Souple tann...

Destinasyon vakans nan Jamayik: Ocho Rios

07 jan

Destinasyon vakans nan JamayikOcho Rios 

Destinasyon vakans Ocho Rios . 

Moun yo konnen « Eight Rivers » oubyen Ocho Rios sou non Ochi. Men nenpὸt jan ou rele l, destinasyon touristik populè sa te konnen yon bon kou kwasans pandan dènye ane sa yo. Ak tout èstasyon balneyè klas mondyal sa yo, bèl peyizaj ak opὸtinite pou fè acha, vizitè yo kontan eksperyans nan. Ou ta byen renmen rezève pou pase plis tan. 

Vizite prensipal atraksyon yo. 

Nenpὸt kote ou ye nan vakans, vizitè yo vle konnen ki pi bon kote pou yo jwenn pi plis aktivite. Me yon lis ki genyen pi bon kote nan Ochos Rios, men sonje byen, toujou genyen plezi nan Ocho Rios, nan Jamayik. 

Chit dunn’s River. 

Yonn nan kat rivyè Ocho Rios yo (pa yuit), larivyè Dunn, se yonn nan kote ou pa dwe rate. Chit sa bèl anpil li gen yon longè 600 pye, desant lan rapid epi dlo a klè. Pase yon jounen nan Dunn’s River Falls and Park nan monte chit, splash pad pou timoun epi glise sou tiwolyèn chukka. 

Montay mistik. 

Pou anpil avantirye an plen è, pa rate motany mistik nan Ochos Rios. Ou ka ale sou cheval, tiwolyèn, bobsledding, monte sou chèz pou rive anlè mὸn yo ak anpil lὸt bagay ankὸ. 

Krik Dofen. 

Naje epi jwe ak dofen nan Dolphin Cove, Ocho Rios. Ou pwal santi se tankou w ap wè reken ak rè nan bèl eksperyans sa k ap fè kè tout fanmiy lan kontan. 

Tou ble, Ocho Rios. 

Yon kantite pwen dlo ki bèl anpil ak kaskad jwenn yo byen wo nan montay yo nan forè twopikal lyon ti plis deyὸ Ocho Rios. Yo konnen l tou sou non island Gully Falls ak irie Blue Hole, w ap vizite rejyon sa pi byen si w genyen yon gid pou mache avèw nan santye yo k ap mennen w plizyè kote. Sote soti nan tèt mὸn tonbe nan dlo ble sa yo ki anba, oubyen rete sèlman gade kijan lὸt moun yo ap montre kijan yo bwav pande y ap sote. 

Pak avanti Yaaman. 

Yaaman twouve l sou yon kot mayiffik ak yon bèl vi sou lanmè karayib la ak jaden plant pou dekore. 

Manje nan Ocho Rios. 

Kizin peyi Jamayik kontribye anpil nan fè moun pase bon vakans. Gen kèk nan pla yo ou te ka deja eseye nan lὸt rejyon nan karaib la, men Ocho Rios gen yon ti bagay espesyal yo ajoute sou chak pla yo.  

Pa bliye pou eseye tenb ak go, poul jerk, poul brown stew, ackee ak pwason sale, ke bèf ak fèv, soup ak pwav, poulèt curry ak kabrit, galèt ak woma.  

Selon ekspè Travel Noire yo, pou konnen yon bon moman, pa bliye vizite restoran sa yo. 

  • Scotchie’sJerk Center 
  • Restaurant Mom’s Homestyle
  • Juici Patties 
  • MissT’s Kitchen 

Bagay ki amizan nan Ocho Rios. 

  • OchoRios pa sèlman resevwa bato kwazyè, li reswa tou kago nan pὸ Reynolds. La, nan zὸn s, yo ekspὸte sik, boksit ak kalkè. 
  • OchoRios te yon kote yo te itilize pou te jwe fim Dr. No nan lane 1962 premyw fim James Bond. Di zan apre nan lane 1973 yo te itilize vil la ankὸ nan Live and Let Die. 
  • Pwemyefim  James Cameron, Piranha II: The Spawning, tout sa yo fime nan Mallards Beach-Hyatt Hotel ak Ocho Rios. 
  • MontayMistik te ouvri pὸt Mountain anan lane 2008 ak bonjan eksp[eryans ki soti nan ekip jamayikèn bobs ed la ak Je Olenpik 1988 nan Calgary. 
  • Yonatraksyon ke yo rele Fern Gully twouve l sou 3 maylz kote vwayajè yo ka wè plis pase 540 varyete bèl fougè. 

Tankou nou ka wè sa, tèlman genyen bagay pou fè ak pou renmen nan Ocho Rios. Rejwenn pèp jamayiken an pou li ka montre w sa ke li renmen nan nati a ak laglwa Ocho Rios. 

Sous: en.wikipedia.org, planetware.com, visitJamaica.com, tasteatlas.com, carnival.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.