Souple tann...

Sipèb Fotografi Ensilè nan Karayib la.

27 mas

Sipèb Fotografi Ensilè nan Karayib la. 

Karayib la se yon andwa ki enpòtan anpil nan kesyon fotografi, ki atire kèk atis nan tout mond la. Ki sa yon fotograf ta ka mande plis pase kèk bò lanmè imakile, kèk forè liksziryan, yon fón ra ak yon kilti dinamik ? Genyen byen plis pase kouche solèy avèk plaj trankil nan Karayib la. 

Chak zile nan Karayib la posede yon peyizaj varye, yon achitèkti epoustouflan, kèk sit istorik ki rich avèk istwa ak byen plis ankò. Alò, mache avèk tout ekipman foto w lòske w ap vizite pi bèl destinasyon yo pou fotografi ensilè nan lanmè Karayib la. 

Pik jimo yo nan Sentlisi. 

Si w ap chèche yon peyizaj ki pi gran pase nati a pou w kaptire, mete tèt ou dwat nan direksyon Sentlisi. Isi a, gen de vòlkan ki domine forè yo, plaj yo ak vil yo, ki fè tout bagay parèt piti devan yo. Piton yo nan Sentlisi se yon destinasyon enkontounab pou moun ki renmen fotografye zile a. Pi bon ankò, otou kèk somè majèstye genyen yon enòm divèsite bèt sovaj fasinan pou fotografye. 

Bathsheba sovaj ak robis la. 

Fotograf ki aspire pou kaptire mèvèy natirèl mond sa ta dwe kanpe nan vilaj sa ak nan plaj Bathsheba a, nan zile Babad. Fotografye woche eskilte gras lanmè a sou kèk ang estimilan avèk pou twal fon yon mayifik kouche solèy nan Karayib la. 

Kote ès Babad la deja byen rekonèt pou enòm vag ondilan kote sèfè pwofesyonèl yo ka pran anpil plezi. Alò, asire w fè vizit la nan sezon ivè lòske sèf la nan apoje li pou w fotografye sèfè eksperimante ak vag enpozan nan Atlantik la. 

Mèvèye chit dlo nan pak nasyonal Great Etang. 

Pou anpil fotograf ak atis, li plis yon pwosesis pase yon pwodwi final. Pèspektiv sa kòmanse pou fotograf yo k ap pwomennen nan pak nasyonal Great Etang an pou yo ka pran foto ki pi pafè a sou kèk kaskad timiltye. E pou fotograf animalye yo, forè twopikal florisan genyen anpil èspès zwazo twopikal avèk kèk lòt èspès ra ki sovaj. 

Kèk flaman woz ki fasinan nan Awouba. 

Sou yon zile prive 40 ekta nan Awouba, gen anpil anpil flaman woz k ap fè monte desann. Ou dwe fè rezèvasyon epi achte yon tikè pou w ka antoure avèk mayifik zwazo twopikal sa yo. Poutan, sa ap vo  tan ak lajan w depanse a pou moun ki pasyone pou foto ensilè yo. Apre w fin pran anpil foto flaman woz sou zile a, siveye lòt bèt sovaj yo, tankou Bènamit, igwàn yo ak kèk lòt èspès zwazo twopikal. 

St-George's Harbour ki gen batiman chaman ak kolore. 

St George's Carenage se yon pò ki gen yon fòm fè cheval avèk kèk kafe, kèk restoran, kèk bato ak kèk lòt batiman. Sèn sa ki tankou yon liv istwa atire kèk santèn fotograf kalifye. Byen lwen, li gen yon peyizaj chaman sou tout pò a ki paseme avèk estrikti miltikolò. Men byen pre, w ap ka kaptire yon kilti vivan avèk kèk abitan ak kèk touris k ap vizite mache florisan yo, kote yo vann pwodwi atizanal epi degiste manje zile a. 

Massive Beach Boulders nan zile vyèj Britanik yo. 

Virgin Gorda se youn nan zile ki pi gran e ki pi fotojenik nan zile vyèj Britanik yo. Li abrite anpil mèvèy natirèl, youn se yon pwen cho pou fotografi ensilè, "The baths". Kaptire esplandè kèk woche granit masif, kèk basin mare avèk kèk dlo ki gen yon ton jwayal.  

Pandan w nan zòn sa asire w fè yon kanpe nan spring bay, devil's bay ak little trunk pou kèk anviwònman nan yon lòt mond pafè pou fotograf pasyone yo. 

 

SOUS: Kuoni.co.uk, Tropicalsky.co.uk, Newsamericasnow.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.