Souple tann...

Lwe yon kay nan Karayib la

11 okt

Lwe yon kay nan Karayib la

Si w anvizaje lwe yon kay nan Karayib la, felisitasyon. W ap viv san dout yon avanti fantastik e pwofite de yon detant enkwayab. Lokasyon yon kay bay yon lye de rasanbleman pou tout antrepriz vakans e sila yo nou ka rankontre o kou de wout. E lokasyon yon lojman bay lè repa otou yon tab pou reflechi sou lajounen e tout Karayib la ofri a chak manm. 

Konsa,menm siw se yon fanmiy ak jèn timoun ou yon gwoup ak gran moun, lokasyon yon kay ofri w yon espas pou detann ou avan aktivite landemen. Se pou sa nan Kayifi, nou ankouraje w pou w konnen tout bagay sou mache lokatif nan Karayib la avan vwayaj ou. E kòm toujou, ajan imobilye nou yo pare pou ede w. Sèlman rele nou.  

Kòman w ka twouve yon lokasyon nan Karayib la 

Lèw ap chwazi yon andwa pou lwe nan zile karayib la, ou dwe note detay ki sanble esansyèl lè w ap pran desizyon an. Me ki kote w ka kòmanse pwosesis la. 

Chwazi zile w la 

Ou ka jwen lokasyon sou tout zile nan Karayib la, men chak nan yo ofri yon bagay ki diferan. Gen nan yo ki anime pa mizik ak sèn nan ba, tandis ke gen lòt ki ofri yon istwa rich ak elegans. Answit, genyen ki ofri kaskad ak kavèn ki prèske koupe sou ou, genyen ki ofri yon sèn kilinè ki vrèman delisye. Detèmine ki eksperyans kiltirèl ke w ta renmen viv an fanmi w se yon bagay ki esansyèl 

Me kèk pi bon zile pou lokasyon : 

  • Arubachajekay pou lwe, genyen imèb ki wo ak vila. Plaj yo bèl anpil. 
  • Anguillaselèbpou 33 plaj ak sab blan li yo, sebrite ak nouriti yo enkwayab. 
  • LaBabadgens ab woz e blan yon bò ak yon ekselan surf yon lòt bò. 
  • Cancun, Riviera Mayaobòdabe genyen dezyèm baryè koray ki pi long nan mond lan ak bèl plaj. 
  • ZileKayiman se kote yo fè plis  plonje. 
  • Nassau, nanBahamas,li repite pou dlo  pi klè ak 20 zile pou fanmiy yo pran plezi 
  • PotoRikogen yon istwa rich ki akonpanye bèl plaj imakile yo ak aktivite pou fanmiy 
  • SentLisise pou detant ak aktivite pi dous, tankou randone, velo ak vizite fòn nan 
  • St.Matenideyal pou yo eksperyans nan de peyi. Isit la, ou ka dekouvri kilti fransèz ak neyèlandèz. 
  • Zilevyèj amerikèn se bon kote pou debitan ki pa vle elwanye yo de nòm. 

Tankou w konnen sa, chaje ak bagay pou fè nan Karayib la. Se pou sa ou bezwen yon bon lojman adapte a tout moman repo e detant pou fanmiy ou. Konnen sa w vle nan lokasyon an se yon bagay esansyèl. Donk, fè yon lis de bagay ke w pap negosye ak kèk lòt fonksyonalite ke w ta renmen. Pa egzanp : 

  • Adapteafanmiy ak sekirite timoun 
  • Aksèptezannimo 
  • Kantitechanm 
  • Kantitesal de ben 
  • Aksèa entènèt 
  • Bòlanmè 
  • Aksèandikape 
  • Pèsonèldisponib, tankou nounou, chofè ak yon chèf 

Konsiderasyon anplis pou lokasyon  

Konnya w ka konsidere, kèk detay anplispou kòmanse planifye pi bon vakans. 

  1. Ki pimeyèsezon pou ale ? 
  2. Eskew vle ekonomize lajan , oubye depanse, san kontwòl ? 
  3. Eskekonfidansyalite se yon pwoblèm ? 
  4. Eskew pral gen bezwen yon pèsonèl ? 
  5. Eskew vle lwe yon machin oubyen ou vle mache toupatou ? 

Kayifi ka ede w lwen yon kay nan karayib la  

Depi w fin fè rechèch ou, menm siw konnen sa w vle a sa w bezwen nan yon lokasyon e ou redwi  chwa zile a sila yo ki pi adapte a vakans ou kontakte Kayifi. Yonn nan spesyalis nou yo nan lokasyon ka ede w lwe bon ja ekipman pou wou ak antrepriz ke w ap mennen an. Kite eksperyans ak angajman yo travay pou wou nan planifikasyon vakans nan kay ke w reve a. 

SOUS: familyvacationcritic.com, tripsavy.com 


Pare Pou Lwe yon kay? Kontakte nou?