Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
24 me
Byenvini, pou konnen tout bagay sou meyè destinasyon vakans nan Repiblik dominikèn.
Malgré yon lide trè popilè men ki pa fin twὸ vre, tout zile nan Karayib la pa menm bagay. Yo chak inik nan kilti l, moun k ap viv ladan l ak sa li gen pou ofri kὸm zile. Repiblik dominikèn genyen pwὸp fonksyonalite l ke w pa p jwenn kenn lὸt kote nan Karayib la. Me kèk rezon inik ki fè vizitè yo tonbe damou pou DR.
Santo Domengo pou fè touris
Zὸn kolonyal sa se yonn nan zὸn ki pi popilè pou atizana, nouriti ak vi lannwit. Pou sa ka gen pou wè ak istwa rejyon an, Santo Domengo te premye koloni fὸmèl kouwὸn èspanyὸl la te kreye nan lane 1948. E lè koloni an te echwe, li te tounen premye vil kolonyal mondyal Ewopeyèn nan Amerik la. Ak batiman istorik enkonparab tankou, legliz, chato, palè, monastè elatriye, se si ke moun ki renmen achitekti ap kontan la.
Konplèks ak plaj ki gen tout bagay nan Punta Cana
Pou vwayajè ki renmen liks, Punta Cana se andwa ideyal la. Depi nan ayewopὸ, vizitè yo ka tou antre nan yon konplèks kote y ap jwenn tout bagay epi y ap tou plonje nan kilti dominikèn nan. Ak 11 plaj, surf, ploje an apne, plonje anba lanmè, lapèch, kanotaj, cheval, gὸlf ak anpil lὸt bagay, ou pap ka twonpe w, si w chwazi rete nan Punta Cana.
Si w pa t konn tande pale de Six Senses Spa, ou ta dwe verifye epi rezève yon sèvis avan w kite. Ak nèf (9) sal kote yo bay swen, yon espas pou detant, yon paviyon pou yoga, hammams ak saunas, tout sa nan mitan oseyan, w ap santi se zèl w ap pouse nan spa de rèv ou.
Plonje nan Bayahibe
Vilaj Bayahibe pafè pou yon bon eksperyans an tout sekirite lajounen tankou lanwit. Isit la, vizitè yo kapab fè ekskisyon nan catamaran sou zile Saona pou fè plonje ak vwal ki pa gen parèy. Pou fè pi bon plonje, vizite resif koralyen epav yo. apre sa, ou kapab wè Parque National Cotubanama (pak nasyonal Kotibanama), ki se yon pak nasyonal ki ofwi randone ak eksperyans nan lanmè.
La Romana pou yon eksperyans gwo kalite.
Ou jwenn li, sejou a rich, pi selèb isit la. Zὸn sa pa pou moun ki pa gen lajan k ap chèche yon kote pou pase yon bon nwit ap dὸmi. Men, sit akewolojik yo fasinan..
Juan Dolio pou tout fanmiy lan.
Ak pak atraksyon, lapèch ak touris agrikὸl, yon ekskisyon pandan yon jounen nan Juan Dolio ta dwe sou lis la pou vakans ak fanmiy lan. Vizitè yo rete nan Sen Domeng, epi pwofite de rejyon an pandan 40 minit nan vwati. Isit la, w ap trouve kote pou w rete nan pri ki pi abὸdab ak konplèks ki gen tout bagay ansanm otèl ak plaj ki pi piti.
Las Terrenas se pou koup.
Ak anpil kilomèt plaj, rivyè, kaskad, solèy k ap kouche deyè falèz ak dans bachata chak swa, ou pa ka twonpe w lè w mennen boubout ou nan Las Terrenas. Zὸn sa pra l vizyon ideyal ou pou vakans nan Karayib la si se sa w ap chèche. Ak sèt plaj ansanm ak ekskisyon nan bato sou kanal magwὸv, vakans womantik ap tann ou.
Puerto Plata
Nan nὸ Repiblik Dominikèn ou jwenn Puerto Plata, nan yon sèl w ap jwenn montay ak plaj. Alize Atlantik la bay opὸtinite eksepsyonèl pou planch a vwal, kitsurf ak kapti vag yo. sepandan, kote w chwazi pou fè sejou a depann de eksperyans ke w swete viv. Pou jèn yo k ap chache aktivite lannwit, Cabarete se destinasyon boèm ki pap desevwa w. Men pou lafanmi, ou dwe fè yon vire sou San Felipe. Montay ak plaj sab dore, genyen pou tout fanmiy la,
Vwayaje nan Repiblik Dominikèn
Konnya, se tout bon ou tonbe damoun pou al pase vakans nan Repiblik Dominikèn. Me direktiv CDC yo pou ka vwayaje nan DR. Repiblik Dominikèn kontan akeyi tout vwayajè an sante ak sekirite.
Anplis, ou dwe konnen ke yo leve restriksyon pou vwayaje nan DR.
Alὸs, kisa w ap tann ? vin pwofite de ekipman nan DR epi danse tout lannwit.
Sources: thenomadvisor.com lilylilyphotography.com and cdc.gov