Souple tann...

Kòman Pou W Byen Jere Yon Vwayaj Nan Machin Avèk Chen W Lan.

02 out

Kòman Pou W Byen Jere Yon Vwayaj Nan Machin Avèk Chen W Lan. 

Si yon vwayaj nan machin avèk chen w lan resanble avèk yon avanti pasyonan, gen kèk bagay ou dwe konnen avan w pran wout la. Vwayaje avèk pi bon zanmi lòm genyen an ka siyifikatif ak trè amizan. Nan yon lòt sans, si w prepare w nòmalman epi w konnen kèk trik ak astis pou asire w yon vwayaj reyisi. Kontinye lèkti a pou w dekouvri sa w dwe konnen pou w ka pase yon pi bon moman pandan yon vwayaj nan machin avèk chen w lan. 

7 Konsèy Pou Yon Vwayaj Nan Machin Avèk Chen W Lan. 

1|Planifye Itinerè A Suivan Bezwen Chyen W Lan. 

Yon vwayaj nan machin avèk chen w lan diferan anpil ak yon vwayaj pou kò w oubyen yon vwayaj ant granmoun. Li plis sanble avèk yon vwayaj long distans pandan timoun akonpanye w. Ou dwe chwazi yon itinerè selon bezwen yo, tankou poz pou al nan twalèt. 

Se menm bagay la tou lè w ap vwayaje avèk chen w lan. Avan w pati, asire w make plizyè arè kote ti chen w lan ka degoudi janm li, itilize kote moun benyen pou fè egzèsis. Erezman, laplipa kote w ka pran yon poz pou w respire yo ap genyen kèk zòn ki dedye pou satisfaksyon bezwen chen w lan, tankou yon pak pou chyen ki klotire kote w ka kite yo kouri san kanpe.  

Oubyen tou, zòn repo yo ta dwe gen kèk kote ki plen zèb pou w ka pwomennen avèk chyen an san pwoblèm. Pandan planifikasyon an pa bliye teni kont sou kantite tan  siplemantè w ka pase nan zòn sa yo pou w ka ajoute l sou kantite tan w panse fè pandan vwayaj la. Li preferab si w ta chwazi pase anviwon 10 minit konsa oubyen plis nan chak poz yo pandan vwayaj la. 

2| Anbale Tout Sa K Esansyèl. 

L ap esansyèl pou w ta pote tout sa chen w lan ka bezwen pandan vwayaj la. Dènye bagay ou ta swete rankontre se yon ijans kote w pa genyen founiti nesesè yo pou w reyaji rapidman. Alòske gen kèk chen, tankou animal asistans yo, ka akonpanye w nan yon magazen pou obteni founiti siplemantè, tout chen yo pa ka fè l. Si w ap vwayaje sèlman avèk bèt konpayi w lan, li trè limite.  

Ou pa dwe kite chen w lan nan machin nan pou kont li menm si se pou yon ti tan. Anplis, ou ka pakouri plizyè kilomèt avan w rive jwenn yon magazen ki vann sa w bezwen yo. Asireman, w ap bezwen esansyèl, tankou nouriti, dlo ak yon lès. Sepandan, plizyè founiti konn neglije ki konn lakoz kèk pwoblèm enpòtan pandan deplasman w si w twouve w gen bezwen pou yo. Asire w pote tout sa yo pandan vwayaj ou a : 

  • Anpil manje 
  • Karaf ski 
  • Bòl manje ak do 
  • Twous premye swen pou animal konpayi 
  • Gatri pou antrennman 
  • Kolye ak etikèt idantifikasyon 
  • Dokiman bèt ou a ak dosye veterinè w 
  • Sak poubèl 
  • Kabann 
  • Pwodui netwayaj pou aksidan potansyèl yo 
  • Jwèt ak divètisman 
  • Pwodui apezan 

3| Antrene Tèt Ou Avan W Pati. 

