Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
08 jiy
Eske w ap chèche kay ou reve pase vakans ladann nan, nan Karayib la pou yon bon bout tan ? Ebyen ak zile yo nan yo Karayib la, ou pa gen anyen w ap regrèt. Sa ka rive se kounya w ap panse sou sa tou.
Bèl dlo, bèl plaj, bèl pye palmis k ap souke akoz bon van k ap vante ak kilti a k ap eksite w, vibre w e di kay pou ou. Anviwὸnman an ak tout sa l deja genyen pou li ofri deja ap tann ou pou w vin vizite zile yo. Anplis de sa, nou pa menm bezwen di w jan w ap jwenn pla tradisyonèl yo an kantite.
Kit w ap chèche yon kote pou w chanje anviwὸnman travay ou, ofri fanmiy ou yon bon moman vakans, oubyen teste plaj nan zòn nan nan kay ou prevwa lwe a, ou pa bezwen pè chwazi pou w vin pase kèk jou k ap dire yon bon bout tan nan Karayib la.
Kisa sa vle di "pase kèk jou k ap dire yon bon bout tan?
Pase yon ti jou ki kout jeneralman vle di "lokasyon pou pase vakans". E se yon sejou ki toujou pi ba pase yon mwa. Pandan se tan, yon sejou ki pi long vle di lwe yon kay pou plis pase yon mwa, li ka de mwa, sis mwa oubyen plis pase sa.
Pouki sa se Karayib la ou ta dwe chwazi pou yon sejou k ap long ?
Deside pase kèk jou k ap dire yon bon bout tan sou zile yo nan Karayib mayifik sa, se sèl grenn okazyon w genyen pou w viv yon lòt pi bèl eksperyans, byen lwen kilti mouvmante ou abitye ladann nan epi ekate de anviwὸnman w twò abitye ak li a. Plonje nan kilti Karayibeyen an ak istwa rich zòn enkwayab sa yo. Zile yo genyen yon eskapad ki pa òdinè ditou, w ap ka pwofite de li pandan w ap kontinye travay ou yo nòmalman. Olye pou w ap afwonte yon pakèt bri nan andwa kote biwo travay ou ye a, w ap jwenn yon anviwὸnman ki cho ak bèl peyizaj eblouyisan. Oubyen w ka ap chèche yon moman vakans k ap dire plizyè mwa, pou ou menm ak fanmiy ou. Pa chèche pi lwen, pwiske w ap jwenn yon bon atmosfè k ap mete w nan mezi pou w rilaks ou sou zile yo nan Karayib la. Eksperyans yo nan Karayib la pa gen limit, manje yo menm se tankou bagay ki soti nan syèl tèlman yo gen bon gou, kèlkeswa zile w ta chwazi pou w al vizite a.
Ou ta renmen moman vwayaj ou a gen anpil plezi ladann, ou ta renmen pase li san laperèz. Si w prevwa pou w vwayaje pou yon bon bout tan sou youn nan zile yo nan Karayib la, swiv kèk konsèy sa yo pou w asire w ou fè yon vwayaj ki reyisi.
1| Fè konesans ak lòt moun, familyarize w ak lòt moun.
Sitou si w poko te janm vizite Karayib la oparavan. Asire w ou fè anpil rechèch pou w byen konprann anviwὸnman an ak kilti a. Pou apre kèk jou pou w pa santi w tankou yon pwason k ap viv nan mitan moun. Se vre w pa konnen tout bagay pandan w al pase kèk jou yon kote pou premye fwa. Sepandan, pran tan pou w byen chèche kote w ta renmen al pase kèk jou yo, ap evite w estrese anpil, evite w pa pèdi nan kilti a tou. Anplis, sa ap pèmèt ou jwenn plis tan pou w pran plezi e detann ou san pwoblèm.
2| Prepare yon bidjè pou sa.
Dènye bagay nou panse w pa ta swete rive w, se gade epi w reyalize kòb ou pa ase pou w kontinye sejou w la nan Karayib la. E se byen fasil pou lajan w fini san w pa menm rann ou kont, lè w pa te deja prepare yon bidjè ki di men kòman w prevwa depase. Dabò, ou dwe kontwole zafè kay ou gen pou w peye chak mwa a. Apre sa, ou ka gen anvi al patisipe nan aktivite pou w rekreye w epi regale w nan bon manje. Chak zile yo ofri w yon eksperyans ki inik ak anpil souvni w ka kreye. Tankou kèk nan bèl avanti w ka pa swete rate, men anpil nan yo limite nan :
-Pwofite benyen nan kèk plaj ansoleye e ki gen anpil sab, mizapa tout sa yo, w ap swete gen lajan sere la pou si w ta genyen yon ijans oubyen w ta vle modifye pwogram ou nan bidjè a.
3| Pwofite jwi lavi w nan yon zile ki tankou yon paradi.
Lwe yon kay pou kèk jou, se pi bon okazyon pou w plonje nan fason abitan yo viv sou zile a wi. Pwofite san gade dèyè, fason moun sou zile a viv nan klima twopikal la, sa ap pèmèt ou detann ou anpil. Se vre, pandan w ap pase sejou a, ou ka ap travay an menm tan oubyen k ap avèti kèk avanti ki ka fè kè w bat yon lòt fason. Men pa janm bliye pou prevwa yon kantite tan nan kalandrye w pou w jwenn tan pou w al mache apye pandan w ap pwofite anviwonnman twopikal la.
4| Chwazi yon kay ki pa twò lwen kote w prevwa vizite yo souvan yo.
Ou pa ta renmen ap plede depanse yon bon kantite nan bidjè w la, nan lwe machin oubyen nan peye taksi vire tounen. Se sa k se yon bon lide sa ye menm wi, pou w chwazi yon kay pou w lwe ki pa twò lwen kèk boutik ak kèk lòt biznis ki esansyèl pou ou. An n sipoze, ou pral travay sou zile a. Nan ka sa chwazi yon kay ki p ap twò lwen kote w pral travay la, pou evite w pèdi ni tan, ni lajan.
5| Chèche konnen kote lopital oubyen klinik ki pi pre w la ka twouve li.
Toujou mete w sou men w pou si w ta genyen yon ijans, evite kèk pwoblèm, chèche konnen kote klinik oubyen lopital ki pre w yo sitiye. Yon sejou k ap long, nenpòt bagay ka rive lè w pa kwè, ou ka malad ou ka blese. Mete w pare, pou w si w ta dwe ale lopital pou w konnen ki wout pou w pran.
6| Asire w kote w ap desann nan gen siyal Wi-Fi ki disponib.
Pifò kote yo w ap jwenn yon wi-fi ki disponib e ki aksesib, men w dwe byen verifye e konfime sa. Nan fason sa, ou p ap rate apèl videyo ki enpòtan yo pou travay ou, w ap gen avantaj entènèt san pwoblèm pou nenpòt lòt bagay ki pèsonèl.
SOUS: Journeywoman.com, Island-villas.com