Souple tann...

Konsèy Dènye Minit pou Vwayaj yo Nan Karayib la.

05 out

Konsèy Dènye Minit pou Vwayaj yo Nan Karayib la. 

Sezon ete a ap kouri anpil fason sa pa t janm konn fèt deja. Pandan w ap pwoche nan fen sezon ki chaje ak bèl vwayaj sila a ak plezi anba zetwal yo, ou ka byen anvi fè yon vwayaj ankò avan li twò ta. Zile yo nan Karayib la se meyè chwa w te ka fè pou yon vakans san w pa t prepare pou sa. Kite nou gide w ak bon konsèy sa yo pou yon vakans nan dènye minit nan zòn Karayib la. Kit w ap mennen tout fanmiy ou, kit ou chwazi vwayaje pou kò w, zile yo nan Karayib ofri w kèk eksperyans ki enkwayab pou w kreye souvni k ap rete grave nan memwa w, nenpòt kantite tan w ou ta ka dispoze pou w planifye li, alò sa w ap tann ? Prepare valiz epi vwayaje! 

Vwayaje nan dènye minit yo Nan Karayib la, ki valè sa genyen? 

Planifye vakans nan dènye minit yo nan Karayib la vo plis pase fè efò. Dayè, se youn nan pi bon zòn ou ka vwayaje ladann ak yon preyavi ki kout. Antrepriz yo toujou ap ofri kèk avantaj menm nan dènye minit yo pou yo fè pwovizyon nan kèk pòs ki pa gen moun nan yo. Anplis de sa, ak kilti dekontrakte ak fliyid nan majorite zile, ou ka vizite ak yon ti kras planifikasyon pou aktivite yo. Detann ou, goute bon ti van fre zile a ak solèy cho ki bò kot yo. Oubyen fè touris epi admire bèl peyizaj enkwayab oubyen zèv atistik achitèktiral yo. 

6 konsèy pou vakans nan dènye minit yo. 

1- Verifye avan biyè avyon w lan. 

Twouve yon vòl ak yon preyavi ki kout oubyen defèt plan w yo pou yon brit sou kou. Se sa k fè sa dwe premye bagay pou w verifye avan w fè rezèvasyon pou otèl ak kèk lòt rezèvasyon. Jeneralman, biyè avyon yo ap koute w pi chè toutotan w ap apwoche w nan dat vwayaj la. Sepandan ap toujou genyen yon chans ou ka byen twouve yo ofri w anviwon de semèn avan vwayaj ou bezwen fè nan Karayib la. 

Konsèy pwofesyonèl : eksplore vwayaj k ap genyen yo nan mitan semèn yo pito. Nan anpil ka yo konn pa twò chè paske moun plis renmen vwayaje nan wikenn. Egzanp, anvizaje pou w planifye vwayaj ou a swa Mèkredi pou rive Mèkredi oubyen Jedi pou rive Lendi. 

2- Pa konsantre w sou yon sèl destinasyon. 

Rete pasyan epi fleksib se youn nan konsèy sou vakans nan dènye minit yo ki itil anpil ou pa dwe neglije menm. Kote w ta renmen al vizite a ka te deja rezève, vòl, kote w ap desann nan, aktivite w yo, elatriye. Men li toujou saj pou w genyen yon plan B. L ap pi bon toujou, si w pran sa w ka jwenn. Chak zile yo nan Karayib la genyen yon kilti ki rich ak kèk eksperyans remakab yo ka ofri w. Nenpòt kote w rive vwayaje a, si w ap chèche yon eskapad twopikal, asire w w ap toujou jwenn youn kanmenm. 

Konsèy pwofesyonèl : pa bliye w dwe gen pasyans epi w dwe pran tan pou w chèche sa k enterese w yo. Konpare sa y ap ofri w yo, depans yo ak aktivite yo, elatriye. 

3- Fè yon bidjè pou vakans dènye minit la. 

Se pa paske w prale nan yon vakans ak yon preyavi ki pa long, ki vle di li pa nesesè pou w elabore yon bidjè. Pa bliye panse ak depans yo epi asire w ou gen ase lajan pou w eksplore zile tout tan sa posib. Pa gen anyen ki pi lèd pase sa pou w rive yon kote premye fwa w epi w reyalize w pa gen ase lajan pou w vizite zòn sa nòmalman epi fè sa w te anvi fè yo. 

