Souple tann...

Pi Bon Kote W Ka Viv Nan Peyi Meksik.

29 jan

Pi Bon Kote W Ka Viv Nan Peyi Meksik. 

Bienvenidos!  

Byenvini nan peyi Meksik, se yon peyi ki gen yon kilti fasinan ak vivan e la  genyen prèske tout bagay, kèk ti vil pou pechè pwason ak kèk kominote balneyè nan katye sonptye ak espa liksye. Viv nan peyi Meksik, se viv yon bon vi. Se omwen sa rezidan patriyòt yo pretann. 

Petèt se ou menm ki ta dwe wè sa avèk pwòp zye pa w. Li lè pou w pratike espanyòl epi kòmanse fè valiz ou, paske apre w fin dekouvri lavi nan peyi Meksik ak pi bon kote w ka viv yo, ou pral gen yon demanjezon pou w demenaje. 

Pou Ki Sa W Ta Dwe Viv Nan Peyi Meksik ? 

Meksik se yon kote ki fantastik pou moun viv. Se yon peyi kiltive kolore avèk tout bagay, kèk plaj imakile, peyizaj liksziryan, gwo sant komèsyal ak restoran wololoy. Melanj tradisyon an ak modenis la pafè pou moun k ap chèche sa ki pi bon nan de mond sa yo. 

Tan an varye atravè peyi sa, an fonksyon altitid ou twouve w la. Viv nan peyi Meksik konsidere relativman abòdab, kwizin nan savoure ak ireszistib, epi moun yo chalere ak akeyan. Ki sa w ka mande ankò ? 

Ou pral jwenn anba a avantaj ki pi enpòtan yo nan lavi nan peyi enkwayab ak inik sa yo. 

  • Vwayaj ak vòl : Peyi Meksik trè fasil e li pa koute chè pou w ale ladann depi peyi amerik dinò yo, tankou Etazini, Kanada, ak amerik santral. 
  • Lavi a abòdab : Twouve lojman nan yon pri abòdab pa yon defi nan peyi Meksik. Selon katye yo, ou ka rankontre kèk kay liks nan Meksiko. Mete sou sa, manje yo, transpò ak kèk lòt pwodwi esansyèl koute pi ba pri parapò avèk kèk lòt peyi. 
  • Kilti vibran : Kilti meksikèn nan se yon bèl konbinezon enflyans amerendyen ak espanyòl, ak kèk lòt touch ki soti lòt kote nan mond la. Sa pwodui yon distenksyon vibran, chalere, santre sou fanmiy ak patriyotik nan mizik pa yo, atizay yo, divètisman yo ak plis ankò. 
  • Divètisman klima a ak anviwònman an : Yon lòt gran kalite peyi sa genyen ankò se divèsite klima a. Si w ap chèche yon atmosfè twopikal ak kèk kominote bò lanmè, w ap jwenn anpil nan peyi sa. Sepandan, gen kèk vil enkwayab ki kache anba vant mòn avèk kèk ivè frèt ak kèk zòn dezètik ki gen yon chalè sèch ak kèk gran peyizaj trankil. 

Ki Pi Bon Kote W Ka Viv Nan Peyi Meksik ? 

An nou eksplore ansanm kèk pami kote ki pi byen note pou w viv nan peyi Meksik. W ap jwenn anba kat kote ki trè popilè pou kalite lavi, pri, bote ak plis ankò. 

Merida. 

Merida se yon ekselan kote w ka viv sitou si w ap santi pi alèz yon kote ki gen anpil ekspatriye. Li pi abòdab pase vil Meksiken popilè yo, tankou Meksiko, e li konsidere kòm yon kote ki pi asire pou w viv nan peyi sa. Se yon kote ideyal pou w elve fanmiy oubyen viv pou kò w gras repitasyon sou kesyon sekirite. 

Konpare avèk kay y ap vann nan peyi Etazini, opsyon Merida yo inegalab. Twouve kèk lojman abòdab nan kèk katye aksesib apye avèk kèk pak, kèk restoran remakab, kèk teyat ak plis ankò. Lannuit yo fè frèt epi jounen yo fè cho, sa ki pèmèt anpil eksplorasyon eksteryè ki suiv kèk lannuit douyèt bò kote dife. Anplis, plaj la nan mwens 1 è vil la. 

