Souple tann...

Kèk Solisyon Lè w ap Vwayaje pandan Thanksgiving

20 nov

Kèk Solisyon w ap Vwayaje pandan Thanksgiving 

Vakans se yon peryòd ki eksitan, men ki ka byen vit parèt akablan. E si w ap vwayaje pandan aksyon de gras w ap genyen plis chans pou w fè fas avèk estrès ak kèk lòt lòt pwoblèm ankò. Pa kite plan w te bati pou vwayaj la gate moman vakans ou. Olye sa, swiv kat konsèy oubyen solisyon sa yo pou yon vwayaj esansyèl nan moman aksyon de gras la pou ka rann vwayaj ou pi leje pou w sipòte. 

1| Byen chwazi mwayen transpò w. 

Mòd transpò ou chwazi a ap chita sou preferans ou. Kit w ap vwayaje nan tren, nan machin oubyen nan avyon, yo chak genyen bon kote avèk move kote yo. Anba a, nou pral diskite sou kèk metòd vwayaj ki pi popilè nan moman vakans yo. 

Lè w pran tren 

Vwayaje nan tren se pa yon mwayen ki twò popilè pou moun vwayaje Etazini. Men se pou sa menm ki fè l vin parèt pi bon mwayen transpò pou peryòd fèt yo. Epi tou, sèlman 2 oubyen 3 % nan vakansye yo ki chwazi mwayen transpò ki pa twò popilè yo tankou bis, bato avèk tren. Sa vle di, si w ap eseye evite èpòt oubyen trafik ensanse nan lari a, kote vwayaj la parèt ankonbran paske anpil moun frekante yo,  sa k ap pi bon pou ou se vwayaje nan tren. 

Kèk konsèy lè w ap vwayaje nan tren, nan moman aksyon de gras 

-Toujou verifye sa y ap ofri w avèk sa y ap remèt ou, si w gen yon kat AAA l ap rive redwi anpil fwa pri biyè w la. 

-Bat pou w rive 30 minit avan lè deplasman an, pou asire w ou chita yon kote w santi w alèz. 

-Abiye w byen nòmal paske w pral fè yon wout ki long. Pote rad ki long oubyen ki ka detire avèk soulye ki konfòtab, epi pote yon dra pou w kouvri oubyen yon zorye si w swete sa. 

-Pa bliye pwofite jwi balad la, chita byen, detann ou epi admire bèl peyizaj panoramik la nan fenèt tren an. 

Si w vwayaje nan machin 

Si w ap vwayaje nan machin, kelkeswa distans la, pare w pou w vwayaje nan maten byen bonè. Kote li pwobab pou w pa jwenn twòp blokis. Paske anpil fanmiy vwayaje nan machin nan moman selebrasyon aksyon de gras, tankou yo fè l nan moman vakans yo. Youn nan pi bon bagay ou ka fè si w ap vwayaje nan machin se santi w twò prepare pou vwayaj la. Kreye yon lis mizik k ap ka akonpanye pandan tout moman vwayaj la, pa bliye pote bagay pou w bwè tou. 

Kèk konsèy lè w ap vwayaje nan machin pou moman aksyon de gras. 

-Bat pou w sou wout la bò 4 è PM yo konsa sitou jou fèt la menm. Pi bon moman pou w vwayaje se byen bonè nan maten, bò 6è yo konsa oubyen byen ta nan aswè. 

-Pote anpil dlo avèk lòt bwason. Denyè bagay ou ka pa anvi fè se kanpe nan wout, pou w al achte manje avèk bwason nan mitan anbouteyaj. 

-Byen dòmi nan aswè avan w al kondwi. Gen kèk moun ki di yon chofè k ap dòmi sou volan danjere menm jan avèk yon chofè ki anba alkòl oubyen dwòg. 

-Koute mizik ki ka kenbe w an aktivite, koute yon pòdkas oubyen yon liv odyo ki kaptivan. Paske li esansyèl pou w rete vijilan lè w ap fè yon trajè ki long anpil. 

-Panse mennen yon moun pou akonpanye w sou wout la. Nan fason w ap ka chanje kondiktè pandan vwayaj la. 

