Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
19 out
Chak moun genyen mὸd de vi yo ak yon kote prefere pou pase vakans. Gen kèk moun ki apresye avanti trepidant pou skye sou pant montay nan kolorado. Genyen ki renmen istwa abondan Lewὸp. Poutan gen lὸt ki vle dekouvri bote egzotik jeng afrikèn lan. Tandis ke gen yon lὸt gwoup ki vle ale nenpὸt kote ak gwo vag ak rivaj sablone. Nenpὸt jan w renmen avanti, montay, forè tropikal oubyen plaj ansoleye, ou ka achte yon kay nan Karayib la. Men èske w ta dwe achete yon kay nan Karayib la ? Ebyen, se yon sijè ki merite pou eksplore.
Rejyon Karayib la etann li sou plis pase 1 500 maylz (miles) e ase divèsifye. Zile sa yo varye an tèm klima, pri, klima politik e menm lang ke yo pale. San nou pa bliye ke gen plizyè mannyè pou ale nan chak zile, keseswa nan bato, avyon ou menm nan VTT. Tout konsiderasyon sa yo vo lapenn pou apwofondi pou detèmine ki zile ou ta dwe konsidere.
Sipoze ke w ap chèche yon byen imobilye de liks. Nan ka sa ou ka anvizaje zile, Angila,Turks & Caicos, Saint-Barth e kot platin la Babad. E genyen kominote fèmen nan Bahamas e plis ankὸ.
Lojman abὸdab yo anpil tou. Grand Cayman, Roatan, la Jamayik, Potoriko ak Repiblik dominikèn tout genyen yon pri rezonab pou kay ak pwopriyete disponib yo.
Men onètman, le syèl se limit lan sou bèl zile karayib yo, e genyen kèk bagay pou tout sila yo k ap chèche yon vi sou zile yo.
La verite se ke chak zile gen pwὸp fason yo trete tranzaksyon imobilye yo. Zile anglofὸn yo swiv politik nasyon anglofὸn yo. Alὸs ke Antiy fransèz yo swiv pwosedi la Frans. Sa nou dwe note se ke yon ajan imobilye ak yon avoka imoblilye esansyèl nan pwosesis acha nan peyi Karayib yo.
Ajan yo resevwa kesyon sa souvan, Èske gen yon retou sou envèstisman lè m achte yon kay nan zile Karayib la ? Repons la depann de kijan w envèsti. E ankὸ yon fwa, li enpὸtan pou w genyen yon ajan imobilye ak yon avoka ki byen konnen metye yo nan zile Karayib la.
Laplipa moun panse ke tout zile yo nan Karayib la se menm, plaj ak mizik ak yon ekselan kizin. Byen ke yo tout ka genyen tou le twa bagay sa yo, yo genyen ti diferans nan sa ki gen rapὸ ak valè, risk ak acha imobilye yo.
Kèk zile ka jwenn yo sou trajektwa ouragan, tandis ke gen lὸt ke li ra pou entanperi vizite yo. Men vrèman kle a se jwenn yon ekselan ajan imobilye.
Avantaj pou genyen yon kay nan zile Karayib la pote lamayὸl sou koub aprantisaj pwosesis acha a. Donk, si w evalye tout opsyon yo pou yon kay de rèv nan Karayib la, ou pap desi.
Zile yo ofri avantaj sa yo ak plis ankὸ.
Èske n gen enterè pou yon kay nan Karayib la ? Nou panse sa. Lè w kontakte senpatik moun Kayifi, yo k ap mete w an kontak ak yon ajan ak tout konsèy ke w bezwen pou achte yon kay de rèv. Kontakte nou depi jodi a epi prepare w pou dousè lavi ki genyen nan Karayib la.
Sous: Migronis.com, streetdirectory.com, Caribbean-escape.com