Souple tann...

Pwomouvwa yon Jounen Pòt Louvri

16 fev

Pwomouvwa yon Jounen Pòt Louvri  

si w deside vann kay ou, youn nan bagay ou panse petèt se pwomouvwa yon joune pòt louvri. Responsabilite konn souvan chita sou do ajan imobilye w la. Sepandan, gen kèk moun ki konn chwazi vann yon fason endepandan kote yo chwazi aplike yo trè fò nan chak etap pwosesis la. Nan blòg sa, w ap genyen pou w aprann kòman pwomouvwa yon jounen pòt louvri, yon fason ki korèk e avèk siksè. Kontinye li pou efò w ka rekonpanse tan w avèk enèji w. 

Eske jounen pòt louvri yo vo lapèn ? 

Byenke yon gran pati nan mond nou an nimerik, men wè yon kay anfas toujou nan pwofi tranzaksyon an. Se vrè, ap genyen enkonvenyan avèk avantaj, men òganize yon jounen pòt louvri depan prensipalman sou preferans ajan imobilye a oubyen pwopriyetè a. W ap jwenn anba a avantaj ak enkonvenyan yo sou jounen pòt louvri lè w ap vann kay ou a.  

Avantaj jounen pòt louvri genyen lè w òganize l. 

-Plis moun wè kay la. Anpil nan nou k ap chèche achte yo fè rechèch sou entènèt la. Sepandan, gen anpil nan yo ki prefere fè l tankou lontan. Òganize yon jounen pòt louvri pral pèmèt moun ki konn fè rechèch sou entènèt la oubyen ki pa konn fè l menm konnen kay ou a pou vann. Nan yon sans jeneral, yon jounen pòt louvri pral bay kay la plis vizibilite pou l vann, sa ki ede w vann li pi rapid oubyen nan yon pri ki pi wo pase pri w fikse a. 

-Apwòch san presyon. Yon jounen pòt louvri pèmèt achtè potansyèl yo, vizite kay la san presyon. Yon lòt kote, pwojeksyon prive yo souvan rezève pou moun ki anvizaje achte deja. 

-Li ede achtè a nan desizyon l ap pran yo. Gade sèlman kèk foto sou entènèt la pa sifi. Nou tout konnen nan nivo yon foto ka twonpe moun. Òganizasyon yon jounen pòt louvri pèmèt moun yo konfime enterè yo pou kay la selon sa yo te wè sou entènèt la. 

Enkonvenyan nan òganizasyon yon jounen pòt louvri. 

-Tout envite yo poko pare vre pou yo angaje yo. Youn nan enkonvenyan yo nan òganizasyon yon jounen pòt louvri, se paske w riske fè moun ki pa menm enterese achte kay la plezi. Kèk nan envite yo ka asiste jounen pòt louvri a jis pou yo ka genyen yon ide, sou sa yo ka vin vle lè y ap pouswiv rechèch yo pi devan. 

-Vizitè pou kèk move rezon. Paske jounen pòt louvri yo aksesib pou piblik la, li ka atire kèk vizitè pou kèk move rezon. Tankou, ou petèt genyen kèk vwazen ki bezwen divètisman. Alò, yo deside asiste jounen pòt louvri w la pou yo ka soti lakay yo epi okipe tan yo. Men bagay yo ka pi mal pase sa tou. Gen kèk moun ki vizite yon jounen pòt louvri pou yo dekouvri epi planifye kèk krim potansyèl, tankou vole kèk bagay. Asire w tout objè ki gen valè yo anba kle, pou w asire sekirite pwopriyetè kay yo. Pwomouvwa jounen pòt louvri w la, si w vle evennman w lan fè siksè, ou dwe pwomouvwa fason k ap pi bon an. Nan anpil ka, ajan imobilye a pran responsabilite piblisite evennman an. 

 

Men kèk konsèy k ap ka ede w rale plis moun posib nan jounen pòt louvri w la. 

Chwazi yon dat. 

Youn nan pati ki pi vital nan pwomosyon yon jounen pòt louvri se chwazi yon dat ak yon lè aksesib pou achtè potansyèl yo. Ou dwe evite lè nan mitan jounen an pandan semèn nan lè anpil nan moun ap travay oubyen yo pral achte. 

Olye sa, planifye jounen pòt louvri w la nan jou konje oubyen nan wikenn. Nan fen jounen an ak nan kòmansman apre midi se pi bon moman yo pou yon jounen pòt louvri. Nan fason sa, envite p ap bezwen leve nan wikenn nan twò bonè nan kabann yo, men tou evènman an p ap okipe lè ki gen gran ekout pandan jounen an. Ou dwe raple w sa, achtè yo gen plis bagay pou yo fè pase senpleman magazine pou yon nouvo kay. Nan anpil ka, y ap fè efò pou yo vann kay yo abite ladann nan epi okipe yo sou kèk responsabilite abityèl nan lavi a.   Se sa k fè li esansyèl pou w byen reflechi sou lè avèk dat jounen pòt louvri w la byen. 

