Souple tann...

Viv Nan Bahamas

29 mas

Viv Nan Bahamas 

Moun yo dekri lavi nan Bahamas tankou yon lavi ensilè dekontrakte antoure avèk bote natirèl e kiltirèl. Kit ou swete yon kay vakans sou zile sa pou liks anba twopik yo oubyen w se yon travayè a distans k ap chèche yon estil lavi pi senp avèk kèk eksperyans nouvèl e pasyonan, genyen yon kay pou ou nan Bahamas. Men avan priz gran desizyon an, reflechi sou avantaj ak enkonvenyan pou w konnen si se desizyon w lan sa ye. Answit, eksplore pi bon kote yo pou w viv nan peyi Karayibeyen vrèman etonan sila. 

Kèk Avantaj Sou Lavi A Nan Bahamas. 

Gen anpil rezon pou moun chwazi viv nan Bahamas. W ap jwenn anba a kèk pami prensipal kalite paradi sou latè sa ki bay anvi pou moun nan lemond antye fè valiz yo epi demenaje ! 

1|Klima Twopikal La. 

Youn pami kalite ki pi apresye sou zile yo nan Karayib la se klima twopikal la. Laplipa jou pandan ane a, tan an toujou fè cho. Tanperati mwayen an varye nan mitan ane yo soti nan 70 degre Fahrenheit pou rive nan 80 degre. Sezon sèch la, soti Novanm pou rive Avril, pote yon syèl klè e ansoleye ak yon fèb imidite, tandiske sezon imid la se Me pou rive Oktòb, karakterize avèk nivo imidite ki pi elve ak kèk lapli okazyonèl. 

2| Bote Natirèl La. 

Li pa fè oken dout, Bahamas se youn pami kote ki etonan nan mond la. Sanble nan chak kwen lari yo gen yon mèvèy etonan. Kèk rivaj sablone san bout ki gen yon fòn ra, rive nan gwòt anba lanmè fasinan e resif koralyen kolore, pa manke bote nan Bahamas. Me kèk pami zòn natirèl ki pi selèb ou ka vizite lòske w ap viv Bahamas : 

  • Harbour island - dekouvri sab woz poudre ak dlo nan ton jwayal nan Harbour island, nan kote lès la. 
  • Dean's Blue Hole - se yon twou dlo sale ki pi pwofon nan mond la, ki atenn 600 pye anba sifas dlo a e ki antoure avèk falèz. Se yon zòn remakab pou plonjè ki pasyone ak esnòkelè yo. 
  • Pig Beach - youn pami atraksyon natirèl ki pi popilè nan Bahamas se Pig Beach nan Exuma. Li abrite yon koloni kochon sovaj najè touris yo ka vizite pou yo manje epi naje avèk kochon sa yo. 
  • Andros Barrier Reef - eksplore twazyèm pi gran baryè koray nan mond la, 140 mil mèt gwòt anba lanmè, fòmasyon koralyen e yon lavi marin divèsifye. 
  • Parc national Lucayan - imans pak sa nan gran Bahamas selèb gras mangwòv liksziryan li yo, gwòt an kalkè li yo ak vas sistèm gwòt anba lanmè. Se yon kote pafè pou randonè yo, eksploratè yo, pasyone fòn yo, plonjè yo ak plis ankò. 

3| Yon Kilti Dinamik. 

Enflyanse anba istwa afriken an, Karayibeyen ak britanik, viv Bahamas se yon eksperyans kiltirèl inik. Bahameyen amikal, ekstravèti e akeyan anvè kominote ekspatriye yo. Kilti yo an kolore e li plen avèk lavi ! Kèk defile ak kèk festival mizik òganize pou selebre fèt yo ak sezon yo. Mizik la jwe yon wòl majè nan ti moman yo ak sa k siyifikatif yo nan lavi moun, tankou dans ak kèk lòt fòm ekspresyon atizay pèsonèl. 

4| Lang la. 

Yon lòt avantaj lè w ap viv Bahamas se absans baryè lengwistik la. Lang prensipal la nan Bahamas se anglè, sepandan ou pral remake egalman Kreyòl la ak kèk lòt lang moun pale.  

