Souple tann...

Viv pami selebrite yo nan Karayib la.

07 jen

Viv pami selebrite yo nan Karayib la. 

Sa ki renmen ekla tapi wouj la souvan vini nan eskapad pou kont yo nan kay vakans yo. E si n ap chèche yon nouvo kay, nou ta renmen petèt viv senpleman pami selebrite yo nan Karayib la. Kayifi ka ede rèv ou tounen reyalite. 

Poukisa w viv nan karayib?      

Viv nan karayib la gen yon lis distenge avantaj. Non sèlman n ap rankontre moun selèb yo pami nou,men li egziste yon foul ak lòt posiblite zile a bay, ala fwa bèl e an sante. Nou ka bwonze nan klima cho ak briz dous oseyan an nan Karayib la pandan n ap pwofite de bote natirèl. Stil de vi pi lan an ajoute a Kilti fantastik e ak delisye chwa manje yo. Epi abitan zile yo senpatik e akeyan ak tout moun ki rantre nan pati oseyan yo a. Sepandan, si nou vle viv nan zòn ki chaje ak selebrite  mond lan,nou dwe verifye kote yo frekante 

Selebrite nan Karayib la 

Selebrite yo la nan zile yo pou pwofite de tan yo lwen de tout pwojektè. Konsa,depi yo laba, moun ki rete nan karayib la trete yo tankou nenpὸt moun... pou kèk nan yo  antouka. Si nou vle konnen kote yo chwazi pou yo ye , nan bèl zile karayib yo.Men yon lis de kèk nan pwopriyetè aktyèl ak kèk ansyen pwopriyetè tou.  

  1. Oprah Winfrey :Antigua.      
  2. Sandra Bullock :Anguilla          
  3. Jhon Travolta :  Grand Bahama,Bahamas     
  4. Beyonce et Jay-Z : Saint-Barth                              
  5. Jhonny Depp :Little Hall’s Pnd Cay , Bahamas  
  6. Mick Jagger :Mustique   
  7. David Cooperfield: Mush Cay le long des îles Exuma,Bahamas
  8. Ken Follett : Jumba Bay à Antigua.
  9. Steve Martin : Saint Barth
  10. Shakira :Bonds Cay, Bahamas                                          
  11. Ralph Lauren :Jamaïque.            
  12. Eddie Murphy :Rooster Cay,Bahamas                                  
  13. Nicolas Cage :Leaf Island,Bahamas                              
  14. Donna Karan : Îles Turques et Caïques                                       
  15. Sean Connery : Bahamas          
  16. Bill Gates :Bahamas               
  17. Tiger Woods: Bahamas 

San konte Rezidans lan, li tèlman gen zile ke selebrite yo renmen frekante. Dekouvri tout Zile Karayib yo e chwazi sa ki fè w santi w tankou yon selebrite a. E siw ta bezwen èd pou w ka deside,kontakte yon ajan imobilye nan Kayifi.

Kote ki abòdab pou viv nan Karayib la.                                     

Eske l egziste  yon vi abòdab nan zile karayib la? E byen repons lan se wi. Dekouvri Ambergris Caye nan Belize, Roatan nan Honduras, Isla Mujeras nan Mexique, Las Terrenas nan Repiblik Dominikèn, Isla Colon nan Panama elatriye 

Ak Taks ki pa twò wo,pwoksimite plaj la,mache fèm lokal yo ak kay ki gen bèl espas yo,nou ka pwofite vi karayib la san nou pa kraze kanè bank nou. 

Viv pami zetwal yo. 

Pwonmennen nan vil la tankou se yon selebrite sou yonn nan pakèt pwen cho yo. « Les Bahamas » pa sèlman zile pou w chwazi. Sta yo ak milyonè yo chwazi zile tankou Saint -Thomas nan zile vyèj ameriken yo, Jamaïque, Antigua, Anguilla,etc.  Sepandan si vi selebrite yo ak pwojektè se sa nap chèche, gen 2 bagay pou nou gen nan tèt nou lè nap chèche yon vwazen ki selèb.                         

  • Selebriteyovini nan zile pou elwanye yo de tout bri, yo la pou yo repoze, reskipere e rete nòmal nan karayib la.nou dwe rèspèkte  entimite yo.                                           
  • Pwopriyeteòtspòtki pi popilè yo pral koute nou pi chè ke lòt zile yo. 

Li gen anpil zile ak kay pou lwe oubyen achte sou Zile karayib la. Si w ap chèche demenaje  ou si w ap demenaje pou premye fwa dekouvri tout sa karayib la gen pou ofri avan w chwazi yon kote pou w santi w lakay ou. 

Petèt yon lokasyon?                                          

Nan Karayib la, li egziste anpil kote pou pwofite de vakans  pwolonje e lwe yon lojman.  Lè nou chwazi yon kote pou viv pami zetwal yo pou yon tan, gade nan espri nou konsèy sa yo. 

  1. Chakzile nan karayib la gen yon pri diferan. kote ou vle petèt viv eksperyans lan ,peye pou sa ou pou w detann ou. Bòn nouvèl la se ke chwa yo varye sou tout echèl la. 
  2. Chwazi bon zile a ak eksperyans ke w dezire a. Eskew vle gen zye sou mòn yo? Eske nou prefere yon pwopriyete akote lanmè a? E pou manje ak kilti? Petèt eske w vle yon vi noktin, ba ak kazino. Chwa a se pou ou. 
  3. Releyon ajan imobilye spesyalize nan pwopriyete lokativ. 
  4. Sezonwo a tanmen nan septanm pou rive nan Avril, Mwa sa yo ap pi chè, petèt  nou vle eseye sejou nou pandan mwa andeyò sezon sa.      
  5. Nou tarenmengen yon pèsonèl oubyen nap rete sèl? Zile yo ofri 2 tip lokasyon pou plezi nou.    

Avèk anpil konsiderasyon, anboche yon ajan pou ede nou navige nan zile yo se meyè pari nou. E pwofite de tan nou pami selebrite yo nan karayib la. 

Sous: travelchannel.com, caribbeanworld-magazine.com, international living.com, toughnickel.com, tripsavvy.com 


Kontakte nou pou jwenn plis enfòmasyon sou k ap viv nan Karayib la.