Souple tann...

Pi Bon Konsèy Yo Pou W Lwe Pwòp Kay Ou.

08 avr

Pi Bon Konsèy Yo Pou W Lwe Pwòp Kay Ou. 

Lwe pwòp kay ou kapab yon mwayen jidisye pou rantre lajan siplemantè, kit se yon kay vakans oubyen pwòp kay prensipal ou lòske w deyò vil la. Sepandan, responsabilite sa mande anpil tan, efò e souvan estrès. Kòman w fè konnen se pi bon chwa a pou ou ? E kòman w yo tenan ak aboutisan yo nan lokasyon pwòp kay ou pandan w ap fè plis pwofi ? 

Nan blòg sa ou pral dekouvri tout sa w ap bezwen pou devni pwopriyetè premye fwa ak kèk konsèy pou w reyisi ! 

Èske W Ta Dwe Lwe Pwòp Kay Ou ? 

Antanke pwopriyetè premye fwa, ou dwe komèt kèk erè ak aprann apati eksperyans ou jiskaske w konprann bagay yo. Fè rechèch ou, pale avèk kèk moun eksperimante kapab ede w pran yon pi bon depa, men eksperyans pèsonèl yo se pi bon fason pou yon pwopriyetè aprann. 

Kit se pou toujou konnen kèk reparasyon ak antretyen, chwazi kèk prensip fyab ak pèsevwa lwaye a, lokasyon pwòp kay gen plizyè fasèt ladann. Si w panse w gen tan ak enèji siplemantè pou w asime yon nouvo responsabilite, ebyen devni pwopriyetè kapab yon bon chwa pou ou. Sinon, ou gen anpil bagay pou w konsidere avan w enplike w nan nouvo envestisman sa. 

Yon lòt faktè esansyèl pou w deside si lokasyon pwòp kay ou an fè sans pou ou, se detèmine si kay ou an ideyal pou lokasyon. Èske l twouve l nan yon zòn rechèche ? Èske kay ou an deja pare pou li akeyi lokatè yo ? 

Kòmanse Lwe Pwòp Kay Ou. 

Avan w lanse w, li rekòmande pou pwopriyetè yo familyarize yo avèk pwosesis la pou yo devni pwopriyetè. Sa pral ede w konprann si avni jeneratris pwofi sa bon pou ou. Si se sa, swiv etap anba sa yo ki ka gide w pandan tout pwosesis lokasyon pwòp kay ou premye fwa. 

Pou Kòmanse, Reflechi Sou Finansman W Epi Fikse Yon To Lokasyon. 

Premye bagay ou dwe fè lòske w anvizaje lwe pwòp kay ou se elabore yon plan finansye. Youn nan pi gwo erè nouvo pwopriyetè yo konn komèt, se lanse yo san yo pa asire yo konnen dabò pri ak pwofi reyèl lokasyon yon lokasyon yon kay nan eksplore tout detay yo. Pou yo konnen si tan ak efò yo vo lapenn, kolekte kantite enfòmasyon posib. Pou w tire pi bon pati nan envestisman sa, ou dwe panse longman sou pri yo ak pwosesis lokasyon an. 

Sa se kèk depans ou pa dwe neglije ditou : Taks fonsye, vèsman ipotekè, asirans, depans antretyen ak reparasyon, mizanivo. Yon lòt kote nan bidjè a se pousantaj lokasyon an ak revni yo. Si l nesesè pou w fikse yon pri lokasyon k ap ka kouvri depans yo pou w ka reyalize yon pwofi, li dwe sifizamman ba pou li atire lokatè yo. 

Chèche tarif lokasyon yo nan rejyon w lan e konpare kay ou avèk komodite yo ak kalite kèk lòt kay pou w ka fikse yon pri pratik e rantab. 

Apre sa, elabore yon plan jesyon avan w pibliye anons lokasyon an sou entènèt e entèwoje lokatè potansyèl yo, mete an plas yon plan sou fason w pral jere pwoblèm antretyen yo, pèsevwa lwaye a, swiv reparesyon yo, elatriye. 

