Souple tann...

Kouman pou planifye yon demenajman byen òganize

03 sep

Twa etap pou kòmanse demenajman san estrès

Èske ou pare pou deplase? Ou toujou gen bagay pou pake nan kay la oswa nan biwo?

Demenaje ka yon bagay enteresan estresan. Gen anpil detay ki mande atansyon ou; li ka parèt akablan.

Pandan ke se pa tout moun nan nou ki pran òganize kòm yon pas tan ki fè kè kontan, yon demenajman  òganize se yon objektif ki ka reyalize.

Kòm ou chita  nan mitan bwat ou yo ak tout papye ou, sonje konsèy sa yo pou edew rasyonalize pwosesis la. Ou gen li!

Premye etap pou yon demenajman òganize:

Depi lè ou konnen wap deplase, si w ap deplase nan yon nouvo eta oswa yon nouvo peyi, si w ap soti nan yon kay oswa yon biwo, ou pral vle òganize tèt ou otanke posib. Kenbe tout bagay nan yon sèl kote ap minimize nan strès ou lè w ap chèche dokiman, kontra ak kontak.

Pi bon pari ou a pou yon demenajman òganize se jwenn yon klasè 3 pati epi kòmanse mete tout bagay ou bezwen andedan l. Avèk yon rechèch entènèt senp, ou pral jwenn byen fasil paj moun kap planiye demenajman pou telechaje ak enprime gratis!

Paj planifikasyon sa yo gen ladan lis tankou

  • Dat enpòtan wap demenaje

  • Lis Kontak

  • Bidjè ak lis depans yo

  • Lis kontwòl demenajman

  • Sèvis piblik konfigirasyon ak lis kote wap kanpe

  • Envantè lis bwat prensipal yo

  • Atik pou bay oswa pou vann

  • Lis travay ... ak plis ankò!

Katab mobil sa pral pi bon zanmi ou a pandan tout demenajman an. Paske …ou klase yo pap janm fini. Gen tout dokiman demenajman ak depans ou nan men w ap pèmèt ou rete òganize epi avanse.

Klasé demenajman òganize, fè.

Dezyèm etap pou yon demenajman òganize:

Si ou fatige nan tande vwa timoun yo kap rele byen fò nan koulwa a, "manman, ki kote kasèt la ye?" ak mari oswa madanm ou ap kriye, "cheri, mwen bezwen kouto pou koupe bwat la," etap sa a ka baw repons!

Li se yon bon sovè ou pral wè. Men sa pou w fè.

Rasanble tout founiti pou lè wap mete nan  bwat yo, tankou makè pèmanan, etikèt, sak frizè  ki gen gwosè galon, sizo, zouti pou koupe bwat, tep anbalaj ak papye, epi mete yo nan yon resipyan plastik oswa panyen. Nan fason sa a lè wap  fè aranjman pou yon chanm, ou jis bezwen pran bwat la epi ale ak li nan sal sa.

Ide rapid * ranje bagay yo nan kay la chanm pa chanm. Sa a pral kenbe pwosesis demenajman epi edew lè wap plase bagay yo.

Yon demenajman òganize avèk fasilite, pa vre?

 Bwat anbalaj founiti, Fini.

Twazyèm etap pou yon demenajman òganize:

Si ajan imobilye ou pa bay li, chèche l sou entènèt! Ki sa nou ap chèche sou entènèt la? Rechèch biznis wap bezwen jwenn anvan ou rive nan nouvo destinasyon ou a se yon estrateji efikas. Li bon pou  anpil travay gentan fèt anvan ou rive. Antre san pwoblèm nan nouvo eta a, peyi oswa vil la ap ba ou tan konekte ak kominote a epi santi w lakay ou pi vit.

Me yon lis ou ka ajoute nan klasè demenajman òganize ou a.

  • Jwenn nouvo sèvis piblik yo epi fè yo konnen demenajman an. (Peye depo garanti a davans.)
  • Jwenn DMV ki pi pre a pou regle afè lisans ou.
  • Kontakte lekòl fanmi ou pral ale ladanl lan epi pran randevou pou reyinyon.
  • transfere preskripsyon pou medikaman yo nan famasi ou pral itilize tou pre nouvo kote a.
  • Lis nouvo doktè, dantis ak veterinè nan rejyon an.

Sa yo se jis yon kèk nan travay yo ke nou gen tandans ranvwaye pou lè nou rive nan yon nouvo andwa kote nou pwal kontinye viv. Si ou t gentan kòmanse, epi mete  tout bagay nan klasè demenajman  òganize a, wap rive epi kontinye viv  laviw kòm dabitid.

Ou pare!

Si w swiv etap senp sa yo ak konsèy adisyonèl ki  enprime nan liv travay pratik ou, wap gentan pwan devan epi wap òganize. Rasanble bwat ki gen bagay pou anbale yo, pwan katab la epi kòmanse planifye demenajman ou nan yon fason byen òganize e senp.


Kontak