Depi w fin fè rezèvasyon tikè avyon w, kòmanse reflechi kounya sou kòman w ta renmen pase moman an lè w rive. Egzanp, si w ta renmen al vizite kèk boutik tradisyonèl pou w achte nan yo, asire w genyen kòb nan pòch ou pou rekipere kèk souvni presye. An n sipoze w ap vwayaje ak yon lajan ki limite akoz vwayaj brit sou kou w la. Nan ka sa yon bidjè ap vrèman enpòtan pou w pwofite pi bon moman yo sou zile a. 

Men kèk konsèy ankò pou moun k ap vwayaje ak yon bidjè ki limite yo : 

-Manje nan restoran ki pa twò rafine yo. Evite restoran 5 etwal yo epi kite kwizin inik ak irezistib zile a mennen w. Restoran lokal yo ap koute w pi piti kòb, ap toujou ba w chans pou w goute nouriti tradisyonèl yo. 

-Al fè acha yo nan mache pou kò w. Nan fè manje w se youn nan pi bon mwayen kote w ap ka kontwole depans ou pi byen, lè w pa vwayaje ak anpil kòb. Pandan w ap pwofite manje nan restoran lokal yo, w ap tou pwofite ale nan mache w ou menm ou sou zile a. 

-Itilize sèvis transpò piblik yo. 

Anpil destinasyon nan Karayib genyen bis ki disponib pou trajè sa yo, se yon trè bon chwa nan plas lokasyon yon machin oubyen plede pran taksi vire tounen. 

-Evite sant vilejiati yo ak gran otèl yo. 

Gen anpil kay ou ka lwe pou pase vakans ou ak otèl nan lokalite ou ka chwazi. Sant vilejiati ka koute w anpil lajan. Se sa k fè, lè w ap fonksyone ak yon bidjè ki limite, chwazi lwe kay pito oubyen kèk etablisman ki pou moun nan lokalite a. 

4- Anvizaje kèk fòfè ak tout bagay ladann. 

Yon lòt kote, si w pa t gen tan pou w te planifye anyen men w genyen yon bon kantite kòb pou w vwayaje nan dènye minit la, eksplore sa w vote pou w fè yo a ak tout bagay andedan li. Zile yo nan Karayib gen bèl estasyon balneyè ki pwopoze kèk fòfè ak tout bagay ladann. 

Konsèy pwofesyonèl : li pa bagay ki ra pou w jwenn yon kote pou w pase kèk jou nan yon pri redwi nan youn nan enkwayab sant vilejiati, toutotan w ap pwoche w bò dat vwayaj ou a. 

Eske w ta dwe planifye kèk aktivite? 

Sa ka rive, yon estasyon balneyè ki trè bèl se pa bagay ou renmen. Oubyen bidjè w ka pa pèmèt ou sa. Nan ka sa, ou ka mande tèt ou petèt eske li nesesè pou w ta planifye kèk aktivite pou sejou w la. Konsèy vakans nan dènye minit sa depann de ou. Men gen kèk konsèy ki trè senp ki ka mennen w lwen. 

Si w ap vwayaje ak pitit ou, ou ka anvi planifye kèk avanti. Chèche bagay ki pa mande rezèvasyon. Sepandan ou ka gen chans epi w twouve yo ofri kèk pòs nan yon nivo ki wo. 

Konsèy pwofesyonèl : sa ki fòmidab nan Karayib la, ou pa bezwen fè rezèvasyon pou aktivite yo. Gen anpil kote w pou w al pwomennen, ak mize pou w vizite san p ap bezwen depanse yon goud anplis, ni fè yon rezèvasyon byen lontan avan. 

6- Adòpte espontaneyite. 

Sa k nan tèt ou a, se senp, ou vle ale! Voyaje leje epi kite vwayaj nan dènye minit sa gide w. Ale wè sa k enterese w. Si w pèdi tèt ou nan kèk opsyon kote w pa ka fin byen deside w nèt, ou toujou fè kèk rekòmandasyon bò kote moun k ap travay nan otèl kote w desann nan oubyen bò kote moun k ap viv nan lokalite a. 

  

SOUS: Islands.com, Readersdigest.ca, Smartertravel.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.