Souple tann...

Vwayaje de Zile an Zile nan Karayib la.

22 mas

Vwayaje de Zile an Zile nan Karayib la. 

Gen plis pase 7000 zile nan Karayib la, se fè vwayaje soti nan yon zile pou ale nan yon lòt se youn nan mwayen ki pi eksitan pou kaptire bote rejyon twopikal inik sa. Chak zile yo gen anpil bagay pou ofri, avèk yon laj evantay sou kilti ak kèk peyizaj, kèk plaj ansoleye ak sant vil anime ki gen montay enpozan ak forè twopikal anime. 

Pouswiv lèkti sa pou w eksplore tout posibilite pou w pakouri kèk zile nan Karayib la e aprann kèk trik ak astis pou yon vwayaj san tèt kase. 

7000 zile nan Karayib la ? Kòman w ka demare malgre tout chwa sa yo ? 

Swiv senp apèsi sa pou w lanse pwòp planifikasyon vwayaj ou soti nan yon zile ale nan yon lòt, e byento w ap ka fè malèt ou pou vwayaj ou te toujou reve a ! 

1- Chwazi rejyon an : chwazi dabò kote w ta renmen vizite a. Li ka vas tankou zòn lès, lwès, nò oubyen sid la oubyen espesifik tankou yon chèn zile patikilye, kòm Bahamas oubyen zile Vyèj yo. Asire w fè anpil rechèch pou w deside ki rejyon k ap koresponn pi byen ak vizyon w sou zile Karayib yo. 

2- Chwazi destinasyon kote w vle soti a dabò: apre sa chwazi ki kote w vle kòmanse, li preferab pou w tanmen soti nan sid ale nan nò oubyen soti nan nò ale nan sid. Alò, rezève yon vòl nan direksyon premye destinasyon w epi kòmanse itinerè w pandan w ap egzamine tout sa w kapab fè. 

3- Planifye vwayaj ou : lòske w fin deside ki kote w prale, apre sa, li esansyèl pou w reflechi sou kòman w pral fè pou w ale. Vwa fere, bato kwazyè, chatè prive yo ak vwayaj nan avyon se kèk mwayen ki kouran pou w soti nan yon zile ale nan yon lòt nan Karayib la. Dekouvri sa ki disponib epi chwazi sa k ap pi bon pou ou a. 

4-Kontinye itinerè w : rès planifikasyon w chita sou chwazi destinasyon w yo, ak eksplore kèk aktivite nan chak zòn epi deside sou mwayen vwayaj ou. Apre sa rezève yon vòl pou w retounen depi nan dènye arè w la. 

 

Kòman W Ka Deplase Soti Nan Yon Zile Pou W Ale Nan Yon Lòt  Zile  Nan Karayib La ? 

Youn nan bagay ki pi enpòtan se pral planifikasyon vwayaj ou soti nan yon zile pou ale nan yon lòt. San w pa deside davans, ou riske rankontre kèk pwoblèm nan rezèvasyon an, kèk depans inatandi ak kèk lòt obstak ki pral rann eksperyans ou soti nan yon zile ale nan yo lòt pi konplike pase jan l ta dwe ye. Alò, eksplore kèk opsyon sou vwayaj ki pi kouran anba a pou w ka konprann preferans ou yo. Apre sa, egzamine posibilite yo nan destinasyon w yo e rezève biyè w yo davans si sa posib. 

Travèsye Piblik Yo. 

Vwa fere yo se yon mwayen ekonomik pou w vizite zile yo nan Karayib la. Poutan, li preferab pou w itilize l nan distans ki pi kout yo, tankou ale nan yon zile vwazen, paske yo pi lan pase lòt transpò yo, tankou vòl ak bato kwazyè yo. 

Pa bliye tou, gen kèk destinasyon nan Karayib la ki dispoze kèk sèvis feri ki pi gran, tandiske gen lòt ki pa genyen, se sa k fè rechèch la se yon eleman esansyèl nan planifikasyon eksperyans ou ant zile yo. 

