Souple tann...

Punta Cana, Repiblik Dominikèn

31 me

Punta Cana, Repiblik Dominikèn

Punta Cana, ki vle di «  bout palmye blan » nan lang panyòl, tounen yonn nan destinasyon touristik ki pi popilè nan Karayib la. E bò plaj yo chaje ak gran palmye ki reprezante sou mayifik fotografi rejyon an. 

Sitiye nan provens ki pi oryantal nan Repiblik Dominikèn nan (DR), vakansye ak abitan yo rive an abondans nan zòn nan pou repo ak detant kote Karayib la rankontre Atlantik la.  Yo konnen l pwensipalman kòm yon stasyon balneyè, Punta Cana fasilman aksesib ak pwòp ayewopò l nan Punta Cana. 

Kontinye li poun konnen pi plis sou mayifik Punta Cana, DR 

 
Istwa Punta Cana             

Kwè nan sa ou non, Punta Cana te  gen anpil kote ki pa t eksplore jis nan lane 1969, le yon gwoup envèstisè te vin dekouvri rejyon an. Ak plaj imakil, dlo azire ak resif koralyen likziryan li yo, yo te wè potansyèl nan envestisman an, yo renome l e yo kòmanse devlopman an. Premye otèl la te konstwi nan 1971 ak sèlman 10 kabin. Epi, nan 1978, Punta Cana te atire atansyon chen vilejyati fransèz Club Med la. La, yo te konstwi premye gran konplèks ak 350 chanm. E nan 1984, ayewopò a te vin louvri e touris la vin komanse enplante tout bon. 

Depi lè sa, plizyè fim konsa te vin tounen e otelri a vin konnen yon kwasans eksponansyèl.    

Kilti Punta Cana            

Nan tout konpatiman l, Repiblik Dominikèn genyen yon pase miltikiltirèl ki revelel a travè gwo enfliyans ewopeyen, afwiken e endyen Taino. Yo se ispanofòn tou ki palae kèk mo anglè tou. Touris yo kapab temwen kilti abitan yo nan vizite restoran lokal, festival ak boutik pwodwi atisanal yo.                                                 

Planifye sejou ou 

Ak pi gran konsantrasyon konplèks otelye nan tout sa ki genyen nan mond la,  genyen anpil chwa pou kote pou sejoune. E pri yo varye pou adapte sa ak tout bidjè yo.  Pou nou nome kèk grenn sèlman, cheche stasyon balneyè sa yo ki kapab konvni a dezi vakans ou yo. 

  • Ocean Blue Sands Golf & Beach Resort
  • Bahia Principe Grand Punta Cana
  • La Grande Réserve auParadisus
  • Secrets CapCanaResort and Spa 
  • ParadisusPalma Real Golf & Spa Resort 
  • BahiaPrincipeLuxury Ambar, Sanctuary Cap 

Pi bon aliman pou konplete eksperyans kilinè ou.                                    

Byenke stasyon yo ofri yon varyete kizin nan lemond antye, aliman otantik pou Punta Cana ak Repiblik dominikèn se chwa « moun ki renmen bon manje yo ». Melanj kilti endijèn Taino, Panyòl ak Afriken kreye yon savè inik DR. Eseye pla planten yo tankou Mangu (yon pire planten) oubyen Tostones (planten fwi de fwa). Savoure sale a ak antre yo tankou Bandera (diri, ariko ak pla vyann), Sancocho (ragou ki genyen 7 vyann) oubyen Pollo Guisado (poul breze). E okenn repa nan Punta Cana pa konple san Arroz Blanco (diri blan) e Ensalada Verde (salad vèt). 

 Pla otantik yo sèvi nan restoran tankou   

  • PicapolloChino 
  • El Rincon delMarisco
  • Comédienne Anny
  • LasLeñas
  • HuracanCafe 
  • Deliciasde Bávaro 

Kisa w ka fè nan Punta Cana  

Dekouvri nouvèl aktivite, nouvo kote ak lòt moun pandan vakans ou sou zile Punta Cana a. Ak yon bagay pou chak manb fanmi an, vakansye yo pral profite yon eksperyans anrichisant nan pakèt aktivite ki genyen nan Punta Cana. 

 Me kèk nan yo ke nou rekòmande 

  1. 32 milsipèb plaj ki genyen sab blan pou vizitè yo bwonze e byen repoze. 
  1. Yokonnen l sou non ’’paradi sou tè’’, zile Saona. Se kote ki pi vizite nan Punta Cana pou plaj yo ki bòde ak zetwal lanmè, jaden koray yo, igwan 2 pye, plaj entak ak forè mangwòv yo. 
  1. Scape Parkseyon pak ak tèm natirèl nan Cap Cana Resort. Depi falèz a 100 mèt de wotè, avantirye yo pral fè tywolyèn, eksplore gwòt yo,  yo anba lanmè ak anpil lòt bagay ankò. 
  1. Jeep Safari ToursakHorseplay Ranch ofwi avanti ak eksplorasyon. Chaje anpil adrenalin nan Zipline Canopy Adventure plen adrenalin. 
  2. Pouyon demi jounen plonje an apne, rejwenn Marinarium nan sou yon bato fon de ve.   . 
  3. Ale aldekouvri gwòt amizan Rancho Capote. 
  4. Rezèveyon sèvis nan six Senses Spa avan ou ale. Spa a dispoze 9 sal pou swen, yon espas pou rilaksasyon, yon paviyon pou yoga, genyen hammams ak saunas, tout sa yo antoure pa oseyan an.                             . 

Genyen anpil bagay pou tout moun fè nan Punta Cana, DR. Vini vin rilakse nou nan atrè zile Punta Cana yo. 

Sous : puntacanatravel.org, likealocalguide.com, wikepedia.com, punta-cana.info


Kontakte nou pou jwenn plis enfòmasyon sou vakans nan Repiblik Dominikèn