Souple tann...

Aparans Eksteryè se Yon Eleman Enpòtan nan Valè yon Kay

29 jiy

 

Foto: Koutwazi @webbbrennan 

Aparans Eksteryè se Yon Eleman Enpòtan nan Valè yon Kay 

Nan yon fason ki senp "aparans eksteryè" fè referans ak bote kay la pou moun k ap pase nan lari yo. Si deyò yon kay parèt bèl l ap atiran pou zye e l ap inspire konfyans pou yo ta achte li. Yon bon aparans eksteryè pèmèt kay la vann pi rapid e pou plis lajan gras ak efè pozitif li genyen sou achtè yo. (professionalstaging.com). Swivan yon etid konjwen ki te pibliye nan yon jounal ki rele "Journal of real estate finance and economics" inivèsite vil Alabama ak inivèsite Tekzas nan zòn Arlington, kay ki genyen yon bèl aparans eksteryè yo gen tandans pou yo vann 7% pi plis pase kèk lòt kay ki sanble ak yo men ki gen yon aparans eksteryè ki pa twò bèl, jis rive 14 % pi plis sou kèk mache imobilye pi lan avèk yon envantè lojman ki pi enpòtan. ( magazine.realtor) 

Lè w ap panse ak sa ki kreye yon bèl aparans eksteryè, lè deyò kay la frèchman pentire, lè anviwonnman kay la byen jere, lè goutyè yo byen netwaye, bèl limyè aswè, elatriye, konn vini souvan nan tèt ou. Sepandan, ou kapab pa twò konsidere enpak pòt rantre a sou aparans eksteryè kay la. Byen panse fason pòt kay la ap parèt, kit se nan koulè, òneman, pyebwa ak flè ak vèdi, dekò, ekleraj elatriye, gen yon enpak ki enpòtan anpil ou pa t ap janm imajine. 

1- Pentire pòt rantre nan kay ak yon koulè penti akeyan oubyen vibran, oubyen detaye koulè yo nan yon dizay imajinatif ak dekoratif.  

Yon kouch penti espetakilè ka refrechi deyò kay la ak fè l parèt bèl nan zye moun k ap pase yo. Selon "Sue Kim" ki se konseptè nan kesyon koulè kay Valspar, "Tandans aktyèl yo nan kesyon penti montre yon chanjman ki reyèl nan itilizasyon koulè ki pi odasye yo, pi limine yo deyò kay la sitou si w swete vann li". (homesandgardens.com). Koulè a ka menm enspire bon jan. Tankou, yon achitèk ki travay nan andedan kay Tyler Karu dekri koulè jonn kòm yon koulè enspire optimis. (homesandgardens.com). Anplis pentire kay la ak yon koulè ki frapan pou fè kay la parèt bèl e l ap bèl vre, kèk ti detay nan pòt ki imajinatif ak dekoratif ka ajoute plis cham ak bote. Tankou, si pòt kay la gen yon fenèt ladann, ou ka ankadre ak yon bòdi ki festonan ak yon blan ki eklatan. Ou ka ajoute ladann tou materyèl pou yon fize ki inik. 

2- Ajoute kèk plant ak flè. 

Vèdi fè yon espas parèt vivan. Si pentire pòt kay la ak yon koulè ki vibran pa nan gou w, ou ka chwazi pito mete kèk bèl plant ak po flè ki kolore devan pòt pou antre nan kay la pou w ka ajoute kèk koulè ki natirèl. Oubyen ka ankadre pòt kay la ak yon miray ki vivan. Yon miray vivan abondan ka konstitiye yon ajisteman nan eksteryè kay ou a. (homesandgardens.com). Anplis bote a, ajoute yon miray ki vivan prezante anpil avantaj ki pratik, tankou gade kay la fre, amalyore kalite lè k ap rantre nan kay la, redwi nan bwi ak atire bèt (homesandgardens.com). Pou w kreye yon miray vètikal, ou dwe foure vèdi a nan yon estrikti ki byen tache nan yon miray ki deyò kay la ou otopòtan (homesandgardens.com). "Sistèm yo ka soti nan yon bagay ki vrèman senp pase kèk po flè ki akwoche nan miray ki gen fòm vètikal, ale nan kèk pano idwolik modilè ki vrèman sofistike, kote tout sa plant yo ap bezwen nan kesyon dlo ak nitriman yo jwenn yo ak presizyon anba yon siveyans elektwonik". (homesandgardens.com) 

3- Akwoche yon kouwòn 

Yon kouwòn ki elegan se yon aksan ki atreyan ki ka fasilite ajoute sou nenpòt pòt devan yon kay. Ou ka chwazi pote yon touch sezonye ak yon kouwòn w ap ka chanje chak nouvèl fèt oubyen sezon, oubyen w ka chwazi yon lòt ki ka rete san w pa chanje li pandan tout yon ane. Kouwòn ki pote yon anbyans natirèl ak fèy, brendiy, plim, flè, fwi, ak bèl vit elatriye, yo toujou yon bon chwa e yo ka bay yon aspè ki mèvèye ak kreye yon pwen fokis ideyal nan rantre kay la. ( homesandgardens.com). Selon Katie Smyth de Worm, yon estidyo dizay floral kreyatif ki twouve l nan peyi Angletè, moun yo plis atire ak ide dekoratif natirèl ki fèt ak men ( homesandgardens.com). " Pa gen anyen ki pi satisfezan lè w pote mous bitine, kèk flè prentanye ak kèk branch ki toutouni dèyè lakou kay la". ( homesandgardens.com). 

4- Kreye yon simetri 

Si w genyen de pòt nan rantre kay la, ou ka ogmante tou "Yon estil ki valab pou yon doub kouwòn pou w ka genyen yon aparans ki simetrik". (homesandgardens.com). Menm si w pa genyen de pòt nan rantre kay la, ou ka toujou ajoute simetri a pandan w ap ajoute kèk jadinye oubyen kèk bèl po flè ki soti chak kote nan pòt la. Ou plante kèk konifè ki koupe yon fason ki simetrik tankou lorye, sisèt, kèk boul bwat entelijan ak kèk konifè ki gen ponpon, ajoute tou kèk fòm ki djanm k ap parèt klè ak byen bèl devan pòt pou rantre a. ( homesandgardens.com). Selon yon konseptè nan kesyon jaden ki rele Richard Miers "Itilizasyon konifè ki eskilte se yon fason ki elegan ak entanporèl pou w ka bay kèk pwen fokal" (homesandgardens.com). Ou ka kreye tou yon kote vizib ki simetrik pandan w ap mete lantèn chak kote nan pòt rantre a. 

Pou nou fini. 

Fè kay ou an kado yon aparans eksteryè ki elve pa bezwen konplike ni koute w anpil kòb. Sa kòmanse nan detay yo ak nan pòt rantre kay la. 

Sous: 

homesandgardens.com 

magazine.realtor 

professionalstaging.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.