Bay anpil enfòmasyon sou entènèt la. 

Nan mond la jodi a, w ap genyen pou w konsantre majorite pwomosyon w yo sou entènèt. Pifò k ap chèche yon nouvo kay kòmanse rechèch yo sou entènèt la, patikilyèman yo iltilize kèk sit popilè tankou Zillow oubyen Realator.com. 

Men kèk konsèy avèk ide sou fason w ka bay plis enfòmasyon sou entènèt la pandan w ap tou fè pwomosyon pou yon jounen pòt louvri : 

-Anvizaje pou w kreye yon kont rezo sosyal pou kay la. Ou ka peye yon ti kras lajan pou w voye piblisite pou yon piblik ou chwazi. Si w deja genyen yon kont pou antrepriz imobilye w, se andwa ideyal pou w pibliye kèk enfòmasyon sou jounen pòt louvri w ap òganize a. 

-Kreye yon evènman sou Facebook. 

Sanblab avèk piblikasyon sou rezo sosyal yo, ou ka envite lòt gwoup nan jounen pòt louvri w l. Evènman yo sou Facebook se yon metòd ki laj anpil pou w voye envitasyon epi pwomouvwa tout evènman nan sosyete a jounen jodi a. 

- Pa bliye enskri kay la. Asire w ou enskri kay la sou tout sit popilè yo nan kesyon acha avèk lokasyon kay, tankou Zillow, Trulia ak Realator.com. Apre sa, mansyone jounen pòt louvri a nan seksyon deskripsyon an. 

-Bay enstriksyon ki klè. Youn nan pi gwo erè ou ka rive komèt pandan pwomosyon yon jounen pòt louvri, se la pa lè w pa minisye nan enstriksyon w ap bay yo. Li pa sifi si w mete adrès kote l ap fèt la. Asire w achtè potansyèl yo konnen nan yon fason ki presi kote kay la pandan w ap bay yo plis detay sou kòman y ap jwenn kay la. 

- Rete senp ak presi ! Asire w ou bay yon ti bout deskripsyon men ki akwoche avèk kay la. Ou vle enfòmasyon dou epi senp. Eseye evite chaje achtè yo avèk kèk bagay initil, men mete sa k ap rann kay la inik ak dezirab. 

-Ofri kèk rafrechisman. Moun yo toujou plis anvi ale nan yon jounen pòt louvri lè yo konnen y ap jwenn manje avèk bwason. Non sèlman paske anpil moun renmen griyote, men tou paske yo santi w byen resevwa yo. 

-Pibliye foto ki gen bon kalite. Foto kay la se youn nan pati ki pi krisyal pou evènman an avèk anons ou fè sou entènèt la. Asire w yo se foto pwofesyonèl ki gen trè bon kalite pou espektatè yo ka pran yo serye epi wè potansyèl pwopriyete a. 

Mete pankad nan lakou avèk chak kote kay la.  

Fè kèk travay tou nesesè, sitou si kay la sitiye nan yon katye kote ki gen anpil trafik. W ap jwenn anba sa kèk bagay ak metòd pou yon pankad efikas lè w ap fè pwomosyon pou yon jounen pòt louvri : 

-Mete plizyè pankad nan zòn nan. Pa ezite ilitize anpil siy. Menm lè 10 pou rive 15 siy ka parèt egzajere, li pwouve sa ede anpil nan pwomouvwa yon kay ki pou vann. 

-Mete pankad yo bon kote. Enstale pankad ou yo nan rantre wout ou a nan tout direksyon yo. Si sa otorize, ou ka toujou plase pankad pòt louvri yo nan zòn ki gen anpil trafik, tankou nan sant komèsyal lokal yo oubyen akote kèk lekòl. 

Fè mesaj la pase lè w ap òganize yon jounen pòt louvri. 

Alòske yon gran pati nan enfòmasyon nou yo difize sou entènèt jodi a, bouch avèk zòrèy toujou kontinye fè anpil mèvèy ! Men kòman w ka pwomouvwa yon jounen pòt louvri nan fè mesaj la pase : 

- Pale avèk vwazen w yo. Fè vwazen w yo konnen sa nan moman w al vizite kay yo oubyen depoze yon depliyan devan pòt yo. Menm si yo pa vann kay yo a yon fason ki aktif, yo ka genyen zanmi ou kèk manb nan fanmiy yo k ap chèche yon nouvo kay. 

- Pale avèk moun ou konnen. Mansyone jounen pòt louvri a nan tout gwoup, kominote oubyen klèb ou enplike ladann yo, tankou legliz. 

-Voye kèk mesaj ak kèk tèks. Voye yon SMS oubyen yon e-mail yon sèl kou bay plizyè zanmi w avèk fanmiy ou epi ankouraje yo fè mesaj la pase pou ou ! 

Nan non ekip Blòg Kayifi a nou swete siksè 

 

SOUS: Remindermedia.com, Placester.com, Homelight.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.