Pa bliye rafrechi espanyòl ou avan gran demenajman an. Laplipa nan rezidan yo pa tèlman pale anglè, pou nou pa di tou. 

Los Cabos. 

Los Cabos se yon lòt bon kote ankò pou w viv nan peyi Meksik, pou moun k ap chèche yon melanj konfòtab sekirite, komodite modèn ak pri abòdab. Mizapa konplèks otelye familyal yo ak espa liksye yo, zòn sa dispoze kèk enstalasyon medikal mondyal, sa ki ajoute yon valè sou atrè l pou w viv ladann. Bò kote lwès la w ap jwenn Cabo San Lucas, trè popilè pou lavi nòktin anime li, marina li ak divètisman inik li yo. Bò kote lès la w ap jwenn San Jose del Cabo, avèk yon sèn atistik anime ak kèk restoran selèb. 

Nouvo rezidan yo toujou ap fè djòlè poutèt nivo lavi yo ki amelyore. Los Cabos se yon destinasyon ki ofri kèk eksperyans natirèl pwoteje ak byen entreteni, kèk dezè ki gen anpil montay, pandan w ap pase bò bèl plaj. San n pa bliye kay pou vann yo pi abòdab pase peyi Etazini ak kèk lòt peyi vwazen. 

Imobilye a nan Cabo San Lucas florisan avèk yon gran divèsite kay, kay nan vil, kopwopriyete ak anpil lòt bagay ankò l. Anplis, lòt vil nan Los Cabos yo pa twò lwen siksè rejyon florisan sa. 

Meksiko. 

Youn nan zòn ki pi anime nan peyi Meksik se Meksiko. Se nan zòn sa pifò popilasyon peyi sa ap viv, anviwon 22,2 milyon abitan. E menm si la pri lavi a pi wo parapò avèk lòt vil yo, men l pi ba pase vil ameriken yo. 

Gen anpil gran pwopriyete pou vann nan Meksiko, tankou apatman modès ak kèk kay nan vil yo. Anfèt, 40 % nan mache imobilye Meksiko a se etranje k ap domine li. 

Estil lavi a dinamik ak anime, avèk yon efèvesans kosmopolit ak yon kontras ant yon istwa rich ak yon kilti Meksiken tradisyonèl. Pwofesyonèl yo ap viv lavi yo desamman epi fanmiy yo gen anpil aktivite pou yo jere jounen yo. Sa k pi enpòtan ankò, vil rekonèt pou lekòl nasyonal li yo ak enkwayab etablisman sanitè li yo. 

Monterrey. 

Moun k ap chèche yon lavi miyò yo, lojman abòdab ak kèk travay ki pi byen peye ap debake nan kapital endistryèl peyi Meksik la ki se Monterrey. Yo rekonèt  li tou paske li ofri youn pami pi bon lekòl nan amerik latin nan. 30 Inivèsite li genyen yo pwodui pousantaj ki pi wo pami rezidan anglofòn yo ak yon ekonomi florisan. Bèl rejyon sa youn pami destinasyon ekspatriye ameriken yo plis chwazi gras kantite opòtinite li ofri, yo pale anglè anpil nan zòn sa, gras pwoksimite li avèk peyi a. Fanmiy yo apresye Monterrey pou anviwòman eksteryè remakab li a, kalite lavi li ofri ak katye li yo ki asire. Poutan, nan mitan Monterrey gen anpil lavi nòktin pou moun ak pi jèn. 

E si w panse pa gen anyen ki ta ka pi bon pase sa, Monterrey ofri tou yon peyizaj ki ka koupe souf ak plizyè paradi anplennè pou w eksplore. Se destinasyon Meksiken ki pi bon pou travay, jwe ak repoze !  

SOUS: 

Cheapestdestinationsblog.com, Travelandleisure.com, Remoteyear.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.