Souple tann...

Ide koman pou amenaje ti espas piti yo

01 mas

Foto: koutwazi bialasiewicz

Ke w ap prepare w pou vann kondo oubyen kay ou , ou ke w swete dezankonbre sante mantal ak bonè w , ou dwe fè prèv kreyativite pou trouve yon plas pou tout bagay lèw pa gen gran espas.

Ide pou ranje ak entelijans

  1. Kote ou mete manje

  • Libere espas anndan kote ou mete manje pandan wap mete tablèt anba pὸt la (hgtv.com). Etajè ke w mete kroke  nan pòt kote ou mete manje trè bon pou mete kèk ti atik ki ka pedi fasil sou etajè yo.
  • Mete konsèv yo sou elevatè  pou pèmèt ou wè pi fasil saw genyen , rekipere saw bezwen , e evalye sak rete nan depo le'w pwal achte (hgtv.com) .
  1. Papye kado

  • Achte yon charyo ki gen tiwa pou mete papye kado yo. Chèche sak gen bak vètikal sou kote ki ka kenbe roulo papye ambalaj yo.
  1. Garaj

  • Pou genyen plas , mete kwochè nan garaj pou ka pandye  bekan , ekipman espò....
  • Kroke zouti yo sou yon pano ki pèfore
  • Mete etajè ki ka kenbe bwat ak bak .
  • Ranje limyè Nwèl yo sou yon bobin ak yon pwanye pou evite yon pakèt fil melanje ak pou fè bobinaj ak deroulaj san traka

     4 . Antre

  • Ranje yon antre ak bak e panye ki dezinye pou chak manb nan fanmiy lan . Ou kapab ὸganize chak panye pa atik . Ajoute kwochè  nan mi pou vès , valiz , parapli yo ak valiz nan do
  1. Amwa ak tiwa kizin

  • Ranje Plak pou patisri e moul pou fè ti gato yo nan lòd vètikal nan yon amwa olye ke yo ranje nan fon nan tiwa
  • Itilize oganizatè Cheviy anba tiwa yo ou anndan amwa yo pou kapab byen ranje bagay ki konsève aliman yo , kaswòl ak pwalon ak kouvèti yo.
  • Ajoute espas an plis nan amwa a pandan wap ajoute yon dezyèm ak etajè amovib. Etajè metalik bon mache yo fonksyone byen e double kapasite pou pran plis.
  • Mete byen imobilye presye yo nan amwa yo pandan nap konstwi yon etajè flotan pou boutey ak vè koktèl

    6. Chanm envite

  • Ajoute yon ban pou ranje kouvèti yo , lenj kabann  ak zorye an plis. Chèche ak mwens traka yon espas ki pa twὸ piti

    7 . Plaka

  • Si w pa byen ranje plaka, sipopilasyon an inevitab. Amelyore plaka rad ou pandan wap retire saw pa mete selon sezon pandan wap mete yo lὸt kote , tankou amba kabann nan ou sou etajè
  • Valiz an twal ki di se bon chwa pou plase rad ak soulye kew pa mete pandan sezon an.  Bak ou sak plastik ke lè ka antre , retresi  e sele bon pou mete kote moun pap wè.
  • Mete kèk sent an kaskad e dispoze rad yo pa kategori, tankou mayo sou yonn , chemiz sou lὸt. Sa ap double espas kew aranje a .
  1. Jwèt

  • Minimize ankonbreman jwèt yo timoun yo, sere anpil nan yo nan bak pou transparan byen ranje nan garaj . Tanzantan pivote jwèt yo lakay nou an pou ka gade yo aksesib e an bon eta.
  • Fikse valiz an filè ak vantouz sou kote pawa beynwa a pou ranje jwèt benyen yo .
  • Retire jwèt yo nan bwat ki gro e mete yo nan bagay plastik transparan ki pi fin e piti
  1. Kontwa nan kizin

  • Si evye pa gen ase espas pou sechwa , konstwi yonn sou evye a . Fikse amwa siperyè , e dlo veso yo ap koule dirèk nan evye a .
  • Pandye istansil kizin yo nan pano ki pèfore olye nou ranje yo nan gro po sou kontwa a..
  • Envèsti nan èstasyon chaj ou oganizatè  ak anplasman pou kenbe tout aparèy elektronik fanmi an Tankou telefὸn , tablet, elatriye. Yon estasyon fichye gade aparèy  chak moun kapab aksesib e fasil pou lokalize pandan yap eseye kontrole pou yo pa gaye sou kontwa a.
  • Itilize yon pòt revi ou yon sipò planch pou dekoupe pou ranje planch pou dekoupe a nan fason vètikal e evite ke yo tombe epi okipe espas an plis.

Avek refleksyon estratejik sa nous kapab itilize espas yo pi byen e aranje mye , sa k'ap pèmèt ou dezankonbre kay la e bay espas la yon lὸt aparans ki pi gran.

Pou plis konsèy pou ti espas, tcheke blog nou an sou espas kondanse isit la.

Sous:
hgtv.com
zillow.com


Kontak