Souple tann...

Negril, Jamayik : kote ideyal pou ale nan vakans, Pati I

12 jiy

FotoKoutwazi twenty20photos 

NegrilJamayik : kote ideyal pou ale nan vakans, Pati I 

Negril se yon vil balneyè trè dispèse ki trouve l nan ekstrèm lwès la Jamayik. Byenke negril genyen yon long istwa, yo vin byen konnen l nan dezyèm mwatye ventyèm syèk la (en.wikipedia.org). Konnya, ansanm ak Montego Bay e Ocho Rios, Negril se yonn nan pwen touristik cho  ki pi popilè nan Jamayik (beaches.com). Pandan sejou w nan Negril, kèk kote w paka pa kanpe se Seven Mile Beach, Mayfield Falls ak falèz  Negril yo. 

Seven Mile Beach (plaj Negril) 

Plaj Seven Mile nan Negril se yonn nan plaj ki pi selèb nan mond lan. Anime pou kouche solèy spektakilè li yo, sab blan swaye, dlo tikwaz klè ak espri ensilè spontane » plaj Seven-Mile nan Negril te eli plizyè fwa tankou yonn nan meyè nan mond lan (beaches.com). Sa pa gen lontan vwayajè Trip Advisor yo klase l pou dezyèm fwa yonn dèyè lὸt pami 25 meyè plaj nan mond (beaches.com). 

Seven Mile Beach konpoze de Bloody Bay, li gen yon longè twa maylz (km) nan ekstremite nὸ, ak anviwon kat maylz (km) de Long Bay, ki etann li vè le sid e fini nan falèz Negril, jis apre sant vil la. Alὸs ke bwonze nan sab imakile e naje nan dlo kalm ekstraὸdinè sou litoral la, prèske tout spὸ notik imajinab yo disponib pou fè tout moun plezi. Kliyan yo ka pwofite de kayak, sikl akwatik, planch a vwal, Hobie Cats, planch a pagè, plonje an apne, bato bannann, ski notik, genou ak wakeboard" (tripadvisor.com). 

Anplis, bato kristal bay yon vi mayifik sou baryè koray e lavi ki epanouyi anba. Resif yo nan Negril ki pa twὸ fon e ki nan menm dimansyon jis a kote Seven Mile Beach (lonelyplanet.com) ki abrite miniskil mediz, konk, yon varyete ousen e menm gὸgὸn (beaches.com). grap eponj tibilè nèn yo gen yon karakteristik remakab (lonelyplanet.com). Pou gade pi pre, ou ka fè plonje ak touba e menm aprann fè plonje anba lanmè. Gen kou pou debitan ki disponib.

Lè w grangou, ou gen chwa ant plizyè restoran e ba sou tout plaj la, soti nan chaman restoran ki pwopoze yon kizin jamayikèn otantik a pi gran chèn restoran tankou Margaritaville de Jimmy Buffet, oubyen w ka pase yon demi jounen a pwofite de kabann prive o bὸ plaj, yon Tiki Beach Bar ak tranpolin akwatik (beaches.com). 

Plezi a pa fini menm lè solèy la kouche. Lannwit, plaj la ilimine ak mizik rege ak sware anime pa stil jamayiken.  

Chit Mayfield 

A anviwon inè de wout pou rive Negril, ou pase devan pye papay ak plantasyon (planetware.com), ou paka pa ale nan Mayfield Falls lè w nan Jamayik (beaches.com). wout la nan mitan jeng la pou rive nan chit la kawote, men sa fè pati de avanti a (planetware.com). Genyen plis pase 44 pisin mineral e 21 jakouzi natirèl ( pi gran an rele machin a lave) kaskad yo ki alimante pa sous Mayfield Falls bay andwa ki trankil pou detann ou sou jè dlo revigoran (beaches.com, planetware.com). 

Pou ale nan Mayfield Falls, ou ka pran yon taxi oubyen planifye transpὸ depi otèl ou pou rive nan kὸmansman santye a. apati de la ou ka angaje yon gid k ap kondwi w a anviwon vous pouvez prendre un taxi ou planifier le transport de votre hôtel au début du sentier. À partir de là, inè mach pou rive nan chit yo, e w ap jwenn zwazo, papiyon ak plant enteresan sou tout wout la(planetware.com). vizit la ka gen ladan l tou pwomnad sou rivyè, eksplorasyon gwὸt ak vwayaj nan kominote Mayfield (beaches.com). Mayo ben ak tenis dlo endispansab. 

Falèz yo nan Negril 

Drese piwo pase lanmè o sid Seven Mile Beach, pitorèsk falèz kalkè Negril yo monte a 12 mèt de wotè (planetware.com). sote depi nan falèz la tonbe nan lanmè fè adrenalin touris ak abitan negril monte.  Rick's Café, ki trouve l o milye falèz sa yo se yon kote ideyal pou savoure bon repa, admire kouche bèl solèy ak bwavou moun k ap plonje nan dlo. 

A kèk pa de Rick's Café nou jwenn enpresyonan fa Negril la. Li te konstwi nan lane 1894, li ilimine syèl la a 30 mèt pi wo pase nivo lanmè a e se li ki pi wo nan Negril (planetware.com). 

Pou rezime 

Negril etabli yon ekilib konvekan ant ofri yon evantay aktivite e kreye yon anbyan rilaksant. Bote l fè siy a travè lanmè, e sila yo ki te reponnna apèl li rekonesan paske yo te fè l.  

 

Sous:beaches.com 

en.wikipedia.org 

lonelyplanet.com 

planetware.com 

tripadvisor.com 


Kontakte nou pou rezève yon lokasyon vakans