Souple tann...

Vann Kay ou : Avantaj pou Rele yon Ajan Imobilye

20 sep

Foto : Koutwazi wavebreakmedia 

Vann Kay ou : Avantaj pou Rele yon Ajan Imobilye  

Depi w deside franchi kap pou vann kay ou, ou gen yon gran desizyon pou pran : pase pa yon ajan imobilye oubyen pa ou menm ? anpil pwopriyetè estime ke itilize yon ajan imobilye se meyè fason pou obteni maksimὸm pwofi pou kay yo (webuyhousesinconnecticut.com. Anviwon 93 pousan vant kay enplike yon ajan nan yon sèten mezi (fasthomehelp.com). Genyen anpil avantaj pou rele yon ajan imobilye. 

Avantaj pou fè apèl a yon ajan imobilye  

Kontra—Ajan imobilye yo fὸme nan retorik ak jagon jiridik lèt ὸf kontra. Yo konprann ti karaktè yo e yo kapab gide w a travè de dizèn de paj dokiman ke w dwe siyen nan kad pwosesis de vann yon kay. Non sèlman ajan imobilye yo distribye dokiman nesesè bay vandè ak achtè a, men ajan imobilye yo fasilite tou pwosesis siyati a. Lè w fè apèl a yon ajan imobilye, « ou pa gen twὸp tan pou sousye w de erè oubyen omisyon, si yo pwodwi, yon pwofesyonèl nan imobilye ki agreye ap déjà gen yon asirans pou kouvri sa yo, sa k ap limite risk ou yo» (fasthomehelp.com). 

Tan ak enèji— Anboche yo ajan imobilye ap fè w ekonomize tan ak enèji nan plizyè domèn. Premyèman, ou pap gen tèt fè mal nan chèche modèl lèt ὸf kontra pou itilize nan tranzaksyon vant a domisil. Dezyèman, ou p ap bezwen prezan lè vizit a domisil yo.  Lè w gen chans viv lib, san w pa bezwen sispann anplwa di tan w pou anpil projeksyon se yon bagay kip a gen pri. Twazyèman, ou ka apiye sou ajan imobilye w pou dekore kay la, sa kip ra l evite w tan ak efὸ nesesè pou seleksyone eleman pou aranjman, ak ὸganize livrezon yo etc. 

Rezo—Lè w ap prepare kay ou pou vann, pafwa gen reparayson ki nesesè. Olye pou se ou menm k ap chèche pwofesyonèl ki ka fè travay yo, « yon bon ajan ap gen yo rezo kontak pwofesyonèl, ap menm genyen enspektè, avoka, peyizajis, antreprenè ak lὸt ajan ke li ka rele si sa ta va nesesè pou fè kay la antre yon fὸm vandab " (fasthomehelp.com). Ajan imobilye yo genyen yon rezo achtè potansayèl ke yo . 

Ekspètiz—Ane ekspryans yon ajan sou mache lokal la pa gen pri. Ajan imobilye yo konprann tandans mache a, yo konnen kijan pou fikse pri ki apwopriyee ka chèche pi bon kote pou fè piblisite pou kay ou a. fasthomehelp.com).

Negosyasyon—Ajan imobilye w la ap aji tankou entèmedyè ant ou menm ak achtè a. Konsa, ajan w lan ap fasilite pwosesis negosyasyon an. Negosysayon an se tankou yon fὸm da. Ajan imobilye yo gen anpil eksperyans nan pratike A sa ke yon vandè mwayen. Yon bon ajan ap negosye nan non w, sa ki pral maksimize pwofi w yo. Yon ajan nan zὸn ou ap ankouraje achtè potansyèl yo (oubyen ajan yo) a kontoune ὸf " (fasthomehelp.com). Anplis, yon ajan imobilye ka pale ak ajan achtè e fè presyon an non w pandan tout pwosesis vant yon kay. 

Motivasyon— Ajan yo vle vann kay ou a (trinity-homes.com). Yo pap touche toutan yo pa vann li. Se pou sa yo motive pou asire ke anons ou a pi bèl ke posib ak foto ke pwofesyonèl fè. Yon atrè eksteryè ou enteryè epire. Yo vle tou  komèsyalize kay ou a nan fason ki pi efikas e montre tout enterè ki genyen pou ogmante chans yo pou dekwoche vant lan pou wou oubyen pou yo.   

Pou fini 

Vann yon kay kapab yon eksperyans ki èstresan anpil epi emosyonèl. Anboche yon ajan imobilye ap ba w trankilite lespri ke w pap fè vwayaj sa pou kὸw nan vann yon kay. Yon ajan ka diminye nan chaj travay ou, li ka konseye w, ofwi w ekspètiz li ak defann ou pandan pwosesis la.  Genyen yon pwofesyonèl imobilye bὸ kote w ka redwi entimidasyon ke w ta ka santi paske w ap antame yon pwosesis ke w pa gen anpil lide de li. 

Sources: 

fasthomehelp.com 

trinity-homes.com 

webuyhousesinconnecticut.com 


Vle konekte ak yon ajan imobilye? Kontakte nou.