Souple tann...

Ocho Rios: yon magazen bote natirèl

28 jiy

Dunn’s River Falls 

Foto: Koutwazi@TinaFreckles  

Ocho Rios: yon magazen bote natirèl  

Lokalize nan kot Nò peyi Lajamayik, Ocho Rios se yon ansyen ti vilaj kote yo te konn peche ki tounen kounyea kote ki chaje bèl otèl. Avèk bèl bato k ap chaje, arebò lanmè a chaje bèl otèl tou. Ou gen opòtinite pou ka wè bèl mèvèy lanati, paske vilaj sa antoure de forè, bèl larivyè, ak bèl chit dlo. 

Plaj Ocho Rios 

Ocho Rios Bay Beach ke yo konnen tou sou non plaj tòti, se plaj santral Ocho Rios. Li trouve’l paralèl a ri prensipal la e li lonje rive soti nan otèl Moon Palace Lajamayik sou kote lès, pou li rive sou Ocho Rios Ship Pier sou kote Lwès. (youtube.com). Bèl dlo koulè kristal, bèl sab koulè blan avèk bèl lanmè Karayib ou kapab gade fè plaj Ocho Rio a vin popilè pou touris kapab vin vizite. 

Bèl pyebwa ki bay lonbraj, kote ou kapab fè piknik, chanje stasyon, magazen pou achte manje, spò ki fèt nan dlo ak machin ki ekipe ak motè oubyen machin san ekipman motè. Sa vin kreye yon kote ki ideyal pou fanmiy ka vin vwayaje e pase tan, fè fèt oubyen òganize maryaj.(udcja.com). W’ap jwenn chèz plaj ak kote ou kapab mete sa ou genyen an sekirite. Chaje magazen ak restoran ki tou pre a. Anpil moun pwan plezi tou pou yo ap gade bato yo k’ap chaje ak dechaje nan pò a.(vacationidea.com) 

Montay Mistik 

Lokalize nan kè Ocho Rios, Mystic Mountain ofri anpil aktivite ki gen plezi ak opòtinite pou vizite e gade bèl kote. Vizitè yo gen posibilite pou yo vizite bèl forè ki plen ak pyebwa, ak bèl rivyè, epi gen chans admire bèl kote sila. (visitjamaica.com).Mystic Mountain ofri 3 inik e bèl kote pou kapab fè ekskisyon: Sky Explorer, Bobsled Jamaica avèk Canopy Zip Line. 

Sky Explorer se yon chèz ki tache e ki ka leve pou pwan vizitè yo pase sou tèt pyebwa yo, anviron 700 pye pou fè yo rive jis nan somè Mystic Mountain" (visitjamaica.com). Lè w nan zὸn sa, ou genyen yon vi mayifik sou chit larivyè Dunn ki tou pre a ansanm ak mèvèy ki nan kè kanope ak forè twopikal balneyè a (visitjamaica.com). 

Li genyen yon gravite de 1000 m longè  k ap aksyone l a travè forè twopikal la sou treno ki gen anpil teknoliji ki fèt pou sa spesyalman, Bobsled Jamaica se pi gwo atraksyon pak la (visitjamaica.com). aksesib via Sky Explorer, " bobsleigh se yon balad pasyonan a travè peyizaj twopikal ak karakteristik kotyè sou treno ki evoke ekip olenpik Jamayik la (visitjamaica.com).  

Glise soti sou yon platfὸm ale sou yon lὸt pandan yon vὸl a travè kanope likziryant forè twopikal la (visitjamaica.com). Vizit Canopy Zip Line ap fini nan stasyon entèmedyè telesyèj la, kote w fè monte desann (projectexpedition.com).  

Chit larivyè Dunn  

Dunn's River Falls se yon kaskad montay inik ki mezire 180 pye nan wotè ak 600 pye longè ak pisin lagon (google.com). Fenomèn natirèl ki gen renome mondyal sa se trezὸ nasyonal peyi Jamayik. Sa nou pa ta kwè, li rejenere tèt li an pèmanans a pati depo wὸch travèten, rezilta presipitasyon kabonat kalsyὸm  larivyè a, lè l ap koule sou chit yo. ti katarat ki gen fὸm dὸm yo asosye an jeneral a sou tèmanl ki genyen nan gwὸt kalkè yo. Tout sa yo, melanje ak anplasman l ki tou pre lanmè bay Dunn's River yon patikilarite ke se limenm sèl ki konsa nan Karayib la, pou pa di nan mond lan (visitjamaica.com). Baz kaskad la al tonbe dirèk nan lanmè ( yonn nan bagay ki ra anpil nan mond lan) nan Little Dunn's River Beach.  

Yon randone rapid pandan inè edmi ap mennen w nan yon avanti egzaltan a travè yon anviwὸnman likziryan, ak pisin kote w ka naje rive jis o somè" (sandals.com). gwo zèb ki kouwonnen chit la kenbe yon wondè rafrechi ak dlo fre. Eskalad kaskad la li menm tou se yon aktivite touristik popilè e souvan se gid touristik pak la ki ede reyalize l (en.wikipedia.org).  

Monte a ka yon jan difisil e yo souvan monte l tankou yon chèn imèn ki kenbe men ansanm ak yon gid pou rann li pi fasil (en.wikipedia.org). genyen èskalye tout a kote chit la pou sila yo kip a vle mouye oubyen kip a ka jere teren kaskad reyèl la ki gen wὸch e danjere (en.wikipedia.org). 

Ti larivyè pou Dofen 

 A kote chit rivyè Dunn, ou ka naje ak yon fanmiy gwo dofen nan. Ki abrite lὸt espès maren tankou rè, zangi, reken ak zwazo twopikal, genyen 4 ekta forè likziryant ki antoure Dolphin Cove (whatsinport.com).   

Rezime 

Bote bὸ lanmè a, forè twopikal, rivyè ak kaskad nan Ocho Rios , tout sa yo merite pou vizite. 

Sous: 

en.wikipedia.org 

facebook.com 

projectexpedition.com 

sandals.com 

udcja.com 

visitjamaica.com 

whatsinport.com 

youtube.com  


Kontakte nou pou rezève yon lokasyon vakans