Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
27 me
Karayib la ofri yon melanj bote, avanti ak detant irezistib, sa ki fè l yon andwa enkwayab pou moun ale nan vakans. Men avan w lanse w nan vwayaj twopikal ou a, li esansyèl pou w ta metrize atizay sou fason w dwe prepare valiz ou, pou w ka garanti tèt ou yon eksperyans konfòtab e agreyab.
Avèk klima divèsifye li a, soli nan jounen ki cho e ansoleye pou ale nan kèk avès twopikal okazyonèl, konnen sa w dwe pote ka fè tout diferans la pou w tire pi bon pati nan avanti w la nan Karayib la.
Nan blòg sa, nou pral diskite sou kèk konsèy ak astis esansyèl pou w prepare valiz ou, kèlkeswa jan meteyo a ta prezante. Alò pran valiz ou epi prepare w pou w anbake nan yon vwayaj avèk bagaj ki adapte avèk klima anchantè Karayib la.
Ak Kisa W Dwe Atann Ou.
Karayib la jeneralman konnen yon klima ki cho e twopikal pandan tout ane a, men klima a ka lejèman varye selon sezon an.
Li enpòtan pou w note, pwiske zile yo diferan nan yon sans, kondisyon meteyowolojik yo ka lejèman varye. Donk li sanse pou w verifye previzyon espesifik sou destinasyon w ta renmen pran an. Mizapa sa, menm si ouragan sisèptib pou yo pwodwi nan sezon ete ak otòn, rejyon Karayib la ofri yon gàm varye nan eksperyans ak yon ansolèyman abondan pandan pifò pati nan ane.
Ivè.
Desanm - Fevriye
Mwa ivè yo nan Karayib la gen kèk tanperati cho ak yon imidite ki relativman fèb. Se sezon kote aktivite touristik pi grandyoz gras tan agreyab li ofri, avèk kèk tanperati soti nan 70 degre pou ale nan 80 degre Fahrenheit. Mye ankò, ivè se sezon ki pi sèch nan Karayib la, avèk kèk presipitasyon minim ak anpil solèy.
Prentan.
Mas - Me
Klima a nan Karayib la ogmante pwogresivman sou kesyon tanperati ak imidite, avèk kèk tanperati dyun soti nan 70 pou rive nan 80 degre Fahrenheit. Mwa prentan yo ka konnen kèk avès okazyonèl ak yon ogmantasyon imidite, men nan ansanm lan, presipitasyon rete relativman fèb parapò sezon ete a.
Ete.
Jen - Dawout
Ete a nan Karayib la cho e imid, ou ka atann ou avèk sa nan yon paradi twopikal. Pandan jounen an, tanperati yo ka atenn ant 80 jiska 90 degre Fahrenheit, avèk kèk nivo imidite ki wo.
Ete a se egalman sezon ki pi imid nan Karayib la, avèk kèk risk tanpèt twopikal ak ouragan, sitou nan mwa Dawout jiska sezon otòn. Se pa yon peryòd ki kouran kote moun vizite Karayib la, paske gwo lapli yo ak oraj ou pwodwi pi dri.
Otòn.
Septanm - Novanm
Tanperati ak nivo imidite yo bese tou piti nan sezon otòn. Tanperati dyun yo sitiye ant 70 degre ak 80 degre Fahrenheit. Poz sa sou kesyon chalè a make pik sezon ouragan an nan Karayib la. Touris yo dwe atann yo ak yon ogmantasyon presipitasyon ak yon risk pi elve nan tanpèt twopikal ak ouragan, patikilyèman nan mwa Septanm ak Oktòb.
Anbalaj Pou Meteyo A Nan Karayib La.
Bagaj ou yo pral jeneralman chaje avèk bagay leje, mayo pou benyen, kèk sandal ak anpil krèm solè. Ou pral bezwen tou pwodwi ijyenik ou yo ak kèk swen abityèl, tankou chanpou ak rensaj apre chanpou, epi tou kèk lòt eleman esansyèl pou w vwayaje, tankou paspò w ak aparèy elektwonik ou yo.
W ap twouve anba yon lis kontwòl bazik k ap ka ede w prepare valiz ou pou al pase vakans nan Karayib la. Li genyen tout sa w ta kapab bezwen mizapa rad yo, tankou chemiz, mayo pou benyen, ak pijama konfòtab. Pa bliye pou w adapte lis sa selon bezwen w yo, destinasyon w ak kèk aktivite w prevwa antreprann.
Krèm solè avèk SPF elve, losyon apre solèy oubyen krèm aloe vera, ensektifij, chanpou, apre chanpou ak jèl pou douch fòma vwayaj, bwòs dan, dantifris ak fil dantè, deyodoran, razwa ak krèm pou razaj, bwòs pou cheve oubyen demelwa, medikaman sou òdonans ak tout medikaman w ka achte lib e ki nesesè, sak pou plaj oubyen foure tou, kòk pou telefòn etanch, chajè pòtab pou aparèy elektwonik, boutèy dlo reyitilizab, twous pou premye swen fòma vwayaj, gid pou vwayaj oubyen kat, pòchèt etanch pou objè ki gen valè, paspò, viza e dokiman vwayaj, lajan an espès ak kat kredi, kopi kèk dokiman enpòtan, aparèy foto oubyen telefòn entelijan pou kaptire kèk souvni.
