Souple tann...

Kèk Konsèy Pou w ka Genyen nan Vant Ozanchè

26 me

 

Kèk Konsèy Pou w ka Genyen nan Vant Ozanchè 

Si w se ajan sou mache aktyèlman, si w konsyan de konkirans ki genyen nan anviwὸnman an. Depi w se yon ajan w ap bezwen gen anpil konesans, anpil foug ak anpil kouraj lakay ou. Se sa k fè nou sanble kèk eleman enpòtan pou ou, pou moun sitou k ap vann kay ak moun ki ofri plis kòb la. 

Nan moman, estòk yo pa wo malgre sa pri yo ogmante pi plis pase sa pa t janm ye oparavan, se sa k fè yon tranzaksyon konsa se yon nesesite pou ajan yo. Mete do konkirans la atè plat ak kèk konsèy sa to. 

1 – Premye ὸf. 

Ou ta renmen jwenn kliyan ofri w gwo kòb depi okomansman. Ebyen, diskite nan yon fason ki djanm byen bonè ak kèk achtè ak kèk lòt moun ou santi ki sou sa. Asire w yo respekte bidjè a e yo pare pou yo kite sa si kontra a pa dewoule jan n te prevwa l la nan bidjè a. Itilize kèk enfòmasyon nan lokalite bò kote w la, pou w byen jere ekilib ki nesesè pou yon bon zafè e yon zafè ki asire. 

2 – Lajan serye konte anpil. 

Premye pati nan depozit la se yon garanti sou acha a. Ogmante valè montan sa ak moun ki anvi achte nan men w lan, pou w fè l santi jan w konsidere l serye. Garanti konn varye ant youn ak de pousan, men mande achtè a pou l ofri w plis. 

3 - Egzije depozit ki wo. 

Eksplike achtè a jan yon bon depo pèmèt yon tranzaksyon pi solid. Apre sa, vandè p ap twò santi l menase pou tranzaksyon an pa echwe. E si yo ka peye ak lajan nan men tout montan an nèt, jis pou evite dèt, l ap pi bon toujou, tranzaksyon ki fèt konsa yo anpil fwa toujou reyisi. 

4 - Dekouraje lide evantyalite yo. 

Moun k ap vann yo pa janm vle pou kay y ap vann nan rete sou mache a, yo toujou anvi e swete sa fèt byen vit pou yo pase nan yon lòt dosye. Sa ki pa t prevwa yo ka bay tranzaksyon an pwoblèm e vandè a p ap janm swete yon bagay konsa rive. Ede achtè w yo jwenn bon mwayen pou evite obstak nan tranzaksyon an. 

5 - Ankouraje fleksiblite. 

Menmjan ak evantyalite yo, toutotan achtè a santi l pi alèz, se toutotan l ap pi enteresan pou n mennen yon tranzaksyon ansanm. Toutotan achtè a santi li apresye, se toutotan w ka rive fè yon pi bon tranzaksyon anpil fwa. Fè kliyan w lan konnen, li nòmal pou vandè a fikse yon dat pou yo debarase kay la elatriye. 

6 - Aprobasyon preyalab la se yon devwa. 

Achtè sitou nan tan sa yo plis bezwen yon apwobasyon preyalab. Lèt preyapwobasyon an pwopoze yon ipotèz sou tranzaksyon ki te fèt labank yo, sou kesyon kredi ak "w-2" yo. Lèt sa ap pèmèt lòt ajan yo konprann ou serye anpil pou kliyan ou reprezante a, ou te konn sa ? Eske se konpòtman sa achtè w la genyen ?  

Asire w li genyen lèt sa nan men l avan ou kwakseswa sou pri kay yo. 

7 - Ajoute lide pa w. 

Mande achtè pou l ekri vandè a yon lèt. Lèt la ka genyen kèk detay sou fanmiy achtè a, kèk rezon pèsonèl ki pouse l kite kay li ladann nan pou l vin nan pa w la, poukisa l renmen kay sila a tou. W ap sezi wè jan sa ap gen anpil enpak pozitif sou tranzaksyon an. 

8 - Ofri pou  kouvri depans pou moun k ap vann nan. 

Eske  kliyan yo serye vre pou yo achte kay la? Mande pou yo pwopoze pou kouvri depans vandè a. Se vre lajan pa tout bagay men lajan konn pale. Se yon bon mwayen ki ka pèmèt balans tranzaksyon an panche plis bò kote w.  

Lesansyèl nan yon lit ozanchè,  

Mache lojman an se rèv tout vandè nan moman an. Se kapab yonn nan premye bagay ou ta dwe di achtè w yo. Kòm ajan imobilye, se devwa w pou w pèmèt kliyan w lan rive genyen tranzaksyon an nan sa w ap ofri vandè ki djanm. E swivan konesans yo sou mache a, yo ka pa menm gentan rekonèt, moun ki plis konsène yo nan tranzaksyon sa. Kominike fason w panse, pataje rezònnman w pandan w ap ede achtè a twouve kay li te toujou reve genyen an. Kounya al chanpyon nan dyèl ki genyen pou yon kay y ap vann moun ki ofri plis kòb la. 

SOUS: Keeping Current Matters, Rocket Mortgage, US News Real Estate 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.