Souple tann...

Kote Ki Pi Ante Nan Karayib La.

16 okt

Pi lwen peyizaj twopikal yo, dlo kristalin yo, kuizin enkwayab la ak kilti vivan an, li egziste yon lòt fasèt nan vizaj Karayib la petèt ou pa konnen. Nan lespri alowin nan sa nou rele fèt kouramman an nou chwazi pataje avèk ou kote ki pi ante yo nan Karayib la. Prepare w pou san w sezi pou w frisonnen ! 

Kèk epav misterye ak kèk mangwòv etranj nan manwa ki gen istwa ki ak nan kèk vye ki gen tras fantom, destinasyon sa yo pral w frisonnen. Dekouvri kèk kote ki pi efreyan nan paradi twopikal sou zile Karayib la. 

1| Yon Bato Fantom Ki Te Koule Nan Babab. 

Si w ap chèche kote ki pi ante nan Karayib la, yon vwayaj anba kèk dlo trankil ki plen vi se wout pou w suiv la. Pi lwen resif koralyen vibran yo, kèk tòti lanmè ak kèk abita ki gen pwason pastenag w ap twouve epav misterye kèk bato ki fije nan tan an. 

Rasanble ekipman plonje w epi plonje pou w naje pami bato ante yo nan zòn lès lanmè Karayib la, san n pa bliye SS Stravronikita ki te koule nan ane 1978. Pyès sonb yo ak espas estokaj yo nan epav sa onbraje akoz dlo epi yo anvi avèk koray yo ak lavi marin nan nan. Sepandan w ka toujou kèk byen, kèk zouti ak kèk lòt atefak flotan nan bato sa, ki raple vizite ki kalite bagay ki bato sa te konfwonte. E gen anpil lòt bato fantom pou moun eksplore ! Gen nan yo ki gen plis pase 200 ane e ki jiskaprezan bay plonjè yo frison y ap pase devan yo. 

2| Sòsyè Blan An Nan Gran Kay Rose Hall La Nan Montego Bay, Jamayik. 

Youn nan istwa ki pi efreyan ki rakonte nan peyi Jamayik se istwa sòsyè blan an Rose Hall. Anie Plamer te pwopriyetè kay grandioz sa sa gen anpil ane. Sepandan, san manti, li pa t ka okipe gran teren ak manwa sa pou kont li. Se konsa, Plamer te genyen anpil esklav ak marye ak plizyè gason pou te kenbe l konpanyen. Jan istwa a rakonte l la, Palmer te vin gen ti non gate sòsyè blan sa akoz fason l te konn tòtire esklav yo ak jan l te konn touye moun anba kay la. Se pa sèl esklav yo ki te konn viktim. Annie te rive touye twa pami mari li yo. Li mouri nan men kèk esklav li te gen relasyon avèk yo apre sa l te rejte yo. Gen kèk moun ki di li jwenn sa l te merite, men rityèl la pat fin konplè, sa te lakoz lespri sòsyè a te rete ap pawaze jan l vle nan koulwa efreyan yo ak nan pyès ki plen pousyè nan manwa li an. Moun ki konn al vizite kay sa lannuit pretann yo konn kèk espri ak kèk silouwèt vapore nan onb ak tande bri kèk viktim pa twò lwen manwa a.  

3| Mistè kèk sèkèy Chase Vault Oistins, Babad. 

Tout kote yo antere moun toujou moun . Men Chase Vault nan Babad konsidere kòm youn nan kote ki pi ante nan Karayib la e li gen yon istwa efreyan ki eksplike sa. Krip sa te konstui nan ane 1724 gras yon rich fanmiy pou sèvi lye sepilti familyal. Twa manb nan fanmiy sa te antere la pou yo repoze, men gen plis bagay pase yon senp repo. Nou te ka di lespri nan krip la te trè aktif. 

Apre n te fin tande kèk rapò sou ajitasyon ki genyen nan kavo yo, pèsonèl finerè yo te vizite krip la ki gen pòt ki fèt avèk mab byen sele. Anndan an, yo te vrèman choke pou y ap gade sèkèy yo ki apiye kont miray. Apre yo fin reprann souf yo, yo te retounen mete sèkèy yo nan plas yo te ye avan an epi yo sele tonb lan ankò. 

Kèk ane apre yo te tounen e yo te remake kote sèkèy yo te ye a, pa t menm jan yo te kite l, sèkèy yo te piye sou miray la ankò. Apre yon ankèt minisye yo pa t jwenn oken prèv ki te ka yo konprann se lòt moun ki te rantre sa, vizitè yo te oblije depoze sab sou tèt krip la pou yo te detèkte tras pye responsab yo, si sa te pwodui ankò. Kèk mwa pita, sèkèy yo te deplase pirèd. Sepandan, pa t gen oken anprent pye moun oubyen lòt prèv ki te ka endike yon enpak moun, abitan yo te vin konkli se twa pwòch yo ki koupab nan sa. 

4| Mangwòv Ante, Sentoma, Zile Vyèj Yo. 

Mangwòv sinis yo nan Sentoma regòje anpil istwa orib sou pirat ki te konn teworize zile a otrefwa. Istwa rakonte yo te konn kache nan mangwòv yo pou yo atake, vole, tòtire ak touye kèk moun sou zile a, yo te konn touye prensipalman kèk kolon ewopeyen, tankou timoun ak fanm inosan. 

Gen non ki gen renome mondyal ki ante zòn nan se Blackbeard, Bluebear, Mary Read ak Teach. Pou plis konfò w ka rezève yon ekskisyon jounen nan kayak sou dlo. Asire w senpleman w resite priyè w epi evite kapte espri otoèstopè yo 

5| Gerit Djab La Nan

San Juan, Pòtoriko. 

Nan vil anime a nan San Juan Pòtoriko, w ap jwenn vèstij yon ki rele San Cristóbal, espanyòl yo te konstui nan depi ane 1600 yo. Kèk nan istwa ki pi tèrifyan ak pi efreyan yo sou zile a soti dèyè miray wòch ki byen wo, kèk sal ki sonb ak kèk dondon. Sa k pi remakab la se bwat pou w rantre nan gerit djab la ou "garita del diablo". Yon sòlda espanyòl ki t ap siveye yon pandan lannuit te rive disparèt san l pa t kite tras. Gerit la te vin yon repitasyon pami sòlda yo. Tout moun yo te konn rele te toujou paske yo pa konnen sa k pral rive. Jan se te prevwa a, premye espanyòl pa t sèl sòlda ki te disparèt sou plas san l pa t janm retounen. Apre anpil evènman dwòl yo te vin rele plas sa pòtay lanfè. 

Jodi a, gerit ante sa pa pati kote pou moun al vizite. Vizitè ki kirye yo pa ka rantre nan zòn sa men yo ka kanpe gade l byen lwen. 

 

SOUS: Magazine.keycaribe.com, Beach.com, Islandoriginsmag.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.