Souple tann...

Kòman w ka Planifye Vakans ou nan Karayib la Avèk yon Bidjè Limite.

13 fev

Kòman w ka Planifye Vakans ou nan Karayib la Avèk yon Bidjè Limite. 

Lòske pa gen anpil lajan, li petèt estresan pou planifye vakans. Poutan, sa pa vle li enposib tou. Yon eskapad twopikal ka egzakteman sa w bezwen pou w fè yon poz, pou w detann ou epi reprann vi trepidan w lan pandan w ap vin santi w pi byen pase avan ! Blòg sa pral diskite sou kòman w kapab planifye yon vakans k ap memorab pou ou nan Karayib la avèk yon bidjè limite. 

Gras ak konsèy avèk sijesyon nou yo, ou p ap bezwen bay tèt ou pwoblèm sa pral fini ak lajan pandan w ap pwofite paradi twopikal yo nan Karayib la. Pa twò lontan, w ap ka detann ou sou rivaj sablone a, pwofite admire bèl peyizaj ki koupe souf tèlman w ap etone avèk yon ti kras lajan siplemantè nan pòch ou ! Kontinye li pou w wè kòman w ka planifye vakans ou nan Karayib la avèk yon bidjè limite. 

Si w vize fè yon vwayaj pasyonan men ki abòdab, pa gen lòt pi bon kote w ka al eksplore pase nan Karayib la. W ap jwenn anba kèk nan destinasyon ki pi ekonomik yo ou ka konsidere pou yon eskapad ki pa twò chè. 

Repiblik Dominiken. 

Repiblik Dominiken se yon andwa pafè pou vakans ou avèk yon bidjè limite ! Sa k pi bon ankò, genyen de fason w inik ou ka dekouvri zile anime sa san w pa fè fayit. Youn nan opsyon yo, se viv menm jan avèk abitan Puerto Plata yo. Evite Otèl pri konplè yo epi rete nan sant vil la. Pou aktivite yo, vizite sipèb plaj entak yo epi al flannen nan katye istorik la ki chaje avèk istwa fasinan. 

Sepandan, nan Punta Cana, touris yo ka rezève yon otèl pri konplè abòdab kote yo ka kreye kèk souvni k ap dire tout yon vi san yo pa bezwen menm soti deyò. Pwofite espò notik pasyonan, delisye pla ensilè ak kèk tip divètisman san w pa depase bidjè w te fikse a. 

Jamayik. 

Yo rekonèt Jamayik gras estasyon balneyè ekonomik li yo, nouriti yo, avanti yo avèk divètisman yo. Se youn nan destinasyon ki pi popilè pou gran gwoup yo, kit se fanmiy kit se zanmi. La w ap ka detann ou bò lanmè sablone yo ki genyen yon peyizaj mayifik sou dlo kristalin yo oubyen pase tan w nan divès avanti anplennè, tout bagay sa yo pou yon pri ki pi ba pase lòt zile ki tou pre l yo. 

Kiraso. 

Kiraso se yon ekselan destinasyon Karayibeyen pou fanmiy ki pa gen gwo bidjè. Li satisfè anvi w ak yon eskapad twopikal pandan l ap pèmèt ou lajan pandan pakou a. Kilti a se youn nan karakteristik pi pi inik e ki pi fasinan nan Kiraso, yon melanj enfliyans Afriken avèk Olandè. Ou ka senpleman flannen nan vil yo e goute kwizin delisye ki sou lari pandan w ap rantre lakay ou avèk yon eksperyans ki pa gen parèy ak anpil lajan nan bous ou. 

Pòtoriko. 

Gras relasyon ki genyen ant Pòtoriko avèk Etazini, li fasil pou w jwenn yon espesyal sou fòfè vakans yo, vwayaj yo avèk lòt ebèjeman. Plonje nan paradi twopikal sa pou yon fraksyon sou pri kèk lòt kote pou vakans ki cho yo. Eksplore gwòt soumarin oubyen anba lanmè, kèk sit istorik mèvèye ak yon savoure kwizin ensilè nan Pòtoriko. 

