Souple tann...

Pi Bon Konsèy Ak Pi Bon Destinasyon Pou Yon Nwèl Twopikal.

25 des

Pi Bon Konsèy Ak Pi Bon Destinasyon Pou Yon Nwèl Twopikal. 

Echape w anba nèj pandan peryòd kèk fèt epi chanje l kont kèk plaj sab fin ak kèk palmye ondilan. Yon nwèl twopikal se poz pafè a avèk sa k òdinè, sitou si w renmen tan cho ak ansoleye. Dekouvri pi bon konsèy yo ak pi bon destinasyon yo pou nwèl twopikal pou ka rann vakans ou ankò pi espesyal ane sa. 

4 Konsèy Pou Vakans Nwèl Twopikal Ou. 

Imajine sa : Ou reveye chak maten nwèl anba son kèk zwazo twopikal, w ap pran odè sèl maren anlè pandan w ap admire bèl peyizaj ki vo plis pase yon milyon dola. Sa ka ou menm pandan eskapad ou pou yon nwèl twopikal. 

Men avan w rezève vwayaj ou, dekouvri kèk trik ak astis pou rann nwèl ou enkwayab jan w kapab lòske w ap kite zanj nan nèj yo dèyè do w pou yon destinasyon twopikal pasyonan. 

1| Fè rezèvasyon w bonè. 

Mwa sezon ivè yo pami peryòd ki pi popilè oprè kèk touris k ap vizite zile yo nan Karayib la ak kèk lòt rejyon egzotik. Akoz anpil demann, pri yo kontinye ap ogmante toutotan vakans la ap apwoche. Se sa k fè, pi bon fason w ka ekonomize lajan epi gen garanti w ap jwenn tout sa w vle pou vwayaj la se fè rezèvasyon bonè. 

2| Mennen Lespri Nwèl La Avèk Ou. 

Pa bliye pote nwèl la avèk ou, byenke anpil otèl ak sant vilejyati ap dekore pou rann peryòd sa espesyal pandan ane a pou touris yo, sa pa yon garanti. Sitou si w ap vwayaje avèk timoun, asire w ou pote kèk dekorasyon pou w ranpli chanm oubyen lokasyon w avèk lajwa fèt yo. 

Eseye limite dekorasyon an ak kèk objè leje e konparab, tankou kèk bandwòl an papye, kèk riban, kèk giland e menm kèk asenisè lè pafime nan sapen nwèl. Li egalman itil pou dekorasyon yo jetab, pou w kapab chanje yo epi fè plas nan valiz ou pou kèk souvni nan bagaj ou yo pou lè w ap retounen. 

3| Prepare Valiz Ou Korèkteman Epi Verifye Meteyo. 

Avan w jete linèt solèy, Chapo, bout pantalon ak mayo pou w benyen pami bagaj ou yo, verifye meteyo. Laplipa jounen ivè nan Karayib la fè cho e ansoleye, men lannuit yo ka vin fè frèt suivan kote w twouve w la. San n pa bliye otòn ak ivè se sezon lapli sou zile a. Lapli a pa souvan dire, men w dwe toujou mete w sou men w. Ebyen, pote yon parapli, yon vès pou lapli ak kèk vètman konfòtab ki ka pèmèt kò w rete cho lannuit. Toutoutan vwayaj la ap apwoche, ou dwe verifye meteyo sou zòn kote w prale a pou w asire w ou prepare valiz ou korèkteman. Pa bliye krèm solè w ditou. 

4| Mete W Prè Pou Yon Nouvèl Eksperyans. 

Si w konte patisipe nan tout tradisyon nwèl abityèl yo, ou ka vle repanse vwayaj la. Li enpòtan pou w toujou pare pou w afwonte nenpòt chanjman ak aksepte nouvote lòske w ap fè rezèvasyon pou vakans nwèl twopikal. 

Pi Bon Destinasyon Twopikal Pou Nwèl. 

Kounya, se ki kote w ta dwe ale ? Tout zile yo nan Karayib la mèvèye epi yo inik nan fason yo, deside kiyès nan yo k ap pi bon pou nwèl twopikal ou se pi gwo defi a. W ap twouve anba kèk pami prensipal destinasyon fanmiy, kèk patikilye ak moun ki ankoup plis renmen pandan peryòd fèt yo. 

Zile Kayiman. 

Selebre sezon an sou zile Kayiman. Non sèlman plaj yo ansoleye epi dlo kristalin yo pami pi bon yo nan rejyon sa, men tou w ap ka asiste kèk aktivite nwèl pou fè w santi w lakay ou. Tankou, gen yon vizit kèk limyè nan bis pou nwèl ki tèmine avèk yon repa nan fèt. 

Senkit ak Nevis. 

Antre nan espri nwèl la pandan w ap patisipe nan festivite kanaval sezon ivè nan Senkit ak Nevis. Si w ap chèche kèk vakans anime ak kiltirèl, pa gen yon pi bon destinasyon pase la. Pwofite kèk defile kolore, mizik antrenan, kèk dans amizan ak kèk delisye pla karibeyen mwa novanm pou rive premye semèn mwa Janvye nan kanaval Senkit ak Nevis. 

Pòtoriko. 

Pòtoriko se yon kote ki popilè oprè kèk touris pandan vakans yo. Se yon ti jan pi familye, se sa k pote yon santiman rekonfò lòske w ap pase nwèl lakay ou. Isi a, w ap ka jwenn anpil menm tradisyon, tankou lari a chaje avèk limyè nwèl, kèk espektak nwèl e menm kèk montay annèje byen lwen. 

Bahamas. 

Abiye w avèk koulè vif epi anfile soulye dans ou pou w selebre festival anyèl "Junkanoo" nwèl nan Bahamas. San oken dout, Bahamas se yon andwa ki enkwayab pou vakans. Kèk defile pasyonan, kèk festival ak kèk mache sezonye ak kèk tòn mizik twopikal sa kèk ti bagay pami eksperyans k ap tann ou pou nwèl twopikal ou. 

Beliz. 

Youn pami destinasyon ki pi abòdab pou vakans nwèl se Beliz. Pik sezon touristik yo a etann soti Janvye pou rive Fevrye, w ap remake foul moun ak pri yo vin pi wo pandan sezon vakans yo. Estasyon balneyè, otèl ak lòt etablisman lokal rann sezon sa inik avèk kèk pla tradisyonèl Karayibeyen avèk yon touch nwèl pou selebre peryòd pasyonan sa pandan ane a. Sepandan, Beliz se yon bon chwa si w swete elwanye w sou kèk festivite tipikman nwèl epi pwofite kèk randone twopikal cho ak eksperyans plonje fasinan. 

SOUS: Wanderbig.com, Theblondeabroad.com, Lonelyplanet.com 


Questions? Comments? Contact Us.