Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
15 jan
2022 se te ane retounen nan vwayaje, nan ane 2023 nou te wè plis vwayaj pase avan. Pou ane 2024 la, tandans yo nan kesyon vwayaj prevwa eskapad yo ak eksperyans yo pou ane sa pral pi apwofondi, y ap akse sou byennèt ak yon ritm ki pi lan parapò ane avan yo, avèk yon monte an pwisans nan dirabilite ak ekilib ant travay ak lavi pwofesyonèl.
Li fasil pou konprann sa k fè tandans nan matyè vwayaj pou 2024 la deja sa ye an lòske n ap obsève transfòmasyon sosyete an. Pou kèk detay pi enteresan sou kèk previzyon vwayaj, kontinye lèkti sa.
Apèsi Kèk Tandans Sou Vwayaj 2024 La.
Apre pandemi a, moun yo te vin gen anvi vwayaje. Se yon bagay ki nòmal lè w te fè twòp tan kwense yon kote, lè w rive soti w ap anvi fè kèk nouvèl eksperyans ak admire kèk lòt kote lwenten. Se sa k fè yo te batize ane 2022 an "Ane vwayaj vanjans". Nan yon lòt sans, anpil touris t ap vwayaje esansyèlman pou yo te evade tèt yo ak ratrape mwa opòtinite yo te rate yo. 2023 te similè avèk ane avan an, sektè touristik la te devlope plis pase n poko janm wè. Nan 2024, ekspè yo prevwa yon ralantisman nan vwayaj yo, men se pa an tèm chif. Alòske anpil moun tout kote nan mond la pral rezève kèk vwayaj nan kèk tarif ki similè avèk ane presedan yo, vakans 2024 yo anonse yon jan diferan.
Kounya puiske dezespwa sou kèk vwayaj apre pandemi an fin pase, tandans jeneral la nan kesyon vwayaj sanble vin pi relaksan, chita sou byennèt dirab ak gen yon siyifikasyon pi pwofon pase avan. Nou konstate tou vin gen plis moun detanzantan ki swete kèk vakans pi frèch pou konbat chalè tèt chaje a. E jan w kapab imajine l la, entelijans atifisyèl yo pral jwe yon gwo wòl nan planifikasyon kèk vwayaj pou ane 2024 la.
Sa Se Sis Tandans Pou N Siveye Ane Sa :
1| Kasyon Frèch.
Lòske w ap panse ak vakans nan sezon ete, ou panse petèt ak kèk plaj sab cho, yon syèl ansoleye ak kèk pyebwa twopikal. Ebyen nan 2024 la, koul kasyon yo gen van an poup ! Nan yon lòt sans moun yo vwayaje nan direksyon kèk destinasyon ki fè plis frèt olye yo ale nan direksyon zòn twopikal yo. Gen plizyè rezon ki koz tandans sa nan kesyon vwayaj. Genyen dabò tanperati ekstrèmeman cho dènye moman ete yo. Vwayajè yo benefisye anpil solèy ak jounen nan pisin e sezon ete a sanble moman ideyal pou kèk bagay nouvo.
2| Eskapad Dirab.
Dènye deseni an se te yon peryòd enkwayab pou vwayaj ekolojik yo. Majorite destinasyon vin ap konsantre yo sou dirabilite ak karakteristik ekolojik ki pral atire kèk touris ki sousye sou enpak anviwonmantal yo genyen. Kèk nan prensip eskapad dirab yo genyen nan yo aktivite respektye sou anviwonman an, transpò ekolojik, konsèvasyon fòn nan ak plis ankò.
3|Vwayaj Byennèt.
Jodi li pa sèlman sifi pou w byen parèt. Li sifi pou santi w byen ak amelyore kalite lavi w. Se sa k fè youn nan tandans vwayaj ki pi popilè yo an 2024 konsène retrèt, atelye ak eskapad ki akse sou byennèt.
Pandan lontan, nou te rete kwense nan yon peryòd ki chita sou makiyaj ak trete sentòm yo san trete vrè koz pwoblèm yo ak byennèt kouran an ki vini avèk laj. Men moun yo kòmanse chanje. Depi kounya, n ap pran kèk mezi prevantif ak pworaktif pou n ofri tèt nou yon lavi miyò ak leve eskanp figi bote natirèl la. Se menm bagay la tou pou tandans nan kesyon vwayaj yo. Chak jou plis moun anvi yon vwayaj k ap amelyore lonjevite yo, ak fè yo santi yo byen repoze ak amelyore sante mantal yo.
4| Astwo Touris.
Se vre : nou te rive atenn jou fitiris ke nou te toujou konn imajine yo e w ap kapab pase vakans ou pami etwal yo.
Depi nan tan lontan, moun yo te fasine gras kèk mèvèy ak kèk mistè pami sa ki antoure nou ki byen lwen sifas latè. N ap pi rapwoche nou detanzantan bò eksplorasyon mond lwenten enkwayab sa, e pa twò lontan, rezève yon vwayaj nan lespas pral tankou revèvasyon yon vwayaj pou w ale Bahamas.
Pou kounya, astwo touris la limite akoz pousantaj moun ki ka pèmèt yo yon depans gwo ponyèt konsa. Men sant vilejyati yo, espa byennèt yo, pak yo ak anpil lòt ankò ajoute kèk eksperyans kòsmòs nan sa yo gen pou ofri w. Tankou, otèl yo ap konstwi kèk likàn avèk kèk zòn pou moun detann yo ak admire zetwal sentiyan yo nan syèl la.
5| Plan IA Yo Enspire.
IA yo entegre nan vwayaj yo plizyè fason. Se itil nan yon ti fason, tankou jwenn kèk ide ak kèk plan nan jwe avèk ChatGPT ak kèk chatbot similè. Men li rantre egalman nan endistri tourisktik la yon manyè ki pi avanse ak pi siyifikatif. Egzanp, telefòn entelijan yo lanse yon teknoloji inovan ki itilize IA pou tradwi vokal moun an tan reyèl. Sa ki vle di w ka vizite nenpòt kote pandan vwayaj ou ak konprann sa lòt moun w ap entèraji avèk yo an ap di san w pa bezwen konnen lang la, ni itilize lòt zouti tradiksyon fastidye. Anplis, aplikasyon kovwatiraj yo itilize IA pou pi byen konprann abitid avèk modèl itilizatè a pou ka sijere l kèk destinasyon ak kèk aktivite nan zòn l ap vwayaje an.
6| Vwayaj Lwazi.
Travay a distans se dezi yon lavi epanouyisan, ranpli avèk eksperyans divès, te debouche sou tandans vwayaj lwazi. "Bleisure" se jis yon tèm amizan pou dekri melanj ant vwayaj afè ak lwazi. An jeneral, tandans sa chita sou konbinezon kèk vwayaj amizan ak trankil avèk kèk deplasman pwofesyonèl nesesè.
SOUS: Crimtan.com, Cntraveler.com, Travelandleisure.com