Souple tann...

Sis Prensipal Mit Imobilye Ki Demistifye.

22 jan

Sis Prensipal Mit Imobilye Ki Demistifye. 

Konbyen fwa w te tande yon swadizan koze sou imobilye ki apre te kontredi ak yon deklarasyon? Mit nan zafè imobilye yo trè repete menm jan nan lòt domèn yo, tankou sante, edikasyon ak istwa. Ebyen, avan yon rimè endwi w nan erè, an n demistifye kèk prensipal mit imobilye aktyèl. 

Mit 1: Lè Se Ou Menm Ki Vann Pwòp Kay Ou Li Pèmèt Ou Ekonomize Plis Lajan. 

Evite kèk ti depans ki gen lyen avèk komisyon lè w anboche yon ajan p ap pèmèt ou ekonomize anpil vrèman. Men, vann kay ou pou kò w pa senp jan anpil moun panse l la. Li pa sifi pou w pran bèl foto epi pibliye kay ou an sou entènèt. 

Anfèt, vandè FSBO (pou w achte kontakte pwopriyetè a) pèdi lajan anpil fwa. Risk la parèt pi gran lè w mete pwofesyonèl nan domèn sa sou ban epi w fè l pou tèt ou. Egzanp, yon erè kouran se lè w pa rekonèt valè reyèl kay ou an epi w mete l pou vann nan yon pri ki twò wo. Sa ka pran w kèk mwa avan w ta jwenn moun ki enterese. Menm jan an tou, vandè FSBO yo ka komèt menm erè sa tou, kote yo vann yo an nan yon pri ki twò ba. Sa konn pwodui souvan paske kay yo twò chè epi yon vandè ki manke eksperyans nan goumen pou l mande achtè yo pi bon pri a. 

Mit 2: Ou Ka Vann Kay Ou An Sèlman Sou Entènèt. 

Nan tan sa yo, resous anliy yo jwe yon wòl enpòtan nan acha ak vann kay. Men, tout bagay p ap ka fèt anliy sèlman. Li enpòtan pou w sonje aplikasyon ak sit web yo se jis kèk zouti pou vann ak achte. Apiye inikman sou resous sa yo ka kondui w nan yon move direksyon si w pa fè atansyon. 

Mit 3: Fikse Yon Pri Ki Pi Wo Pou Vant La Ap Kite Plas Pou Negosiyasyon An. 

Etablisman pri yon kay pou vann se yon pwosesis konplèks ki mande anpil refleksyon, kalkil ak mize sou kèk detay. An plis ou dwe gen yon konesans aktyèl sou mache imobilye a, se sa k fè li enpòtan pou w pran konsèy yon ajan imobilye. 

Vann kay ou an nan yon pri ki siperyè avèk sa ki reyalis la lakoz kèk moun inyore anons lan paske l twò chè. Apre sa, sa ka rive pa gen oken negosiyasyon posib tou. Chwazi yon pri ki pratik ak rezonab. 

Mit 4: Ofri Yon Pri Ki Ba Pou Pèmèt Negosiyasyon. 

Tankou mit 3 a, derezonab pa ka bon wout la. Ofri pi ba pase sa w pare pou w peye pou yon kay p ap pèmèt ou pwobableman genyen kontra a. Gen anpil chans pou achtè ki enterese a pwopoze yon pri ki pi jis, sa ki ka lakoz ou pase akote. 

Mit 5: Renove Kay Ou Ap Pote Yon Pi Gran Pwofi Pandan Vant La. 

Anpil fanmiy k ap chèche vann pwòp kay yo pral konsakre tan ak lajan siplemantè pou renovasyon, depi yon nouvèl douch prensipal ak yon nouvèl kuizin jis rive nan amelyorasyon deyò kay la. Objèktif la se amelyore deyò kay la pou l ka koute pi chè ak rapòte w yon pwofi. An reyalite, renovasyon yo pa toujou trè rantab. Anfèt, ou kapab peye pou yon refont k ap koute w lajan pou sal familyal la, men sa ka pa fè diferans nan moman vant lan. Tout bagay depann sou pwojè kay ou pral chwazi pou w reyalize ak fason w pral reyalize yo. Kèk refont ak amelyorasyon minè, tankou repentire miray yo, plante kèk flè frèch nan lakou an oubyen repare kèk aparèy elektwomenaje ki ansyen oubyen obsolèt, ka ajoute valè sou kay ou an. Si w ap kapab, chwazi wout brikolaj la avèk pwojè senp pou w ekonomize lajan ak genyen yon retou sou envèstisman ki pi enpòtan ak pi bon. Yon lòt kote, renovasyon konplè yon chanm prensipal ki koute yon joli santim ka pa fè yon gwo diferans nan pwosesis vant ou yo, ka fè w pèdi lajan olye w fè pwofi. 

Mit 6: Tout Ajan Imobilye Yo Se Menm. 

Afimasyon sa pa ka pa t pi lwen verite an. Ajan imobilye yo trè inik ak divèsifye selon apwòch yo, eksperyans yo, antesedan yo, objèktif yo ak pèsonalite yo. Tout kalite sa yo, ap fè w ak ajan imobilye w la fòme yon bon ekip pou vann oubyen achte youn pami bagay ki pi chè yo. 

Li esansyèl pou ajan imobilye w la gen kèk objèktif ak kèk valè ki similè avèk ou epi w ta dwe fè jijman ki chita sou eksperyans li ak fòmasyon antesedan li konfyans. E san w pa bliye, sa ap ede w travay an ekip tou avèk yon moun ou renmen paske n pral pase anpil tan ansanm. 

SOUS :Lamacchiarealty.com, Urbanacres.com, Bluewestproperties.com  


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.