Souple tann...

Kèk Lide Sou Maketin Pou Ajan Imobilye Pou Sezon Ete A.

14 out

Kèk Lide Sou Maketin Pou Ajan Imobilye Pou Sezon Ete A. 

Ajan imobilye yo konstate souvan yon ogmantasyon nan vant  pandan sezon estival ansoleye a. Li esansyèl pou w pwofite peryòd sa pandan ane a, ki gen anpil aktivite pandan w ap konsantre w sou pi bon lide sou maketin pou ajan imobilye yo. Erezman, sezon an ofri anpil okazyon pou w mete tèt ou nan valè epi konkli kèk bon zafè. 

Avèk timoun yo ki pral soti lekòl, vakans avèk fanmiy ak kèk lòt evènman, estrateji yon ajan imobilye ta dwe chanje pandan sezon sa. Nan blòg sa, ou pral dekouvri pi bon ide sou maketin pou ajan imobilye yo nan sezon ete a. 

1| Mete Anons Nan Bon Zòn Yo. 

Ki kote tout moun pral ye pandan sezon ete sa ? 

Zòn ki pral plis frekante yo se pisin kominotè yo, teren espò rekreyatif yo, yon plaj lokal, plas ki nan vil yo, festival yo, elt. Se andwa pafè pou w fè mizanplas kèk ansèy pou w anonse antrepriz imobilye w la.  

Nan sans kontrè a, kèk lòt peryòd pandan ane a ka nesesite piblisite nan lekòl yo, biwo yo ak kèk lòt kote. Sepandan, nan sezon ete, w ap vle afiche pano kote anpil moun reyini, tankou nan pisin yo, plas yo ak etablisman evennman sezonye yo. 

2) Òganize Kèk Evènman . 

Akeyi kèk kliyan nan yon jounen pòt louvri estival amizan se yon ekselan mwayen pou w dinamize antrepriz ou. Pwofite bon tan an epi mete valè sou kay yo pandan w ap òganize kèk evènman. Tankou, si yon kay w ap eseye vann gen yon bèl patyo nan lakou dèyè a, anvizaje òganize yon babèkyou pou kilyan w yo pou yo ka wè potansyèl kay la. 

3) Parene Kèk Ekip, Kèk Òganizasyon Ak Kèk Evènman. 

Yon lòt pi bon ide maketin ankò pou sezon ete a, se chwazi yon òganizasyon oubyen yon evènman lokal pou w parene. Patnè a pral afiche piblisite w la kanmenm depi w deside parene li. Senaryo gayan gayan sa tradui gras plis zafè pou ajan imobilye a ak pi bon operasyon pou òganizasyon an. 

Ekip espò rekreyatif yo, kote yo fè kan pou timoun, lansman pou ane eskolè ak rasanbleman kompinotè yo anpil pandan peryòd sa nan ane a. Ebyen, bat pou w saj avèk estrateji maketin ou pandan w ap parene kèk evennman oubyen òganizasyon epi ogmante vizibilite w ak antrepriz ou. 

4| Pwodui Kèk Kontni Sou Tèm Ete A. 

Nan tan sa yo, pifò ajan imobilye gen yon paj wèb, kont medya sosyal, yon blòg oubyen tout sa yo. Angaje piblik ou a pandan w ap kreye kontni sou tèm sezon ete. Tankou, si kay w ap vann yo gen bèl pisin nan lakou dèyè yo ak kèk lòt karakteristik, konsantre w sou eleman favorab sa yo nan sezon ete pou w kominike pi byen avèk kliyan potansyèl ou yo ak moun k ap suiv ou yo. Suiv sezon yo se toujou yon ekselan mwayen pou w konekte w avèk piblik ou pandan w ap maksimize pwen komen yo. 

5| Difize Plis Anons Sou Entènèt La. 

Ou ka peye peryodikman pou kèk piblisite sou rezo sosyal yo oubyen kèk motè rechèch tankou Google. Men, èske w te konnen sa, moun yo pase plis tan sou entènèt la ak sou rezo sosyal yo pandan sezon ete a ? 

Pandan tan poz siplemantè yo, entènot yo pase plis tan sou Wèb la sa ki rann anons ou difize yo gen plis chans pou yo akouche plis rezilta. Anvizaje pou w peye yon ti bagay anplis pou piblisite anliy pandan sezon ete a epi gade rezilta yo. 

6| Rebay Kominote A. 

Kòm jenerasyon an se pi gran gwoup kliyan potansyèl ou genyen, youn nan pi bon lide ankò se enplike w nan kominote a. Jenerasyon sa wè yon valè enpòtan nan antrepriz yo ak moun ki rebay kominote a. Alò, reflechi sou kèk fason w ka aktif nan kominote a epi soutni òganizasyon lokal yo, tankou refij pou sanzabri yo, klèb atizay yo, klèb k ap soutni etidyan yo, elt. Pataje eksperyans ou anliy, kit se sou rezo sosyal yo oubyen sit wèb ou. Kèk aksyon jantiyès ap fè anpil pou antrepriz imobilye w la. Anplis, mete w  pou w soutni ak patisipe  nan kominote a pral raple w poukisa w se yon ajan imobilye, pou kòmanse - pou ede moun ak kèk fanmiy twouve kay ideyal yo a epi travay pou reyalize objèktif pou avni yo. 

7| Resevwa Plis Avi. 

Avèk yon gran pousantaj moun ki pa tèlman gen anpil tan lib pou sezon ete, se moman ideyal pou w raple ansyen kliyan pou yo pataje kèk kòmantè avèk ou, sou eksperyans travay yo avèk ou. Kèlkeswa nan nivo yo swete l la, li difisil anpil pou w twouve tan pou w reflechi ak soumèt kèk avi pandan ane a. Ankouraje kliyan w yo pou yo itilize yon pati nan tan poz yo pou soutni antrepriz la epi kite yon avi. Yon lòt fason w ka resevwa plis avi se lè w ofri yon rekonpans. Òganize yon tanbola pou patisipan yo oubyen ofri yon ti prim pou moun ki pral pran tan pou soutni antrepriz imobilye w la pandan y ap kite yon avi presye. 

SOUS: Localiq.com, Keepitrealsocial.com, Blog.embracehomeloans.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.