Souple tann...

Pi Bon Lide Ak Konsèy Yo Pou Babymoon.

03 avr

Pi Bon Lide Ak Konsèy Yo Pou Babymoon. 

Gen plizyè fason pou selebre e prepare arive yon nouvo bebe, depi nan baby showers ke kèk pwòch òganize jis nan enskripsyon pou kèk kou edikatif. Men èske w deja eksplore lide Babymoon yo? 

Lòske w ap tann yon nouvo bebe, anpil emosyon, panse, perèz e kèk dezi ap travèse lespri w. Pafwa, yon poz sou sa w abitye fè chak jou avan lavi w chanje, se yon bon mwayen pou w debarase tèt ou e prepare pou avanti k ap tann ou an. 

Alò, an n dekouvri ki sa yon Babymoon ye, kòman planifye l e tout posibilite enkwayab k ap tann nou. 

Sa yon Babymoon ye? 

Yon Babymoon sanble avèk yon lindemyèl. Pandan yon lindemyèl, yon koup jèn marye ap selebre maryaj yo yon kote. Pandan yon Babymoon, fiti paran yo akeyi nouvo chapit lavi sa nan kèk moman vakans avan bebe a rive. Dèke nouvone a akeyi nan mond sa, pa tèlman gen tan ak enèji ki rete ankò pou yon vwayaj trankil. Anpil bagay vini, tankou ale kay medsen, etablisman yon woutin e franchisman kèk etap enpòtan vin priyoritè, e poz yo vin ra. Gen kèk moun kouraje ki vwayaje san pwoblèm avèk bebe yo, tandiske gen lòt ki tann anpil tan avan pwochen vakans yo. Se sa k fè Babymoon se yon ekselan mwayen pou selebre peryòd presye e pasyonan sa nan lavi. 

Nan yon lòt sans, long mwa ki presede nesans bebe w la se tankou montay ris, e yon Babymoon se esansyèlman selebrasyon final avan akouchman an. 

Kèk Konsèy Planifikasyon Sou Babymoon. 

Kit ou t ap tann premye bebe w oubyen senkyèm nan, planifye jidisyezman Babymoon ou esansyèl. Gwosès nan lavi chak jou petèt se yon defi, li toutafè krisyal pou w prepare w pou eskapad pasyonan sa avan nesans yon nouvo manm nan fanmiy lan. 

Sa Yo Se Pi Bon Konsèy Yo Pou Koup K Ap Planifye Babymoon : 

Minitaj La Primòdyal : 

Byenke li posib pou w fè yon vwayaj pandan twazyèm trimès gwosès la, laplipa jije li preferab lè w pase yon Babymoon avan finisman premye pakou gwosès ou. Apre tou, ou vle w santi w byen nan po e pwofite vakans ou plènman.  

Pou anpil fanm, dezyèm trimès la se moman kote yo santi yo pi byen, apre gwo vomisman chak maten yo nan premye trimès la e avan koubati ak doulè twazyèm trimès la. Sepandan, chak moun viv gwosès yo yon fason ki inik. Si se premye gwosès ou, ou fè tout sa k depann sou ou e rezève yon vwayaj nan mitan pwosesis la. Sinon, itilize eksperyans anteryè w pou w chwazi pi byen dat la. 

Chwazi Kèk Aktivite Pratik. 

Lòske w ap eksplore lide w yo ak destinasyon w yo pou Babymoon ou an, pa bliye sa w ka fè oubyen w renmen fè yo, ka pa menm bagay avèk lè w poko te ansent. Dezòmè, pote yon timoun pa vle di w pa ka amize w pandan moman vakans ou. Sepandan, ou pa dwe neglije kèk prekosyon ak limitasyon sekiritè. 

Kèk Aktivite W Ka Ajoute Nan Itinerè W Pou Babymoon : 

  • Dine nan kèk restoran lokal 
  • Mache sou plaj 
  • Swiv kèk kou yoga, kwizin ak atizana 
  • Fè randone sou kèk santye sekiritè 
  • Ale fè dòlote w nan espa 
  • Natasyon 
  • Asiste kèk espektak teyat nan lokalite a 
  • Vizite kèk mize atizay ak kèk galri 

Pwograme Tan Pou W Detann Ou. 

Youn nan bagay ki pi enpòtan pou w retni pandan peryòd Babymoon nan se detann ou. Fè yon dènye vwayaj avan lavi w chanje ka eksitan, men w pa dwe kite sa anpòte w. Paske sante w ak bebe a dwe pase avan tout bagay e repo a jwe yon wòl non neglijab. 

