèl katastwòf natirèl pou w ka evite reparasyon ki koute chè ak asire sekirite w. 

Kèk Pwoblèm Elektrisite. 

Jan sa mansyone a, pwoblèm elektrisite fè pati konsekans ki pi kouran yo sou kesyon ouragan. Li plis pwobab pou w rankontre pwoblèm elektrisite, plizyè kay ak pwopriyete ki antoure w ap konsa tou, retablisman kouran an ka pran yon bon ti tan. 

Kòman Pwoblèm Elektrisite A Pwodui A Pandan Yon Ouragan ? 

  • Akoz van vyolan, kèk pyebwa oubyen lòt bagay ki gwo konn tonbe sou liy elektrik ak lòt ekipman elektrik. 
  • Ond tanpèt ak inondasyon ki fèt akoz gwo lapli ka andomaje ekipman kèk santral elektrik nan rejyon an. 
  • Evakyasyon ijans ki antrene souvan yon koupi nan kouran an pou evite kèk sitiyasyon danjere nan zòn kote ouragan an ka gen yon enpak enpòtan yon fason oubyen yon lòt. 

Sa W Dwe Fè Lè W Gen Pwoblèm Elektrisite ? 

Pafwa kouran an retabli rapidman, alòske sa ka pran plizyè jou nan kèk lòt moman. Sa depan sou eta ak kèk detay espesifik sou pwoblèm elektrisite a, kantite kay ki frape ak rapidite kèk sèvis ijans oubyen piblik ka pran pou rezoud pwoblèm nan. 

Depi tout bagay nan yon klima sekiritè, pwofesyonèl yo ap ka evalye dega yo ak kòmanse repatisyon an pou retabli elektrisite a rapidman nan sekirite depi sa posib. Mete nan tèt ou, priyorite nan retablisman kouran an chita sou nesesite. Egzanp, lopital yo souvan jwenn sèvis avan akoz ijans yo. 

Inondasyon Ak Dega Dlo Fè. 

Gwo lapli ak ond tanpèt ka antrene inondasyon ak kèk lòt dega dlo fè nan kay ou oubyen nan zòn nan. Domaj nan twati kay, pòt ak fenèt yo pami koz ki pi enpòtan nan inondasyon anndan kay la, ki antrene kèk pwoblèm rapid ak souvan pèmènan tankou gwo dega dlo ka koze l, ekspoze sou pwodui chimik toksik ak kwasans mwazisi. 

Pi bon fason pou w evite inondasyon ak dega dlo fè, se pwoteje pòt ak fenèt yo kont van vyolan, lapli ak debri van pote. Si kay ou te afekte akoz yon eksè dlo kèlkeswa fason an, rele otorite lokal oubyen sèvis ijans yo dèke posib pou repare ak restore rapidman dega yo avan kèk lòt pi enpòtan vini.  

Estrikti ak bagay pèsonèl ki andomaje. 

Li posib pou estrikti kay la ak kèk bagay pèsonèl andomaje akoz kèk bagay van bwote, inondasyon oubyen kèk van vyolan. Kèk nan dega yo :  

  • Destriksyon twati kay la 
  • Fenèt ak pòt ki kase 
  • Mèb ak elektwomenaje ki sal 
  • Flit minè oubyen majè nan estrikti kay la 
  • Ak anpil lòt bagay ankò. 

Si youn nan zòn sa yo frape, rele asirans ou avèk sèvis lokal vin restore kay ou a san w pa pèdi tan. 

Pyebwa ki tonbe ak lòt debri. 

Yon lòt pwoblèm ki souvan nan yon ouragan katastwofik se lè pyebwa ap tonbe ak lòt debri ki epapiye. Li krisyal pou w fè prèv pridans lè w ap evalye tip domaj sa yo, paske gen posibilite pou w kwaze avèk bagay ki lou, pwenti ak matyè ki danjere. 

Verifye bò kote otorite lokal yo pou w jwenn pi bon fason pou w netwaye korèkteman, nan tout sekirite pyebwa ki tonbe yo ak lòt debri yo. 

Ki Sa K Pase Si Kay Ou Oubyen Zòn Kote W Rete A Vin Pa Vivab Ankò Apre Pasaj Ouragan An ? 

Si w konstate kay ou andomaje nan yon nivo kote l vin inabitab, menm tanporèman, kontakte otorite gouvènmantal yo, asirans yo, sèvis ijans lokal yo ak kèk lòt resous pou w konnen pi bon opsyon sou sitiyasyon inik ou an ak fanmiy ou. 

Menm si w kalifye enpak ouragan an minè, li esansyèl pou w kontakte rapidman kèk pwofesyonèl pou yon evalyasyon kalifye kèk dega evantyèl. Efè kèk ouragan konn parèt twonpè ak pi danjere pase jan sa te parèt. Alò rete nan sekirite epi mande èd rapidman: 

 

SOUS:Emergency.fsu.edu, Waterdamageadvisor.com, Nibs.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.