Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
04 okt
Viv nan Karayib la se yon rèv ki vin reyalite, e se yon mòd de vi pou lòt yo. Anbyans nan zile yo, dlo klè, sab blan imakile, mizik ak nouriti se kèk nan bagay sa yo nou renmen zile nou yo. e envesti nan nan pwopriyete kote w ap viv s yon lòt mwayen pou ogmante e devlope rèv ou pou viv sou yon zile. Donk, envèstisman imobilye nan karayib la se on bon lide.
Karayib la se yonn nan mache imobilye ki pi atraktif nan mond lan, ki atire chak ane anpil selebrite ak nouvo rezidan. Sepandan, sila yo ki deja ap viv la gen opòtinite inik pou envèsti. Envèstisman imobilye nan karayib la ka delika, men sa vo lapenn si w konnen sa w ap fè. Alòs, me sa Kayifi pwopoze :
Envèstisman imobilye ka yon sous revni ki soti nan acha oubyen revant kay oubyen lokasyon pwopriyete. Tou depan de efò ke w pare pou fè pou jwenn bon propriyete pou envèstisman an. Me kèk konsèy sou fason ke w dwe kòmanse pwosesis la.
Chwazi yon zile
Paradise ka sitiye sou yonn nan plizyè zile nan karayib la, sa ki rann envèstisman imobilye nan Karayib la yon jan ekrazan. Men lè w kòmanse ak vakans sou plizyè zile, ou ka jwenn tip de pwopriyete w ak objektif pou anplasman l.
Lè w ap chèche yon katye rezidansyèl ki akeyi vizitè etranje, vou dwe anvizaje la Repliblik Dominikèn. E pou yon eksperyans de vi de liks ak yon pwopriyete bò lanmè, Saint Barth, Babad e Zile Tik e kaykòs ka fèt pou wou.Anplis, sitwayènte pa envèstisman ankouraje nan kèk rejyon tankou Grenad, Sent Lisi, l Dominik ak Antigwa e Babouda.
Twouve yon anplasman ideyal
Konnen rejyon ak zile ke w swete envèsti se yon ekselan premye etap. Yon fwa ke w fin redwi sa a kèk zile/anplasman, ou dwe asirew de potansyèl zòn nan genyen pou l devlope. Vakanssye yo ak achtè kay nèf yo pap manke pa monte an flèch lè gen yon lòt aktivite ak yon rezon pou yo ka jwenn rejyon an atreyan. Konsidere sa yo :
Eske w pral konsève ou retounen pwopriyete a ?
Ki objetif pèsonèl ou pou pwopriyete a ? Li preferab pou kite kèk moso devlope. Alòs ke lòt yo ap asire bon jan pwofi depi w fè yon bon acha. Yon kay ka yon gen siyifikatif ak yon pwopriyete ki fenk renove si w te chèche e si rejyon an te atreyan. Menm jan, li ka konsire tankou yon bon byen lokatif. Chwa a nan menw.
Rete nan bidjè w.
Depanse plis pou genyen plis pa toujou vre. Genyen moman kote patoje tou dousman rapòte plis pwofi, san pale ke sa bay yon bon eksperyans apwatisaj pou debitan. Yon fwa ou fin maton nan zafè envèstisman imobilye ou ka kòmanse envèsti anpil lajan. E pa janm bliye pran an kont akont, taks, kantite lajan konstriksyon oubyen renovasyon ak frè antretyen yo.
Planifye a lavans pou envèstisman imobilye nan Karayib la.
Pou tire pwofi de yon envèstisman imobilye nan Karayib la, ou dwe «depeche e tann». Se vre, ou ta gen anvi sote sou aktif yo ki riske pati byen vit. Men, yon fwa ou fin pran desizyon e depoze yon òf, pwoswsis karibeyen an ka yon veritab jwèt kote w ap tann. Anplis, diferans kilirèl yo sou yon zile ak yon lòt ka bay enpresyon ke pwosesis la long. E pafwa pa genn anyen w ka fè pou akselere bagay yo.
Sekirize finansman e rete an kontak ak ajan imobilye w la pou rete an fòm. Sonje ke w sou zile a lè pwosesis la kòmanse . Ale dousman.
E siw bezwen èd pou pwojè envèstisman imobilye w nan Karayib la. Janti anplwaye Kayifi yo ap toujou la pou ede w.
SOUS: Caribbeanbusinessreport.com, Terra Caribbean, 1stdayofsummer.com, Kayifi