Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
22 fev
Se yon bagay ki di anpil pou jèn Dominiken yo fè siksè. Anplis de difikilte ki genyen pou yon senp timoun k ap goumen pou eseye entegre, aprann, ak konpwann mond lan, anpil jèn nan Repiblik Dominkèn ap fè fas a yon edikasyon ki pa reponn epi yo pὸv anpil.
Plis pase 40 pousan timoun dominiken pa enstwi, se sèlman 60 pousan ki fini etid primè yo (humanium.org). Anpil fanmiy ankouraje timoun yo kite lekὸl pou al travay pandan preske tout jounen pou soutni fanmiy lan. Anviwon 17 000 timoun ki ap travay pa ale lekὸl ditou. Pousantaj timoun ki pa ale lekὸl la pi wo lakay tigason ak lakay jèn k ap viv andeyὸ. (sos-usa.org).
Anplis de sa, li difisil anpil pou timoun andeyὸ yo ak pitit imigran yo jwenn lekὸl pou resevwa yo (humanium.org). Epi, yo refize anpil timoun antre lekὸl jis paske yo konsidere yo pa gen patri (yo pa gen dokiman).
Kalite edikasyon nan Repiblik Dominikèn lamatab anpil. Peyi a klase pami sa ki pi ba nan mond lan nan zafè kalite ak nivo edikasyon (mnnonline.com). Selon yon etid Inivèsite Dominikèn yo reyalize, menm timoun ki fin fè etid segondè yo apre 12 lane, lè yo antre nan Inivèsite yo pa menm gen nivo lèkti yon timoun sizyèm ane (dw.com).
" Pwofesè yo mal fὸme, pwogram èskolè yo mal adapte a bezwen elèv yo, batiman èskolè yo bezwen bon jan reparasyon e se byen vit » (humanium.org). Lekὸl yo chaje timoun. Elèv yo anpil fwa oblije al repwan nὸt lakay yo paske ansèyman yo pa bon, epi rasyo elèv/enseyan wo anpil. Plis pase 50 pousan anseyan pa gen diplὸm pou anseyan (socialwatch.org), e salè anseyan yo ba anpil.
Anpil pati nan popilasyon an divize an de branch ekstrèm: moun ki rich anpil ak moun ki pὸv anpil. Plis pase 40 pousan popilasyon nan Repiblik Dominikèn ap viv pi ba ke sèy povrete(humanium.org). « Anviwon yon senkyèm nan popilasyon dominikèn an ap viv nan kabàn, anpil nan yo pa gen dlo, pa gen elektrisite, pa gen pwὸpte. Anviwon 20 pousan popilasyon dominikèn gen anpil mal pou viva k mwens pase 2 dola ameriken pa jou» (sos-usa.org).
Ekstrèm povrete nwi a lasante, edikasyon ak travay timoun (humanium.org). Timoun yo ki pi fasil pou viv nan povrete se timoun ki pa gen papa, pitit imigran ak timoun ki ap viv andeyὸ (humanium.org). Nan vil kote ki gen anpil moun yo gen anpil povrete tou, anpil timoun ap viv nan lari san paran.« Plis pase yon milyon timoun nan Repiblik Dominikèn ap viv nan povrete, anviron 578 000 timoun mwens ke 15 lane pa gen paran pou pwan swen yo. anviwon 20 pousan nan yo se ὸfelen » (sos-usa.org). Timoun sa yo ap viv nan lari a, kouri toupatou ap lave vit machin (cronkite.asu.edu).
Gang yo, kriminalite ak vyolans kay timoun yo soti tou nan povrete ki genyen. resous yo ki trè ra ka pouse jèn yo mennen aktivite ki danjere, kote jèn oblije al refijye nan katye ki gen anpil vyolans, kote yo panse gang yo ap akeyi yo epi bay yo yon soutyen sosyal (en.wikipedia.org). Dapre yon ankèt apinyon piblik latinoameriken nan lane 2012,48,6 % katye dominiken yo genyen gang (en.wikipedia.org).
Li difisil anpil pou moun soti nan move sitiyasyon sa yo, anpil povrete ak yon sistèm edikasyon ki pa korèk, men ak bon jan konsèy marye ak bon moun k ap gide yo, li pa enposib. Yo ka anseye moun kijan pou fè siksè. Si w te reyisi pase lekòl, ou gen yon stabilite finansyè, yon bon travay, Kayifi Outreach vle tande pale de wou!
Yon apèl pou tout pwofesyonè ekspè ak entreprenè, rejwenn Kayifi Outreach pou ede jèn nan Repiblik Dominikèn . Ankouraje jèn yo pou gen objektif, travay di epi devlope talan yo ap fè gwo diferans nan lavi yo, avni yo ak prepare yon demen miyò! W ap sèlman voye yon videyo, ak lòt medya ki pataje konsèy ou yo, lide, konesans ak konpetans ou yo. N ap pataje mesaj ou ak sila yo ki gen plis bezwen pou tande l.
Sous:
Klike la a pou plis enfòmasyon..
Sources:
cronkite.asu.edu
dw.com
en.wikipedia.org
humanium.org
mnnonline.com
socialwatch.org
sos-usa.org