Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
11 fev
Se yon desizyon ki eksitan. Ou pare pou koumanse planifikasyon kay ou reve a, e ou koumanse fè rechèch pou w ka genyen sa w vle a. se trè byen sa, kouman ou w ap achte kay ou reve a?
Kayifi gen kèk sijesyon pou edew koumanse chèche kay ou te toujou reve a. Petèt konsèy ki pi enpὸtan se pa pwesipite pwosesis la. Si tout bon ou pare pou w chèche yon kote pou toujou rete ak yon bèl kay, sa vo lapenn pou pran tan epi pwofite de pwosesis la. Nou konseye w kὸmanse isit la.
Eske ou nan lwayaj pandan ke w ap sere lajan pou achte kay la? Eske ou te peye kay ou ladan l nan epi eske ou pare pou vann li? Eske ou gen lajan pou lὸt kay la? Se tout etap sa yo ou dwe kὸmanse epi fini.
Yon fwa ou fini ak sa yo, ou pare pou dezyèm etap la.
Si ou pa gen lajan pou yon lὸt kay, sa ke anpil moun pa genyen, ou pral anvi yo finanse w. Konbyen pri kay ou ta renmen genyen an ap ede w chwazi ki kote ak kisa pou w achte.
Konnya, kὸmanse chèche kay ou reve a.
Avan ou ale nan yon ajans imobilye tankou Kayifi, ou dwe gen yon ide de ki kote ak ki tip kay ou swete. Reponn a kesyon sa yo.
Pou fini, mande tèt ou ki tip de kay ou reve. Ou vle yon kondo san antretyen? Petèt yon pwopwiyete bὸ dlo? Oubyen yon kay ki pa anndan vil?
Nouvo ajan imobilye ou a pwa l travay ak ou sou yon desizyon enpὸtan nan lavi w. Ou dwe asire w ke w ka kominike ak yo epi pase tan ak yo. Ou dwe fè konfyans ak konsèy yo. Donk, nou sijere w pale ak ajan imobilye yo. Mande bon jan enfὸmasyon sou yo, mande fanmiy ak zanmi si yo gen sijesyon.
W ap bezwen yon ajan ak kalifikasyon sa yo.
Ou pap jwenn yon ajan imobilye ki pi kalifye nan Karayib la pase pa Kayifi yo. Yon fwa ke w chwazi ajan imobilye ou a, ou pare pou kὸmanse vwayaj la pou trouve kay la. Felisitasyon.
Pou fini, ou chwazi kay ou reve a. se yon peryὸd ki palpitan men ki okipe tou. Asire w ke ou itilize ajan imobilye ou a o maksimὸm. Epi tou, se pou sa yo la.
Rès pwosesis la ap dewoule konsa:
Etap final ki pi krisyal la se, SELEBWASYON! Ou fèl, e konnya ou nan kay ou te reve a. Ak pasyans ak pèseverans, ou ka reyalize rèv ou yo.
Sous : pacresmortgage.com and daveramsey.com