Liy dirèktif sa yo ta dwe figire nan nan kontra lokasyon an oubyen kominike bay lokatè yo. Yo ta dwe fikse avan menm otorizasyon demann yo.  

 

Èske W Ta Dwe Mande Èd Pou W Jere Lokasyon W Lan ? 

Lè w chwazi jere tout reparasyon yo, pwoblèm ak anrejistreman w sa ka maksimize envestisman w lan. Sepandan, si w okipe oubyen si w ap viv lwen pwopriyete w la epi w pa ka rann ou rapidman ladann, li ka pa posib pou w jere tout bagay pou w kò w. Nan ka sa, panse fè apèl ak yon sosyete gesyon oubyen yon patikilye pou w ka pi disponib pou lokatè w yo. Se egalman yon bon pratik lè w chwazi alavans founisè w fè konfyans yo, tankou :  

  • Batay kont parazit, 
  • Antretyen PVC,  
  • Plonbri, 
  • Elektrisyen, 
  • ak anpil lòt bagay ankò. 

 

Twazyèmman, Konprann Lwa Yo Sou Pwopriyetè Yo Ak Lokatè Yo. 

Laplipa gouvènman kèk eta ak lokal yo, genyen lwa sou relasyon ant pwopriyetè ak lokatè. Antanke yon nouvo pwopriyetè, se responsabilite w pou ranseye w sou règ sa yo ak règlemantasyon rejyonal yo. Yon erè grav kèk pwopriyetè debitan konn komèt se lè yo pa aprann e konprann lwa yo, sa ka lakoz kèk pwoblèm jiridik ak evantyèl pouswit jidisyè. 

Lwa federal yo reglemante egalman sekirite lojman e plis ankò, asire w konprann sa ki anba a la :  

  • Lwa federal anti diskriminasyon, 
  • Lwa federal sou lojman,  
  • Lwa sou rapò kredi ekitab,  

Answit Redije Yon Kontra. 

Sou entènèt la, gen plizyè modèl bazik sou kontra lokasyon ki ka ede w demare pwojè w la. Lè w ap redije yon kontra, ou pral konfwonte kèk desizyon enpòtan, tankou politik sou bèt domestik yo, depans sou reta ak depo. Efektye rechèch ou epi eksplore kondisyon lokasyon lòt pwopriyete nan sektè a avèk sa ki ofri yon komodite similè. Anplis, asire w kontra lokasyon w lan legal e san fay, pou sa li preferab pou w konsilte yon avoka. Pou fini, komèsyalize kay ou an epi seleksyone lokatè potansyèl yo. 

Dènye etap la pou w devni pwopriyetè chita sou komèsyalizasyon pwòp kay ou w ap lwe a epi kòmanse pwosesis akseptasyon kèk kandidati yo e antretyen avèk lokatè yo. 

Kreye Yon Plan Maketin. 

Kòmanse efektye reparasyon ak amelyorasyon nesesè yo pou rann kay la pare pou w komèsyalize l. Apre sa, mete kay la sou sèn epi pran kèk foto bon kalite pou yon piblisite konpetitif. Li itil pou w anboche yon pwofesyonèl pou etap sa si w pa fè tèt ou konfyans pou w ka gen kèk foto bon kalite ki demake kèk lòt anons sou entènèt la. Fotografi kay la se yon eleman esansyèl pou atire lokatè yo. Plis foto yo bèl, se plis moun yo pare pou yo peye lwaye a. 

Answit, pibliye foto yo ak detay sou kay la sou sit lokasyon yo. Gen plizyè chwa e enskri kay ou an sou plizyè sit ka ede w atire plis lokatè potansyèl. Ou ka fè mesaj la pase tou nan kominote w, lè w pale avèk yo, pale avèk fanmiy ou, zanmi w yo ak kolèg ou yo. 

Konekte W Avèk Lokatè Yo Yo. 

