Souple tann...

Thanksgiving nan Karayib la.

17 nov

Thanksgiving nan Karayib la. 

Alòske anpil moun ap selebre Thanksgiving pandan moman vakans, kote yo reyini kay yon manm nan fanmiy yo nan yon fèt ki gen kodenn griye avèk tat ki fèt ak sitwouy, gen kèk lòt fanmiy k ap chèche yon anbyans ki diferan. Pase yon moman konsa nan Karayib la, asireman ou p ap regrèt. Kontinye lekti a pou w ka dekouvri avèk kisa yon fèt Thanksgiving sanble sou youn nan zile nan zile yo nan lanmè Karayib la. 

Thanksgiving sou yon zile nan Karayib la 

Si w ap chèche yon eskapad twopikal relaksan pandan sezon otòn sa, pa chèche pi lwen pase nan Karayib la. Pase vakans "Thanksgiving" ou padan w ap pwofite solèy la anba palmye enpozan ka sanble yon ide ki pa twò komen. Sepandan, ou p ap regrèt anyen avèk tan cho ak pafè sila, manje yo enkwayab epi kilti Karayibeyen an santre sou fanmiy. Se vrèman yon moman inoubliyab. 

Nan anpil sikonstans, moun renmen vwayaje nan Karayib la pandan vakans ete yo. Moun yo renmen evite sezon ivè glasyal la nan epòk nwèl la, kote yo fè yon vwayaj sou youn nan zile paradizyak yo. Men vwayaje nan Karayib la pandan moman "Aksyon de Gras" yo ouby lan genyen avantaj ladann tou. 

  • Vwayaj yo pa koute chè 
  • Pa gen anpil touris 
  • Kanpe tann avèk kantite tan w ta dwe pase ap tann yo vin pi kout 
  • Tan an vrèman ansoleye 
  • Genyen plis disponibilite nan restoran ki pi popilè yo. 

Eske moun yo nan Karayib la selebre yon fèt Thanksgiving? 

Tradisyon rann gras la rantre nan kilti avèk valè pèp Karayibeyen an. Alò, sa soulve yon kesyon : Eske moun yo selebre "Thanksgiving" nan Karayib la? 

Kèk nan zile yo selebre fèt ameriken klasik sa, tandiske gen lòt ki pa fè l. San sipriz, gen kèk nan zile yo ki pa selebre Thanksgiving men ki genyen kèk moman vakans ki sanble tèt koupe avèk lide sa. Anplis, zile ki patisipe nan tradisyon sila a gen pwòp fason yo ki reflete kilti yo pou yo selebre li. 

Nan zile Sentlisi, abitan yo onore rekòt sezon otòn nan premye Lendi nan mwa Oktòb la. Gen kèk fanmiy ki reyini pou yo manje ansanm, tandiske gen lòt fanmiy ki konsidere vakans la tankou yon wikenn detant ki pa depase twa jou. Grenad genyen tou yon selebrasyon ki sanble anpil avèk aksyon de gras ameriken an. Chak 25 Oktòb, moun yo toujou sonje yon evènman enpòtan nan listwa demokratik yo, lòske rejim demokratik la te vin retabli nan ane 1983. Anpil manm fanmiy toujou ale legliz epi pase yon moman ki agreyab avèk pwòch yo. 

Thanksgiving sou zile Pòtoriko 

Kòm yon teritwa ameriken, Pòtoriko se youn nan zile kote yo pa fasil selebre Thanksgiving ameriken an. Olye yo prepare pire ki fèt avèk pòmtè avèk sòs kànbèj pandan gran festen an, l ap pi fasil pou w wè diri avèk pwa kajan ak bannann fri. 

Yon lòt diferans ki remakab sou kesyon fèt sila nan Karayib la, se absans referans pou pèleren yo avèk amerendyen yo. Olye sa, anpil nan moun konsidere vakans yo tankou kòmansman fèt pou sezon nwèl la. 

Thanksgiving sou zile Vyèj ameriken yo 

Nan zile Vyèj ameriken yo, fanmiy yo selebre fèt sa plizyè fason ki diferan. Restoran yo konn sèvi plizyè pla klasik tankou kodenn avèk yon sòs byen prepare pou sa (fas), tandiske gen lòt ki pwopoze janbon glase avèk wonm avèk bisk woma. Soti 22 pou rive 30 Novanm, inivèsite a akeyi "paradise jam" oubyen paradi lejand yo, ki se yon tounwa baskètbòl. 

Genyen tou yon kous nan bato ki fèt chak ane ki rele Thanksgiving Regatta. Zile sa nan Karayib la selebre tou dezyèm jounen Thanksgiving chak 25 Oktòb, ki gen ti non gate "Siklòn Thanksgiving". Se yon jounen espesyal ki dedye pou rann gras pou yon sezon siklòn san kè sote. 

Anpil lòt kote ankò ki bèl anpil nan Karayib la, nan fèt Thanksgiving 

Pase yon moman fèt Thanksgiving nan Karayib la, se yon bagay ki p ap janm soti nan tèt ou. Paske zile twopikal yo nan Karayib la trè bon pou nenpòt fèt la. Nan ki nivo w ka amelyore eksperyans ou gras bèl peyizaj epoustouflan epi yo, bèl sab bò plaj yo, kèk restoran ki gen renome mondyal avèk kèk avanti ki p ap janm fini ? 

Ou mèt kwè sa, ou pral konstwi kèk pami souvni k ap pi enkwayab nan vi w avèk fanmiy ou. 

Men kèk kote w ou ka pase moman fèt " Thanksgiving " nan Karayib la.  

Ziltik  

Pase kèk moman vakans inoublyab sou zile twopikal Tik. Al plonje nan lanmè avèk Touba oubyen soumaren nan kèk resif koralyen ki pi dinamik e ki pi divesifye nan mond la. Goute yon kòktèl epi plonje dwèt pye w nan plaj ki gen sab koulè blan yo. Planifye kèk avanti palpitan pou w ka fè kèk eksperyans lyezon iltim avèk fanmiy ou. 

Sentlisi 

Sentlisi se youn nan pi bèl zile nan lanmè Karayib la. Pase yon wikenn pandan selebrasyon Thanksgiving, pandan w kouche w ap rilaks ou bò lanmè yo, kote ki genyen anpil aktivite pasyonan k ap òganize anba solèy la, tankou yon vwayaj nan "Sulphur Springs" avèk yon pwomenad bò kote ki gen vòlkan. Se yon pi bon destinasyon pou koup yo k ap chèche yon eskapad womantik. Men tou, li fantastik pou fanmiy avèk timoun nan nenpòt laj la. 

Bahamas 

Zile Bahamas se youn nan kote ki pi popilè pou kesyon vakans familyal. Kisa w ka mande plis, pwiske w ap jwenn moun apran ou "surf", ekitasyon, yon gran pak akwatik avèk manje ki delisye ? San nou pa bliye genyen anpil lòt aktivite ankò ak sant vilyajeti ki abòdab. 

Zile Kayiman 

Pase yon tan ki gen nen nan figi l avèk moun ou renmen sou zile Kayiman pandan moman vakans Thanksgiving. Naje avèk rè ki majestye nan "Stingray city". Konstwi chato avèk sab bò lanmè sablone yo avèk kote ki gade bò dlo yo nan Karayib la ki gen yon ton jwayal avèk anpil lòt bagay ankò 

SOUS: Travel.usnews.com, Caribjournal.com, Magazine.keycaribe.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.