Lwe Yon Yatch Oubyen Yon Bato Prive. 

Si w genyen bon mwayen, frete oubyen lwe yon bato oubyen yon yatch prive se youn nan fason liksye ak pasyonan pou w vwayaje atravè lanmè Karayib la. Se youn nan mwayen deplasman ki koute plis lajan, men tou li amizan e relaksan. 

Bato Kwazyè. 

Vwayaj ant zile yo nan kwazyè atravè Karayib la se yon metòd ki trè repandi. Chita, detann ou epi pwofite kèk divètisman, solèy la, nouriti delisye yo ak kèk aktivite amizan yon bato kwazyè ka pwopoze pandan w ap vwayaje soti nan yon paradi ale nan yon lòt. 

Vòl yo  

Yon lòt fason w ka vwayaje ant zile yo nan Karayib la, se nan avyon. Se yon opsyon ki pa koute gwo lajan, k ap pran nan pwen A mennen w nan pwen B. Gen kèk vòl ki pa menm dire 15 minit. Sepandan, ti avyon yo ak èpòt yo sou zile yo poko nan nivo estanda parapò avèk vòl komèsyal yo nan amerik dinò ak ewop. Nan yon lòt sans, ou dwe gen anpil kouraj pou w chwazi opsyon transpò sila. 

Ekskisyon ant zile yo nan Bahamas. 

Kounya li lè pou w dekouvri posibilite pasyonan sou eksperyans ant zile yo. W ap jwenn anba sa yon egzanp pami anpil opòtinite. Lòske laplipa moun ap imajine pakouri zile yo nan Karayib la, yo imajine Bahamas. Destinasyon amizan e konvivyal sa ideyal pou jèn fanmiy yo, koup yo, moun ki nan retrèt yo ak moun k ap vwayaje sèl yo. Anfèt, gen plis pase 700 zile mayifik ou ka vizite sèlman nan Bahamas. 

Depa pou Naso. 

A mwens 200 miles parapò avèk Miami, nan florid la, nou jwenn Naso kapital Bahamas. Pa bliye vizite zile parade sila, kote fanmiy lan  ka amize li nan yon pak akwatik imans e majik, ki se atlantis. Apre sa, fè yon vwayaj nan selèb Cabbage la epi pase jounen an ap pwofite solèy la. 

Sote Jouk Nan Zile Harbour. 

Zile Harbour twouve li nan sèlman yon trajè vwa fere parapò avèk Naso e li abrite yon fasinan plaj ki rele "Pink sands", kote w ap ka pase pwobableman laplipa tan w. Naje nan dlo yo nan Karayib la ki gen ton jwayal epi pwomennen nan  arebò lanmè woz e ansoleye a. Apre yon moman, dekouvri riyèl kolore yo ki plen avèk kilti tou pre arebò lanmè a, manje nan kèk restoran twopikal epi fè acha nan kèk boutik adorab. 

Pwochen Etap La Se Eleuthera. 

Eleuthera se yon gran zile ki twouve l deyò zile harbour, ki se yon pwochen etap pafè. Se sant mondyal anana kote anana ki pi dous yo kiltive, ebyen pa rate chans sa pou w goute yon bouche nan pi bon anana nan mond la. 

Apre sa, vizite pon fenèt an kristal ki ofri w yon peyizaj enprenab sou oseyan atlantik ajite a ak dlo trankil yo sou rivaj Eleuthera. 

Tèmine Vwayaj Ou Nan Exuma. 

Apre w fin eksplore kèk kote ki pi popilè nan Bahamas, ale nan vwayaj nan direksyon kèk destinasyon ki pi rekile yo. Exuma se yon ekselan kote pou moun k ap chèche avanti ak peyizaj sovaj entak. 365 zile yo abrite yon fòn enkwayab, kèk reken nouris pou rive nan selèb kochon najè yo ! 

SOUS: Celebritycruises.com, Veryhungrynomads.com, Whereintheworldisnina.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.