5 konsèy konsènan vakans ou nan Karayib la avèk yon bidjè limite. 

Yon fwa w fin reflechi sou kote w ta renmen ale a, ou dwe konprann trik yo avèk astis yo k ap pèmèt ou fè gwo ekonomi sou vakans ou nan Karayib la. Enfòmasyon sila yo pral ede w depanse yon ti kras lajan pou yon pi bon eksperyans. Iltilize 5 konsèy sa yo pou w pwofite eskapad ou san w pa fè fayit. 

1| Vwayaje apre sezon an. 

Sou anpil nan zile yo nan Karayib la, tan an cho epi li gen anpil solèy pandan tout ane a ! 

Nan sans sa, vwayaje apre sezon an prezante plis avantaj pase enkonvenyan. Ekonomize lajan w pandan w ap rezève vwayaj ou lè destinasyon yo pa gen anpil demand, sa ki vin rann vwayaj yo, ebèjeman yo avèk divètisman pi abòdab. Anplis, sa ki ba w, ou menm avèk envite w yo, posibilite pou eksplore paradi sa san yon pakèt traka tankou lè genyen anpil touris. 

2| Ekonomize gwo nan fason w ap manje. 

Manje se souvan youn nan bagay ki koute plis lajan nan moman vakans yo. L ap akimile rapidman depi w pa genyen yon plan estratejik. Sepandan, manje nan Karayib pa bezwen yon bagay chè. Li fasil pou w jwenn manje nan bon pri lè w plis panche w sou manje ki vann nan lari yo avèk nan mache yo olye w al panche sou eksperyans kilinè liksye yo. 

3| Chèche avantaj yo. 

Lè w ap planifye vakans ou avèk yon bidjè limite, kòmanse bonè se yon pi bon metòd. Otèl yo, sikwi yo ak kèk lòt eksperyans nan demand ofri tarif ki pi ba ak kèk rediksyon pou moun ki fè rezèvasyon byen lontan alavans. Se sa k fè, li saj pou w kòmanse òganize vwayaj ou plizyè mwa avan gran jou a rive. 

4| Ou dwe aji avèk entelijans nan kesyon transpò a. 

Menm jan pou manje a, transpò se youn nan aktivite nesesè ki koute tou, ki ka vale lajan siplemantè w. Byenke w kaw tante pou w peye plis pou kèk mwayen transpò ki pratik, tankou lwe yon machin oubyen ilitilizasyon yon taksi prive, li egziste kèk lòt mwayen ki pi entelijan lè w ap deplase. Transpò komen yo souvan trè abòdab. Gen kèk zile ki pwopoze lokasyon velo, yon bèl fason pou deplase soti nan yon zòn ale nan yon lòt nan tan cho yo. 

5| Pwofite tout tan w kapab kèk eksperyans anplennè gratis. 

Sa ki rann rejyon nan Karayib la tèlman espesyal, se avantaj enfini kèk aktivite anplennè, kote anpil nan yo gratis. Plizyè milye plaj yo se yon egzanp pafè. Tout pa 100% gratis, men w ap gen pou w sezi wè konbyen plaj sa yo p ap koute w anyen pou w dekouvri. 

Li egalman fasil pou w jwenn kèk vizit bon mache atravè vil anime yo e ki rich avèk istwa. Kote w ka menm deside pou w flannen pou kò w nan vil yo. Randone yo se yon lòt pi bon mwayen pou w pwofite byen dekouvri zile yo, san w pa depanse anpil. Kèk nan zòn yo gen aksè piblik gratis, tandiske kèk lòt ap faktire w yon gwo sòm lajan pou w antre 

SOUS: Lonelyplanet.com, Travel.usnews.com, Travelandleisure.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.