Souple tann...

5 Pi Bon Espa Yo Nan Karayib La.

02 fev

5 Pi Bon Espa Yo Nan Karayib La. 

Pwofite jwi paradi sa nan liks nan youn nan pi bon espa yo nan Karayib la. Se mwayen ideyal pou w demare nouvèl ane a avèk yon nouvo depa rafrechisan oubyen pou w fè sans ou yo plezi pandan yon vwayaj womantik pou Senvalanten an avèk yon moun ki espesyal pou ou. 

Swen nan espa sa yo enspire sou lanati ak atmosfè trankil yo, se jis kòmansman sou sa kèk pami pi bon espa yo nan Karayib la ka ofri w. Anpil nan yo sitiye nan kèk mayifik konplèks ki pwopoze benyen nan solèy ak kèk espò notik lajounen, ak yon kwizin rafine ak kèk kòktèl twopikal rafine wo gàm nan aswè. 

Si w anvi pase vakans ou nan espa ki pa tankou lòt yo, pa gen yon pi destinasyon pase zile sou Karayib la. Ou pral twouve anba a 5 pi bon espa yo k ap ka enspire pwojè vwayaj ou ! 

1| Jade Mountain Resort Nan Sentlisi. 

Jade mountain resort nan Sentlisi konsidere tankou youn pami pi bon espa sou tout rejyon Karayib la. Eskapad inik sa rekoni pou chanm imèsif li yo, avèk kèk tèm ki enspire sou solèy, lalin, kèk zetwal, galaksi a ak anpil lòt bagay ankò. Talantye sèvo ak konseptè dèyè konplèks sa te swete tout sans nan moun solisite gras kèk eleman ki pwisan yo tankou : Latè, dlo ak lè. 

Plonje nan pisin ki gen yon débònman sireyalis apre yon jounen nan espa, dekonprese avèk kèk swen kòporèl klasik ak kèk sèvis inovan ak olistik. San bliye kèk kou yoga gratis, kèk pis siblaj panoramik ak kèk randone akonpanye pou pwolonje vakans pou byennèt pi lwen pase espa a. 

Pa bliye konsilte swen nan espa Alchemy of two ki fèt pou moun ki an koup si w vwayaje avèk yon moun ki espesyal pou ou. Eksperyans sa pafè pou lindemyèl yo ak vwayaj anivèsè. Li genyen kèk swen espa liksye, yon beny nan yon ben ak remou ki konpoze avèk elikzi "Body bliss", kèk fryandiz savoure, pwezi ak plis ankò ! 

2| Half Moon nan Jamayik. 

W ap toujou pwofite espa yo nan Karayib la, menm si pitit ou akonpanye w ! Half Moon nan Jamayik se destinasyon ideyal pou fanmiy k ap chèche non sèlman pou yo detann yo, men tou pwofite kote palpitan yo nan Karayib la. 

Half Moon pwopoze yon pakou gòlf imakile, plizyè opsyon pou restorasyon, kèk espò notik, ekitasyon nan oseyan ak kèk aktivite espesyal pou timoun. Pandan tan sa, manman ak papa ka siwote kèk kòktèl twopikal pandan y ap tranpe sans yo ak evakye tansyon yo nan espa enkwayab sa. 

Paradi sa kontinye nan jaden twopikal yo, kaskad, pisin lagon ak sanktyè meditasyon an. 

3| Field Espa Nan Golden Eye Hotel And Resort Nan Peyi Jamayik. 

Pou yon eksperyans vrèman inik, rezève yon sejou nan Golden eye hotel and resort nan Jamayik. Non sèlman Field espa se yon espas trankil ak rajenisan, men tou engredyan tretman yo pwodwi nan lokalite a, ki bay touch eksklizif. San n pa bliye w ap rive nan sal espa prive yo apre yon ti bout pwomenad nan kayak depi nan chanm vilyajeti w la. 

Konplèks sa se te ansyen rezidans Fleming. Se vre, otè 14 woman James Bond yo te renmen lapè ak paradi tou. Se arebò lagin Golden eye. Si w renmen lè w yon jan aktif pandan vwayaj byennèt ou, kòmanse jounen w avèk kourè lokal yo oubyen bay tèt ou yon defi sou pis siklab la. Apre sa, restore kò w pandan w ap relakse w nan yon beny bwous ki ranpli avèk zèb medisinal nan fèm konplèks sa. Nòmalman, yon vwayaj nan yon espa nan Karayib la pa t ap janm toutafè konplè san yon matine trankil sou rivaj la. Low cay beach twouve li sou bè prive vwazin nan, ki pa twò lwen konplèks la. 

4| Palmye Yo Sou Zile Turck&Caicos. 

Youn pami espa ki pi prime nan Karayib la twouve l sou zile twopikal ak liksziryan ki rele Turck&Caicos la. Palmye yo elimine tout distraksyon epi plonje w nan mond ranpli ak bonè. Pou kòmanse, pran kontwòl sans ou yo avèk yon peyizaj mayifik ak relaksan konpoze avèk chèz long antoure avèk vèdi ak flè ibiskis kolore, ki se flè bonè. Apre sa, ou pral pran odè awóm apezan an ak jeranyòm apezan, pyebwa santal ak kèk agrim, k ap mennen w pi lwen liksye espa paradizyak sa. Apre sa, w ap tande lèjèman wisèlman kèk fontèn ak dous kouran dlo pisin ki nan lakou a. 

isi, w ap ka dekouvri kèk swen espa revigoran, ki soti nan masaj kòporèl konplè ak kèk rityèl pou pye, kote yo itilize kèk kokiy kong bwaye lokal ak kèk lwil esansyèl pirifye. 

Apre yon bèl apre midi nan espa, pouswiv detant ou arebò pisin debòdman an ki gen yon ba nan pisin nan menm, kote w ka siwote yon kòktèl twopikal. Epi pa rate oken aktivite amizan konplèks la pwopoze w, tankou vwalye, plonje nan apne ak anpil lòt ankò. 

5| Espa Nan Sugar Beach Nan Sentlisi. 

Vin fè youn avèk lanati nan espa Sugar Beach la nan Sentlisi. Monte jis nan kabán prive nan mitan pyebwa kote kèk lòt gwo pyebwa ap soutni l, ki okipe teren an nan mitan de enpozan montay ki kouvri avèk vèdi ki bay anvi gade san rete. Se la, w ap ka fè eksperyans kèk swen espa liksye avèk lwil nwa koko ki fèt nan lokalite a ak anbyans trankil wiso k ap koule nan kontreba. 

Espa Sugar Beach la fyè pou eleman li yo ki enspire sou lanati, ki ale pi lwen kaban chaman sa yo nan mitan pyebwa yo. Tretman yo, tankou dlo sous vòlkanik, kakawo ak plis ankò, antyèman natirèl e se sou zile a menm yo fèt. 

 

SOUS: Caribjournal.com, Frommers.com, Jademountain.com  


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.