Si se premye vwayaj ou nan machin avèk chen w, antrene avan gran jou a rive ! Li tipik pou anpil animal vin anksye, mal alèz oubyen enstab nan kèk sitiyasyon enkoni, tankou kwense nan veyikil k ap fè mouvman pandan yon peryòd ki long. 

Tou dabò mennen w chen w lan fè kèk trajè ki pa twò long nan machin nan kèk andwa ki pasyonan ak agreyab, tankou yon pak pou chen oubyen yon santye randone. Nan fason sa, l ap aprann depi l nan machin nan sa pral mennen l nan kèk bagay ki pozitif, rann animal ou pi konfòtab ak pi detandi pandan yon trajè ki long. Si sèl vwayaj li te avèk ou se kay yon veterinè, yon vire nan machin kabay panik. Ebyen, asire w ou prepare chen w lan pou yon avanti pandan w ap aprann li pwogresivman yon vwayaj nan machin debouche sou yon bagay ki pozitif. 

4 Gade Chyen W Lan Nan Sekirite. 

Sa k pi enpòtan pandan vwayaj la se gade chen an an sekirite. Tankou moun ki bezwen senti sekirite yo, chen w lan tou bezwen yon sekirite siplemantè nan ka ijans. Li egziste plizyè fason pou w asire sekirite chen w lan sou wout la, tankou yon nat dèyè machin nan, kèk sièj ki apwen ki pou ti chen, kèk klip senti sekirite, elt. 

Youn nan mwayen ki pi tradisyonèl pou w gade chyen w lan nan sekirite, se mete l nan yon kès pandan vwayaj la. Si bèt ou an alèz ak abitye avèk kaj li, se pi bon opsyon an sa pou w asire sekirite l. Sepandan, ou pa ta dwe iltilize kaj la si chyen w lan gen yon pase anksye. 

5|Asire W Genyen Tout Enèji Chyen W Lan Avan W Deplase. 

Yon lòt pi bon mwayen pou w prepare w pou yon vwayaj reyisi avèk chen w lan, se bay li sifizamman tan pou l jwe ak fè egzèsis avan w pran wout la. Vizite pak pou chen, mennen yo kouri oubyen jwe avèk yo nan jaden, pou bèt la ka jwenn chans repoze ak dòmi pandan majè pati nan vwayaj la, pou w ka gade l trankil. 

6| Pa JANM Kite Chyen W Lan Pou Kont Li Nan Machin Nan. 

Yon sèl grenn règ ou pa ka vyole lè w ap vwayaje avèk chen w, se pa janm kite l pou kont li nan machin nan. Menm lòske w panse pral kouri al nan depanè a pandan yon 10 minit konsa, pa pran oken risk ditou. Ou pa janm konnen konbyen w tan w ka fè vre. Èske w te konnen tanperati anndan yon machin ka ogmante nan 10 degre nan sèlman 5 minit ? Sitou lè w ap vwayaje nan sezon ete, kite chen w lan anndan machin nan pandan l vewouye ankò, sa depase yon danje. 

7|Planifye Ijans Yo. 

Pa gen moun ki anvi anvizaje fè fas yon ijans pandan yon vwayaj avèk animal prefere l la. Sepandan, pou w pi byen prepare w pou w afwonte sitiyasyon an, ou dwe konsidere kèk posibilite. Youn nan fason yo se chèche ak note ki kote w ka jwenn veterinè pou ijans ki pi pre itinerè vwayaj la. Mete nimewo sa yo nan telefòn ou pou yon kontak rapid si bagay yo ta tounen mal.  

Anplis sa, konnen tout siy ijans medikal yo avèk animal konpayi w lan avan w deplase. Egzanp, familyarize w avèk sentóm kèk maladi ak sitiyasyon sila yo : 

  • Blesi fizik, koupi kòporèl, egratini oubyen grafiyen, antòs ak frakti. 
  • Sezisman 
  • Anpwazònman 
  • Fyèv 
  • Reyaksyon alèjik 
  • Dezidratasyon. 

 
 

SOUS: Chewy.com, Living.greatpetcare.com, Dailypaws.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.