Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
11 out
Pi bèl peyi ke moun pa janm wè ak je yo.
-Christophe Colomb 1492
Dezyèm pi gwo peyi nan Karayib la, Repiblik Dominikèn kenbe premye plas kòm destinasyon moun plis vizite nan Karayib la (globenewswire.com). Anpil nan moun ki vizite retounen pou yo rete pou toutan. Kit wap chèche yon pwopriyete pou envestisman, yon rezidans prensipal, yon dezyèm kay, yon pwopriyete pou lokasyon oswa yon byen pou lwe ou pou vin yon pwopriyetè kay, Repiblik Dominikèn se yon paradi pou achtè ak pwopriyetè. . Repiblik Dominikèn se pi bon kote pou achte yon pwopriyete akòz bote fizik li yo ak divèsite, richès kiltirèl ak aksesibilite.
Yo Konnen l pou bèl plaj li yo ki yon jan lwen ak grenn sab blan ak dlo ble, Repiblik Dominikèn gen yon peyizaj bò lanmè ki tap pami premye yo. Avèk yon gran varyete tèren - mòn, forè twopikal , kaskad dlo, sab , rivyè ak lak - Repiblik Dominikèn gen yon bagay pou tout moun.
Vil yo nan Repiblik Dominikèn varye tankou peyizaj la. Repiblik Dominikèn gen gwo vil tankou vil istorik Santo Domingo ki parèt etonan jan achitekti kolonyal yo melanje ak metwopòl modèn nan (godominicanrepublic.com/santo-domingo). Li genyen tou vil pitorèsk, tankou Las Terrenas, ak restoran familyal, kay ki gen koulè pal" (thebusinessyear.com), bato lapèch ki pentire an "Pestèl ‘’ (thebusinessyear.com) plaj yo trankil epi antoure ak pye palmis. . Anplis de sa, gen anpil bèl estasyon balneyè tankou Bavaro nan Punta Kana ak Bayahibe nan La Romana, pou nou site sa yo sèlman. Genyen tou ti kay (casitas) ak swit prive, tankou Sublime Samana, Las Terrenas.
Pou pale pi plis de varyete Repiblik Dominikèn, Dominiken yo rilaks, yo amikal ak akeyan . yo soti nan yon eritaj rich nan Panyòl , Taíno ak kilti Afriken yo. "Eleman kiltirèl Ewopeyen, Afriken ak Taino yo pi enpòtan nan cuisine kizin Dominikèn, estrikti fanmi, relijyon ak mizik" (afsusa.org). Ou souvan ka tande rit Mereng ki sòti an Afrik yo ak rit Bachata nan estil Laten yo nan sware kote moun danse nan lari yo. Katolik Women an se relijyon ofisyèl nan Repiblik Dominikèn. Pifò fanmi yo rete soude depi plizyè jenerasyon, Paran yo renmen pwoteje pitit yo anpil.
Yon gwo kantite egzile franse ak Italyen patisipe tou nan bay ti gou divès sa. Li parèt patikilyèman nan manje. Pen, kwasan franse,galatos ak espressos italyen (worldpropertyJournal.com), genyen tou lòt manje ki soti toupatou nan mond lan toujou la nan meni dominiken an (propertiesincasa.com). Pou yon moun k ap deplase nan zòn nan la pou premye fwa, Ambyans kè kontan anpil enfliyans ka pote konfò ak fèw santi w abitye.
Lè wap detèmine ki pi bon envestisman ou ka fè lè wap achte oswa lwe yon pwopriyete, chwazi kote pou l ye a esansyèl, men sa ki pi kritik la se eske wap ka peye l,. Erezman, mache imobilye nan Repiblik Dominikèn lan ekstrèmman ekonomik. Li se yon chwa entelijan lè wap envesti nan Karayib la. Repiblik Dominikèn se yon paradi pou achtè ak pwopriyetè paske non sèlman se peyi a bèl e divèsifye, li bon mache pou achte, lwe, ak viv!
Kredi Foto: Kayifi.com
4 chanm / 5 sal pou benyen, 3,552 pye kare, 380000,00 $ USD
https://kayifi.com/en/4-bedroom-residential-property-for-sale-in-dominican-republic
Kou lavi nan Repiblik Dominikèn lse 42.42% ak pri lwaye a se 75.45% li pi ba pase nan Etazini (numbeo.com). Nan Jiyè 2020,kou lavi pa mwa pou yon fanmi ki gen kat moun se $ 1,886.18. kou chak mwa pou yon moun viv se $ 828.25 (expatistan.com). Kou lavi nan Repiblik Dominikèn pi bon mache pase nan 75% nan peyi nan Amerik Latin nan ak 84% nan peyi nan mond lan (expastitan.com). Dapre kèk ekspè nan byen imobilye lokal yo, rannman nan lwe kay nan Repiblik Dominikèn bon, li rive jiska 10% chak ane (globalpropertyguide.com).
Si ou se yon achtè kay achte pou tèt ou oswa yon pwopriyetè kap achte pou lwe, Kounye a li lè li tan pou w achte. Repiblik Dominikèn se vrèman yon paradi pou achtè ak pwopriyetè kay. Ale kote ou kapab viv tankou yon Wa oswa yon Rèn!
Ékri pa: Michelle Warner
Kredi:
globenewswire.com
godominicanrepublic.com/santo-domingo
thebusinessyear.com
afsusa.org
worldpropertyjournal.com
propertiesincasa.com
numbeo.com
expatistan.com
globalpropertyguide.com