Toutotan kandidati yo ap rive, òganize yo selon demann ki demake yo tankou lokatè ideyal yo ak sa ki ka pa reponn avèk atant ou yo. Lòske w tonbe sou yon kandidati atreyan, asire w fè yon swivi rapid pou w fikse yon dat pou yon antretyen telefonik oubyen yon reyinyon an prezansyèl. Pa bliye moun ki postile yo anvizaje pwobableman plizyè pwopriyete, alò reponn nan yon tan ki opòten. 

Pwosesis antretyen oubyen seleksyon an ka dewoule selon preferans ou. Sepandan, gen kèk kesyon espesifik ou ka anvi poze oubyen kèk bagay ou ka anvi kalifye e konfime konsènan kandidati yo. Efektye rechèch ou pou w dekouvri pou w dekouvri kesyon kouran pwopriyetè yo konn poze lokatè potansyèl yo. 

Konsèy Pou Nouvo Pwopriyetè Yo. 

Pwiske kounya w pare pou w pati, dekouvri ak ki sa lokasyon w lan pral sanble. W ap twouve anba a kèlke konsèy pou fasilite metye pwopriyetè debitan an. 

1| Pwoteje Depo Garanti A. 

Menm si sa ka tante w pou w ta depanse depo garanti lokatè a pou pwochen reparasyon antretyen, acha mansyèl ou yo oubyen kèk lòt fakti ak depans, li preferab si w konsève depo sa yon kote ki asire. Dènye bagay ou ta swete, sèkè depo garanti a ta va pa ka retounen nan men lokatè a lè l ap demenaje. 

2| Ou Dwe Gen Kèk Rejis Detaye. 

Jere nenpòt bagay mande w pou w genyen yon rejis detaye, e vin pwopriyetè pa fè w yon eksepsyon pou sa. Youn nan premye ajou sou dokiman w yo, se pral yon varyete foto lojman lokasyon avan lokatè a anmenaje. Nan fason sa, ou pral gen kèk bagay pou w konpare lòske lokatè a ap kite kay la, epi w ta dwe evalye domaj yo. 

Lòt anrejistreman w ap gen pou w ajoute kontinyèlman yo nan dokiman w yo, se pral demann mentnans ak fason yo ta dwe rezoud, kit se nan rele yon sèvis anti parazit oubyen rezoud ou menm yon senp pwoblèm plonbri. 

Gade tou yon tras sou rekouvreman w lwaye w - anrejistre dat la, lè a, montan an ak mòd pèman an, menm si l fèt menm jan an chak mwa. Kenbe tout kominikasyon ekri w yo avèk lokatè w la. Si se yon konvèsasyon telefonik ki te fèt, pa bliye voye yon imèl oubyen yon lèt pou w konfime tout desizyon ki te pran yo, oubyen preyokipasyon yo ak demann nou te diskite sou yo pandan apèl la. 

3|Panse Avèk Asirans Pwopriyetè A. 

Menm jan lokatè a te ankouraje pou l souskri yon asirans lokatè, ou ta dwe envesti w nan yon asirans pwopriyetè lòske w ap lwe pwòp kay ou. Sa ap pèmèt pwoteje kay la kont domaj yo, pèt revni yo, responsabilite e plis ankò, selon plan w chwazi a. 

4|Kominikasyon se Kle a. 

Depi nan kòmansman pasaj avèk lokatè a, privilejye yon bon kominikasyon. Sa se kèk fason w ka etabli konfyans e mentni yon kominikasyon koyeran e ouvè avèk yon lokatè : 

  • Reponn kesyon yo, kòmantè yo e preyokipasyon yo rapidman e pwofesyonèlman 
  • Trete demann sou reparasyon ak mentnans yo nan tan opòten. 
  • Respèkte vi prive lokatè a.  
  • Ou dwe pwofesyonèl e jantiy nan konvèsasyon yo. 
  • Fè tout sa k depann sou pou w konprann lokatè yo, kèlkeswa rapò yo avèk yo, kèlkeswa demann yo ta rive fè w konsènan pwopriyete a. 

SOUS: Avail.co, Trulia.com, Smartasset.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.