Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
21 jen
Foto: Koutwazi @miliman12
Montego Bay, katriyèm pi gwo zòn lavil peyi Lajamayik epitou yon kote anpil touris vizite, ofri yon bon melanj ant detant ak aktivite.Kliyan yo kapab dekouvri mache atizanal lokal anba tonèl Harbor Steeet , manje nan restoran ak bèl disko Gloucester Avenue, oubyen flannen sou larivyè Martha Brae (tripadvisor.com). Anplis, vizitè yo kapab pwofite de bèl plaj , plonje nan fon resif anba lanmè nan epi vizite gwo twou wòch.
Mache kote yo fè Pwodui ak Men Yo
Pou yon eksperyans natif natal Jamayiken, vizite vilaj lakilti Harbour Street la (harbourstreetcraftmarket.com). Li plase nan mitan Montego Bay, Harbour Street Craft Market twouve l toupre restoran ak zòn aktivite vil la (visitjamaica.com). Fè yon ti kanpe pou gade jan yo fè pwodui atizana yo, aprann konnen atis ak atizan yo epi chwazi pyès atizanal inik epi orijinal ak bèl bijou etnik (visitjamaica.com).
Band pou Anch
Avni Gloucester, ke yo rele tou « Hip Strip », se pibon kote pou moun peyi a ak touris pase tan. Li gen plis pase 13 otèl, plis pase 60 boutik ak 35 ba ak restoran. Hip Strip gen aktivite pou tout okazyon. Pozisyon Hip Strip se toupre plaj tout moun frekante yo tankou Doctor's Cave, Cornwall epi plaj Walter Fletcher.
Epi kèk restoran tankou Jimmy Buffett's Margaritaville, Bob Sled Cafe, Groovy Grouper (nan zòn Doctor's Cave Beach), Cuban Cafe, Ice's, Ma Lou's Native, Pelican ak brasri pou site sila yo sèlman. (tripadvisor.com). Prèske tout kote sa yo louvri lajounen.
Margaritaville ofri plizyè aktivite sou dlo nan mitan jounen, gen yon tobogan dlo ki mezire 120 pye, de tranpolin , volebòl sou dlo, chèz long, flotè ak anpil bagay pou distrè epi tou manje ak bweson (travelaroundjamaicatours.com).
Aktivite sou lanmè yo pa fonksyone lannuit, lè l fè nwa se pwogram DJ anba epi gwoup reggae anlè a. (tripadvisor.com).
Aktivite lannuit nan Hip Strip genyen tou Blue Beat Jazz & Martini Bar ki gen animasyon andirèk lèwikenn ak bon mizik ak video lasemenn. (tripadvisor.com).
Anplis desa, Marguerite's ki toupre a fè bon manje bèt ki soti nan lanmè epi anfas lari a w ap jwenn Coral Cliff ki gen anpil anbyans. (tripadvisor.com).
Chaje bagay pou pran plezi nan Strip epi lèw fin fete an aswè, ou kapab achte poulè jerk nan men machann k ap pwonmennen yo lè w sou wout pou tounen nan chanm otèl ou.
Martha Brae
Martha Brae, sèl plezi raftin zile a, twouve li a trant kilomèt de Montego Bay. Lè w la, ou pral monte yon kannòt banbou trant pye, yon kòmandan ki gen eksperyans ap gide w epi ba w eksplikasyon sou larivyè Lefrat la, sou tè ak kilti Lajamayik.
Balad sou lanmè a dire yon inèdtan konsa. Ou kapab swa chita pou w pwofite flannen an oubyen plonje nan dlo a pouw lache kò w. (visitjamaica.com). Pote yon ti kòb anplis pou w achte manje ak bagay pou bwè epi pou w achte kado ak kado souvni.
Plaj gwòt doktè a
Premye plaj Montego Bay se Doctor's Cave Beach, li tou kole ak Hip Strip. Gen yon ansyen plaj ki te prive lontan yo rele Doctor's Cave Beach , kounya li tounen yon plaj piblik. Moun peyi a ak touris yo ka vini yon jou konsa pwofite ti dlo klè byen swa, ti sab fen epi y ap twouve chèz ak parasòl fasil pou lwe. Nan plaj sa w ap tou jwenn ekipman pou plonje anba lanmè disponib pou lwe . Restoran klèb sila a vann bon ti manje koupe dwèt ak bweson, li pwopoze tou saldeben, douch, vestyè elatriye. Wap sèlman bezwen yon ti kras monnen pou antre la, selman 6 dola ameriken pou granmoun epi 3 dola ameriken pou timoun. (jamaicahotelreview.com).
Ou kapab fè yon abònman pou yon lane epi w ap kapab ale nan plaj la, nan sal espò a , sona a, hammam nan epi ou ka jui plizyè lot avantaj ankò. (jamaicahotelreview.com).
Gwòt vèv la
The Widowmaker's Cave tire non sa nan woman James Jones Go to the Widowmaker (divebooker.com), kote pèsonaj la ap fè plonje anba lanmè epi l vin eblouyi akòz resif la tèlman bèl.
Gwo twou wòch la fòme nan yon ti plas toupiti zuit nan miray la epi li gen fòm yon tinèl etwat ak anpil twou ak kavite (divebooker.com). Anpil espès koray mou, gorgonians ak eponj kouvri mi wòch yo nan kote a (divebooker.com). Moun k ap plonje yo ka wè pwason jako, lab kreyòl, tòti, pwason ble, pwason, ak woupi (divebooker.com).
Pou n fini:
Montego Bay ofri yon bann chwa pou kliyan yo , soti nan bèl magazen ki pa vann chè , plezi tèt chaje lannuit, bèl lanmè, rive nan twou wòch anba lanmè
k ap kaptive moun.
Sous:
divebooker.com
harbourstreetcraftmarket.com
jamaicahotelreview.com
travelaroundjamaicatours.com
tripadvisor.com
visitjamaica.com