Prepare Kèk Rad Selon Sezon Yo Pou Vakans Nan Karayib La.
An nou pase kounya nan pati ki pi enpòtan an nan preparatif ou pou vakans twopikal : ki bezwen w ap vrèman bezwen ? Klima a nan Karayib la chanje pandan tout ane a men jeneralman li cho e imid. Pa bliye verifye sitou previzyon meteyowolojik yo pou dat vwayaj ou a, pou w asire w prapare bagay ki nesesè. Me kèk ide ak konsèy pou ede w demare.
Ete.
Rad leje ak respiran (bout pantalon, debadè, wòb ete), mayo pou benyen ak disimilasyon, chapo arebò laj ak linèt solèy, sandal oubyen tong, kostim pou ti lapli oubyen poncho.
Konsèy pou fè valiz selon previzyon meteyowolojik la nan sezon ete.
Pote kèk rad ki leje e aryere, tankou koton ak len pou w rete fre malgre chalè a, opte pou kèk rad ak mayo ki ka seche rapid, pwoteje po kò w avèk krèm solè e kèk rad ki fèt pou sa, pote yon rad pou lapli ki konpak oubyen yon poncho pou si gen avès lapli okazyonèl.
Otòn.
Kèk kouch leje pou sware ki pi frèch yo, mayo pou benyen ak disimilasyon, krèm solè ak linèt solèy, sandal enpèmeyab oubyen soulye pou dlo, parapli konpak oubyen vès pou lapli, soulye dekontrakte ki konfòtab pou moun mache, chemiz ak pantalon leje ki gen manch long pou pwoteje w kont moustik.
Kèk Konsèy Pou W Fè Valiz Ou Selon Previzyon Meteyowolojik Yo Nan Sezon Otòn.
Pote kèk rad respiran ki adpate avèk tanperati cho a pandan jounen an ak sware ki pi frèch yo, pote nan men w yon ensektifij ak kèk rad manch long pou w pwoteje kò w kont moustik, patikilyèman lè solèy la pral kouche ak lè l pral leve.
Ivè.
Rad leje pou jounen cho yo, mayo pou benyen ak disimilasyon, krèm solè ak linèt solèy, rad leje oubyen kostim pou sware ki pi frèch yo, kèk soulye pou mache oubyen kèk sandal ki konfòtab, sèvyèt pou plaj e akseswa.
Kèk Konsèy Pou W Fè Valiz Ou Selon Previzyon Meteyowolojik Nan Sezon Ivè.
Pwofite jounen cho e ansoleye yo nan pase tan deyò men prepare w pou kèk sware pi frèch avèk rad leje oubyen yon kostim, pote kèk rad polivalan ki kapab sipèpoze pou plis konfò pandan jounen an.
Prentan.
Pote rad leje pou tanperati ki cho, mayo pou benyen ak disimilasyon, krèm solè ak linèt solèy, sandal oubyen tong, rad pou lapli leje oubyen poncho.
Konsèy Pou Fè Valiz Ou Selon Previzyon Meteyowolojik La Nan Sezon Prentan.
Prepare w pou kèk avès okazyonèl nan pote yon rad pou lapli ki konpak oubyen yon poncho, pwoteje kò w anba kout solèy ak kèk piki ensèk avèk yon ekran solè, kèk vètman pwoteksyon ak ensektifij.
FAQ Sou Meteyo A Nan Karayib La.
Kòman w ka prepare valiz ou pou yon vwayaj k ap dire 7 jou nan Karayib la :
Pote ant 3 jiska 5 mayo oubyen debadè tisi leje e respiran 2 jiska 3 bout pantalon oubyen jip, youn oubyen de rad ki pi bèl lavi nòktin nan ak restoran vilyajeti avèk kèk kòd vestimantè ( Wòb, chemiz ki boutone), sou vètman pou yon semèn, de.grenn tong oubyen lòt sandal ki ka sipòte dlo ak sab.
Sa m ka pote nan avyon pou m ale nan Karayib la ?
Kle sa se pote kèk kouch. Menm si avyon an ak ayewopò a ka fè frèt, se yon solèy cho melanje avèk yon imidite ki pral akeyi w lè w rive nan Karayib la. Panse pote yon mayo, yon bout pantalon konfòtab, yon chemiz, oubyen yon rad ki pi leje ak kèk soulye sekou pou w mache.
Ki mwa w dwe evite nan Karayib la ?
Laplipa moun evite mwa sezon ete ak otòn yo nan Karayib la, paske se peryòd ki fè plis cho pandan ane a, avèk pi gwo risk tanpèt twopikal ak ouragan.
Ki mwa ki fè pi bon tan nan Karayib la ?
Sezon ki chaje nan Karayib la tabli kò l ant Desanm pou rive Mas gras yon tan cho, kèk nivo imidite ki pi fèb ak ti kras presipitasyon.
Èske li fè frèt lannwit nan Karayib la ?
Selon sezon an, klima a nan Karayib la ka pote kèk sware frèch. An mwayen lannwit yo nan Karayib la gen kèk tanperati ki varye nan 60 degre Fahrenheit konsa nan sezon ivè e.yon ti kras pi cho nan sezon ete.
SOUS: Cabinzero.com, Fueledbywanderlust.com, Blog.tortugabackpacks.com