Donk asire w prevwa detant e repo nan pwojè w yo pou Babymoon. Konsa w ap rete an sante pandan w ap pwofite plènman vwayaj ou san w pa santi w deranje. 

Anbale Tout Eleman Esansyèl Yo. 

Fè malèt ou pou yon Babymoon similè avèk fè valiz pou nenpòt lòt tip vwayaj la. Sepandan, gen kèk eleman w dwe pote, pou w garanti w yon pi bon vwayaj posib: 

Kèk rad ak kèk soulye konfòtab, medikaman ak vitamin, dosye medikal yo, anpil kolasyon sèn, kèk lòt zouti ak èd pou gwosès. 

Lokalize Etablisman Medikal Ki Pre Yo. 

Nan ka ijans, w ap vle konnen kote swen an ijans yo oubyen lopital ki pi pre a ye, avan w rive nan destinasyon w pou Babymoon nan. Dènye bagay ou te ka espere pandan yon vakans repozan, se kèk konplikasyon medikal, san konte panik ak estrès pou w jere byen rapid. 

Pale Sou Sa Avèk Medsen W. 

Sitou si w te konnen kèk konplikasyon pandan gwosès la oubyen nan gwosès ki te pase yo, li saj si w diskite sou vwayaj la avèk medsen w. Li ka genyen kèk konsèy, preyokipasyon oubyen kèk rekòmandasyon konsènan lide w genyen sou Babymoon k ap ka ede w nan dewoulman yo e pèmèt ou pwofite totalman eskapad ou. 

Lide Ak Destinasyon Pou Yon Babymoon. 

Chak fiti koup genyen yon objèktif diferan lè y ap òganize yon Babymoon. Kèk nan yo vle detann yo e resouse yo avan lavi parantalite san kanpe a, tandiske gen lòt ki vle selebre chapit pasyonan k ap tann yo a. Ki bon kote w pou fè fèt si se pa nan yon paradi twopikal ? 

Kit w ap chèche avanti oubyen trankilite, ide yo e destinasyon Babymoon yo nan Karayib la san bout. 

Kòmanse eksplore entansyon w avèk Babymoon ou a, apre sa chwazi yon vwayaj ki koresponn ak vizyon inik nan dènye vakans ou avan w akeyi ti bebe w la. 

Evazyon Relaksan. 

Si w vle Babymoon ou an se iltim retrèt detant ou ak repo w, anvizaje  pou vwayaje nan kèk rejyon ki pa twò touristik, ki gen gran espas, bote natirèl e aktivite dekontrakte. Yon vwayaj sou yon zile twopikal nan Karayib la oubyen nan yon chalè trankil nan mòn se yon ekselan chwa pou moun k ap chèche lapè ak trankilite. 

Rechaje nan Antigwa. 

Si plaj se yon espas pezib pou ou, zile Karayibeyen Antigwa se youn nan pi bon lide Babymoon. Anfèt, li genyen 365 plaj, youn pou chak jou pandan ane a. Zile sa gen anpil konplèks otelye liksye ki gen tout bagay nan yo, kote tout sa w gen pou w fè se amize w pandan tout rès afè w prizanchaj. 

Amizman e Avanti. 

W ap tann sa petèt, men sans Avanti w toujou vif. Si sa sanble w, yon destinasyon pi eksitan e pi aktif kapab pi bon lide pou Babymoon ou. Avèk kèk repo previ nan mitan aktivite yo, w ap ka fè kèk plonje avèk touba pami resif koralyen yo, rankontre fòn nan, eksplore kèk estrikti istorik e byen plis ankò. 

Fè fèt nan Bahamas. 

Bahamas se yon andwa mayifik pou Babymoon. Naje anlè tèt koray yo ak lavi maren fasinan an nan twazyèm pi gran baryè koray nan mond la, oubyen admire rich istwa zile a sou youn pami plizyè sit istorik li yo. 

Pi Bon Pami De Mond Yo. 

Petèt ou ka pataje ant yon selebrasyon amizan e pasyonan gras bebe w la ki nan wout ak yon anvi pou w pwofite lapè e repo avan lavi byen ranpli k ap tann yon paran. Nan ka sa rezève yon vwayaj nan yon destinasyon ki ofre pi bon kote pami de mond sa yo. 

Si gen kèk rejyon la ki ideyal pou youn oubyen yon lòt, zile yo nan Karayib la repite pou divèsite nan aktivite yo ofri avèk eksperyans yo. Kèk matine trankil sou rivaj pou rive nan defile anime e palpitan, gen yon ti kras nan chak bagay. 

 

SOUS: Healthline.com, Pampers.com, Travel.usnews.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.