Souple tann...

Kòman Mache Imobilye Meksiken An Ye?

08 jan

Kòman Mache Imobilye Meksiken An Ye? 

Ou anvizaje demenaje nan paradi? Petèt ou deja tande pale sou mache imobilye Meksiken an epi w swete envesti nan yon bèl pwopriyete twopikal bò dlo. Selon ekspè yo,  se moman enkwayab pou w achte yon kay nan peyi meksik, kit ou se rezidan ki fèt nan peyi meksik, yon travayè a distans oubyen yon envèstisè etranje. 

Kontinye li pou w ka gen yon apèsi jeneral sou mache imobilye Meksiken an epi dekouvri sa k motive resan dekolaj sa. 

Mache Imobilye Meksiken An Nan Plen Esò Li. 

Meksik fè pati kèk nonbre peyi ki te konnen yon difikilte avèk sektè imobilye pandan plizyè ane jiska jodi a. Li te konnen yon leje dekolaj pandan kèk kout ane ki te presede pandemi an, tankou kèk lòt domèn, pandemi an te gen yon enpak sou mache a. 

Men toutotan pandemi an ap diminye, mache imobilye Meksiken te vin pi wo ak pi bon pase avan. Apre kèk vant rekò nan ane 2021 ak yon repetisyon siksè nan ane 2022, mache imobilye Meksiken an rezilyan, tire avèk yon demann ki fò. Genyen kat prensipal faktè ki eskplike siksè resan machw sa : 

  1. Jèn yo 
  2. Popilasyon klas mwayèn kwasan 
  3. Retrèt antisipe 
  4. Demann etranjè ak yon envèstisman jidisye. 

1| Jèn Fanmiy K Ap Chèche Yon Lavi Miyò. 

Demann lojman nan peyi meksik ap ogmante akoz kèk granmoun nan laj 27 pou rive 40 an. Alòske plis moun vin plis jwenn libète pou yo travay a distans, y ap chèche kèk kote lavi a ideyal pou yon pi bon sitiyasyon finansye ak yon pi bon estil lavi jeneralman. Nan tan pase yo, jèn fanmiy yo te limite pou yo viv kote y ap travay la tou. Men depi pandemi an, travay a distans yo konsiderableman ogmante, ki pèmèt pwofesyonèl yo genyen plis opsyon pou yo santi yo lakay yo. 

2| Klas Mwayèn K Ap Emèje A. 

Anpil moun afime sa, pri yo k ap ogmante nan mache imobilye Meksiken an prensipal gen pou wè avèk ogmantasyon paralèl klas mwayèn nan. Preske mwatye nan menaj Meksiken yo se nan klas mwayèn nan yo ye, yon chif ki ta dwe kontinye ap ogmante pandan 5 ane k ap vini la. 

3| Pran Retrèt Nan Paradi. 

Chanjman resan nan sosyete a ki enplike, moun yo pran retrèt pi bonè, li motive ak yon valè global sou lavi. Nan yon lòt sans lavi tou senpleman twò kout pou n ta va pa ka pwofite omaksimòm. Ki pi bon kote w pou w ta pran retrèt ou pase peyi meksik? Detanzantan moun ap plis vin wè valè estil lavi Meksiken an. Syèl la louvri epi li klere, bò lanmè twopikal yo trè demande pou moun k ap chèche pran retrèt yo, men gen kèk lòt kote nan peyi sa ki atreyan. 

4| Envèstisman Ak Demann Etranjè. 

Envèstisè yo toujou ap chèche kay ki bò lanmè e meksik gen anpil kay konsa. Akoz pri yo k ap monte sou mache imobilye a, moun yo achte san kè sote kèk kay nan bò lanmè Meksiken an. Ameriken ak Kanadyen konstitiye majorite pami envèstisè etranje yo, e kèk nan rejyon ki pi popilè yo se Puerto Vallarta ak San Miguel de Allende. 

Anplis, demann lojman ap ogmante gras endistri tourisktik la. Plis moun swete nan peyi sa tou pou kèk peryòd vakans pi long parapò kèk lòt vakans tipik epi achte yon rezidans segondè nan bèl peyi sa. 

FAQ Sou Mache Imobilye Meksiken An. 

Dekouvri plis detay sou eta aktyèl la pandan w ap reponn ak kèk demann ki pi kouran sou mache imobilye a nan peyi meksik. 

Pèspektiv Mache Imobilye Nan Peyi Meksik. 

Mache imobilye Meksiken an ta dwe pousuiv kwasans pozitiv li, avèk lojman rezidansyèl nan premye plan. Tandans yo montre envèstisè yo pral reyalize yon benefis enpòtan epi pral genyen kèk opòtinite an lò pou pwopriyetè yo. 

Èske Pri Lojman Yo Bese Nan Peyi Meksik? 

Selon moun ou poze kesyon an, w ap jwenn repons ki diferan. Pri imobilye a nan peyi meksik depann grandman sou zòn konsène a, sa ki rann estatistik global yo yon ti jan pa klè. Pi bon fason pou w verifye patikilyèman yon zòn se verifye sa oprè kèk ajan imobilye nan lokalite yo. 

Èske Se Bon Moman Pou W Achte Yon Byen Imobilye Nan Peyi Meksik? 

Selon plizyè envèstisè imobilye, senk ane k ap vini yo trè pwometè. Akoz ogmantasyon atandi enflasyon an, se moman ideyal la, pou w achte kèk pwopriyete nan peyi meksik. Sepandan gen plizyè lòt faktè ki rantre nan jwèt la lòske w ap anvizaje yon envèstisman, li parèt enpridan si w ekate sèlman parapò avèk nivo enflasyon an.  

Ki Pri Mwayen Yon Kay Nan Peyi Meksik? 

Nan premye trimès 2023 a, pri mwayen kèk lojman nan peyi meksik te depase 90 000 dola. 

 

SOUS: Mordorintelligence.com, Globalpropertyguide.com, Benoitproperties.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.