Si w ap vwayaje nan avyon 

Anpil fwa, vwayaje nan avyon konn pi bon sitou lè w ap fè yon vwayaj long distans. Sepandan, èpòt yo ka parèt akablan epi estresan. Evite gache lespri vakans ou pandan w ap prepare byen detanzantan pou w vwayaje. Anplis, si w ap chèche vwayaj ki koute pi ba pri a pandan moman aksyon de gras la, ou ka anvizaje pou w vwayaje jou fèt la menm. Vwayaj yo pi abòdab lè pa genyen anpil demand. Anpil prepfere pa vwayaje pandan moman vakans yo epi rezève vwayaj yo pou jou ki avan oubyen apre yo. 

Kèk konsèy si w ap vwayaje nan avyon 

-Si l posib, pa anrejistre valiz w ap pote yo. Gen tout chans pou valiz ou pèdi. E menm lè yo ta jwenn yo, sa pral pran kèk jou avan yo rive jwenn ou. 

-Peye yon ti kòb anplis pou w ka jwenn yon bon plas avèk trankilite nan lespri w. Si w se yon vwayajè anksye, w ap gen pou w remèsye tèt ou pou sa. 

-Rive èpòt la bonè pou w gentan anrejistre, pase sekirite yo epi twouve yon pòt pou w anbake. 

-Eseye mande yon zanmi oubyen yon manm nan fanmiy ou pou l vin depoze w epi vin chèche w. Nan sans sa w p ap bezwen lajan anplis pou w lwe machin, oubè, trajè nan taksi oubyen estasyone machin ou nan èpòt la. 

2| Kòmanse bonè 

Nenpòt fason w chwazi pou w vwayaje a, bat pou w kòmanse prepare w bonè. Pito w kanpe ap tann nan estasyon an oubyen nan èpòt la olye se kouri w ap kouri pou w pa rate yon vwayaj. Anplis, pa gen oken mwayen ki pa pèmèt nou di avèk tout presizyon sa mande, kòman lari a, wout ayeryen yo oubyen estasyon an ap ye. Nan ka sa l ap enpòtan pou fè pridans olye w al dezole. Kòmanse bonè ap pèmèt jwenn plis tan pou w prepare epi redwi nivo anksyete w ak kèk lòt pwoblèm ankò. 

3| Ou dwe pare 

Kit w ap vwayaje pou kò w oubyen nan machin ki pral plen timoun ladann, ou dwe pare. Pou kòmanse, se yon bon lide pou w pote anpil kolasyon ak lòt bwason. Men sa k pi enpòtan an, se pote anpil dlo pou reyidrate w e santi w byen. Anplis si w ap vwayaje avèk timoun pa bliye kèk aktivite k ap ka fè kè yo kontan e gade yo okipe tou. Li ka yon aypad, yon liv prefere, kèk paj pou yo kolorye, oubyen lòt aktivite timoun ou yo renmen fè. Si w ap vwayaje pou kò w pa bliye pote yon woman, yon magazin oubyen yon bagay ki similè. Byenke w ka chwazi distrè sou medya sosyal yo, men li pa t janm yon bon ide. Plede konsome sa k ap pase sou rezo sosyal yo ka ogmante anksyete moun, se sa k fè l pa yon desizyon entelijan lè w ap vwayaje. 

4| Kenbe yon atitid ki pozitif 

Pa bliye pou w jantiy epi optimis nan moman vwayaj ou yo. Se petèt youn nan desizyon tanporè pandan moman vwayaj ki sibi plis kritik sitou nan moman selebrasyon aksyon de gras la. Non sèlman, l ap benefik pou ou, men l ap rann moman vwayaj yo pi fasil e pi agreyab pou moun ki antoure w yo. Swete ajan ki abò a avèk lòt moun ki konpoze kò pèsonèl la, yon bòn fèt remèsiman pou Bondye avèk yon souri chalere e klere. Sezon fèt yo diferan pou tout moun, ou pa konnen ki jan yo ka santi yo. Sa vle di li preferab si w rete optimis e leje 

SOUS: Elitedaily.com, Johnnyjet.com, Thetravel.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.