Enkonvenyan Lè W Ap Viv Bahamas. 

Li toutafè vital pou n konprann e konsidere enkonvenyan yo lè w ap viv Bahamas. An nou eksplore enkonvenyan yo lè w ale viv nan paradi twopikal sila. 

1| Pri Lavi A. 

Bahamas gen yon laj evantay sou pri lavi akoz divèsite sou mòd lavi li ofri a. Se sa k fè, gen kèk domèn ki ka parèt pi abòdab pase kèk lòt. Sepandan, pri lavi a jeneralman konsidere kòm elve nan zòn sa akoz plizyè faktè, tankou : 

  • Lojman nan kèk destinasyon touristik popilè 
  • Nesesite pou w pote kèk pwodwi episri ak kèk lòt byen 
  • Dwa ak taks sou enpòtasyon an rann posesyon yon machin trè koute. Lòske w ap etidye pri lavi a nan Bahamas, ou dwe konsidere plizyè eleman, kit se enpak sou eksperyans ou. Sepandan, laplipa pami ekspatriye yo estime pri yo ki wo a vo bote natirèl la, klima ideyal ak estyl lavi dekontrakte a. 

2| Risk Pou Ouragan. 

Malerezman mwa ki gen bon tan yo gen yon pri. Zile ki sitiye anba senti ouragan yo nan atlantik la, sa vin rann ouragan yo preyokipan. Katastwòf natirèl sa yo difisil pou prevwa e kapab trè destriktè. Lòske w ap viv Bahamas, li esansyèl pou w konnen tout prekosyon sekiritè yo e toujou prepare pandan sezon ouragan yo. 

3| Difikilte Pou Twouve Yon Travay. 

Si w anvizaje demenaje nan Bahamas, youn pami gwo defi yo se jwenn yon travay. Gen kèk domèn ki ofri anpil opòtinite e kèk lòt non. Prensipal koz la se paske gouvènman an priyorize rezidan pou redwi to chomaj la. Byenke se yon obstak pou ekspatriye yo, se yon kalite nesesè e itil pou peyi a ak abitan yo, alò asire w kòmanse chèche travay byen bonè. 

Pi Bon Kote Pou Viv Nan Bahamas. 

An nou pale kounya sou kèk pami pi bon kote pou viv nan bèl peyi sa. Li egziste yon laj gàm sou mòd lavi, soti depi nan kou liksye jis rive nan solitid e lavi senp la. 

Zile Gran Bahama. 

Gran Bahama se yon destinasyon popilè oprè kèk touris men ankò pi atraktif pou moun ki swete enstale yo nan Bahamas. Se yon zile mayifik avèk kèk estasyon balneyè mondyalman klase, kèk plaj ansoleye, kèk mangwòv ki regòje zannimo ra ak kèk vas resif koralyen. Rezidan yo apresye yon estil lavi dekontrakte, men zile sa se tou yon kote enkontounab sou kesyon fèt. Gen kèk zòn nan gran Bahama ki abrite kèk rezidans vakans pou selebrite ak kèk milyonè. 

Zile Nouvo Pwovidans. 

Zile nouvo pwovidans abrite Naso, ki se kapital Bahamas. Majè pati nan popilasyon peyi a ap viv sou chaman zile sa ak pi gran kominote ekspatriye yo. Zile nouvo pwovidans tou pre kèk prensipal lopital e kolèj, ki fè l yon kapital santral esansyèl. Toujou gen bagay pou w fè nan zòn sa lannwit tankou lajounen. Pwofite tan cho a ak lari ki chaje kilti pandan lajounen, epi plonje nan lavi nòktin anime a ak restoran chik yo aswè. 

Exumas. 

Exumas se destinasyon inik pou jèn moun ki an koup yo, eksploratè yo, fanmiy yo, ak plis ankò. Genyen yon plaj pou chak jou - 365 pou nou pi klè, kote anpil nan yo pratikman entak. La, w ap jwenn yon atmosfè detandi e womantik ki pral plonje w nan paradi. 

SOUS: Internationalliving.com/, Internations.org, Visaguide.world 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.