Souple tann...

Pi bon Konsèy Konsènan Vwayaj nan Karayib la.

13 jen

 

Pi bon Konsèy Konsènan Vwayaj nan Karayib la. 

Lè w ap vwayaje nan yon zòn ou poko konnen, rasanble tout bagay ou ka twouve pou vakans ou ka pase san pwoblèm epi kite plis plas pou w distrè w e viv lòt eksperyans. Vwayaj nan Karayib ladann tou. 

7 konsèy pou lè w ap vwayaje nan Karayib la. 

1| Pa janm mete nan tèt ou, tout zile yo se menm. 

Li pa egzak men sa rive souvan pou yon moun ki vwayaje nan Karayib la deja panse tout zile yo menmjan ak sa l te vizite deja a, se pa vre. Chak zile yo nan Karayib la se yon destinasyon inik yo ye. Nan fason yo prezante ak nan kilti yo. L ap enpòtan pou w vizite plizyè zile diferan avan w kouri di yo tout menmjan. Sa k rann vwayaj nan Karayib patikilyèman presye, se fasilite w genyen pandan w sou yon zile pou w tou al vizite yon lòt. Alò, pwofite vwayaje nan Karayib pou w wè espesyalite chak zile yo. 

2| Ale pi lwen pas otèl yo. 

Se vre, otèl la ka liksye, petèt li ka gen kèk aktivite ak eksperyans ki ka pran tan w sou zile a, fè w pa gen tan pou w pwomennen. Men, si w pa janm soti deyò otèl la se youn nan pi gwo erè w te ka fè. Pou w evite sa, byen bonè planifye tout bagay. Planifye jounen w kote w ap ka soti pou w al eksplore zile a, nenpòt sa w ap fè a bat pou w pwofite goute bon gou zile nan Karayib la genyen pandan w ap fè yon ti kite otèl la. 

3| Aprann detann ou epi pwofite tan w sou zile a. 

Si w ap espere yon anbyans kote ki gen anpil chalè pou vakans ou sou zile a, ou ka deranje wi petèt, lè w vin reyalize jan moun yo sou zile a dekontrakte e vag. Men pi move bagay ou te ka fè, se si w al dèyè goumen ak sa e agrave sitiyasyon san rann ou kont. Olye sa, aprann abitye ak yo pito. Gen yon valè enkwayab nan apwòch ki fèt san presipitasyon nan lavi sou zile yo nan Karayib la. Pwofite obsève yon poz chak jou epi pèmèt ou pwofite de mantalite dekontrakte a, ki fè zile yo yon veritab paradi. 

4| Vwayaje ak sa ki esansyèl. 

Apre mayo ak sandal pou w benyen, pa bliye pou w pote kèk atik ki enpòtan pou vwayaj ou nan Karayib la, ka pase byen. 

  • Krèm solè : ou p ap kwè nan entansite solèy la nan Karayib la avan w rive sou youn nan zile yo. Asire w pote krèm solè, linèt pou solèy, kèk chapo ak kèk lòt ekipman solè pou w pwoteje tèt ou kont reyon nosif yo. Pèsonn pa anvi pase mwatye nan vakans li nan Karayib la ap pran swen pou yon kout solèy li pran.
  • Espray pou moustik : Nan zile yo nan Karayib la gen anpil moustik, alò pou w evite demanjezon pandan moman vakans la, mache tou pare, mache ak pwodwi pou moustik ak ensèk.
  • Rad ki fèt ak twal len oubyen koton : pou w toujou rete fre pandan moman vwayaj ou nan Karayib la, byen chwazi rad ou. Rad ki fèt ak twal len ak koton yo pèmèt po kò w respire pi byen e yo kouri dèyè fredi anpil, se sa ki rann yo pafè lè w ap eksplore bèl zile yo.

5| Plonje epi fonn ak kilti a. 

W ap toujou anvi pandan w ap vwayaje, pou w al patisipe nan aktivite espòtif nan dlo ak fè kèk lòt avanti. Men, w ap regrèt kanmenm si w pa chèche konnen kilti a sou zile a, asire w al vizite mize yo, restoran yo. Yon vizit nan Karayib la p ap vle di anyen si w pa janm eseye goute kèk pla ki pi popilè, goute istwa yo ak kote atistik yo a e ki trè pwofon. Sa k ap pi bon toujou se pwograme kèk vwayaj pandan moman kèk zile pral fete oubyen pral òganize kèk festival dinamik e ki anime. Pa gen lòt bagay k ap aprann ou kilti yo a pi byen pase tradisyon yo, fason yo danse, manje yo, mizik yo elatriye. 

6| Aprann pale lang yo. 

Anpil endijèn sou zile yo nan Karayib la pale Anglè. Petèt w ap ka debwouye w menm si w pa aprann kèk dyalèk ki pwòp pou chak zòn. Men, gen kèk zile ki gen yon pousantaj ki pi wo parapò kèk moun ki pale lòt lang tankou Fransè, Espanyòl ak Neyèlandè. Li rive moman kounya pou w chèche konnen ki lang yo pale nan chak zòn, lè w pral vin vizite. Epi tou, pale lang yon pèp sa pèmèt ou plis konekte ak yo e plis konnen mond Karayibeyen an. 

7| Mande moun k ap sèvi w nan otèl yo konsèy. 

Si w doute sou yon bagay, mande moun k ap sèvi w nan otèl la. Se pi gwo resous pou kesyon ki dwe poze yo e ki merite repns la pandan ti tan w ap pase sou zile a, kèk zòn ou dwe evite pase nan yo elatriye. Chèche konnen sa w pa dwe fè menm lè w sou zile. Pou nou fini, ou vle asire sekirite w ak moun ki akonpanye w yo pandan moman vwayaj la, pou w ka byen pwofite eksplore mèvèy ki genyen sou zile yo nan Karayib la

SOUS: travelandleisure.com, smartertravel.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.