Souple tann...

Destinasyon vakans : Potoriko

02 des

Destinasyon vakans : Potoriko 

Byenvini, pou konnen tout bagay sou meyè destinasyon vakans nan Potoriko. 

Chak zile nan Karayib inik nan fason pa yo, e Potoriko pa fè eksepsyon. Potoriko rich an delis twopikal ak nan enfliyans kolonyal kilti, abitan, istwa ak lavi ensilè li. Bèl plaj ak palmye, sab dore, vag ak anpil lòt bagay ankò atire vizitè lemond antye. 

Potoriko se pi piti zile nan Karayib la ki sitiye nan Grand zantiy a lès Repiblik Dominikèn. Kilti karibeyèn èspanyòl a touch amerikèn sa anblematik. Alò rejwenn nou pou yon eksplorasyon potorikèn ak  Kayifi's Caribbean Destinations : Puerto Rico. 

Prensipal karakteristik destinasyon vakans nan Potoriko 

Potoriko se yon zile paradizyak, se vre. Vizitè ak rezidan yo kontan lè y ap gade kouche solèy e yo tonbe damou de istwa ak kilti kolore. Tèlman genyen bagay pou planifye pou vwayaj ou sou zile a. 

**Konsèy: Ou dwe absoliman eseye Mofongo, yon spesyalite lokal. Pla sila konpoze ak pire bannann, vyann, fui lanmè ou legim, tout sa akonpanye ak yon sòs. 

Plaj yo, Potoriko genyen anviwon 300 maylz kot, prèske tout gen plaj. Asire w ke w vizite plaj  Luquillo pou trankilite l, dlo yo kalm e li pa frekante menm jan ak lòt yo. Plaj Seven Seas genyen yon sab bren dore ak yon plaj ak pwent dous ak enstalasyon, consesyon ak plis ankò. 

Vieques e bè byoliminisans –Dekouvri stasyon balneyè popilè ak otèl, restoran, boutik e galri wo gàm . vizitè yo kaptive pa byoliminisans Mosquito Bay lanwit. Ak yon sansasyon ti zile, zile 21 pye nan longè ak 5 maylz lajè sa se yon mèvèy. 

Plaza Las Americas – pi gran sant komèsyal nan Karayib la. 

Casa Bacardi – pi gran izin wonm nan lemond. Se Potoriko pina colada te envante. 

Forè nasyonal El Yunque – a kote montay Luquillo, El Yunque se sèl forè twopikal nan sistèm forestye Etazini ki resevwa plis pase 12a pous lapli pa ane. W ap jwenn santye, randone, chit  La Coca, latou Yokahu, Bano Grande, Bano de Oro ak chit de La Mina. 

Old San Juan – Retounen nan yon lòt epò nan San Juan Viejo. Achitekti kolonyal ak ansyen fò ap transpòte w nan listwa zile a. antan ke  dezyèm vil ki ansyen nan Amerik la, ou ka eksplore, aprann, fè shopping e menm rete nan plis pase 500 zan listwa. E pa bliye vizite fò El Morro, Fortaleza, ak anpil lòt. 

Katedral San Juan – Katedral sa gneyen ladan l rès selèb eksploratè èspanyòl Juan Ponce de Leon. 

Obsèvasyon balèn e surf nan Rincon – Antan ke maton surf, plaj ak benyad yo repite nan lemond antye. E ou ka menm al obsève balèn an sezon, soti mi janvye a mwa mas. 

Gwòt Rio Camuy – sistèm pak sa genyen 268 ekta e se twazyèm pi gran sistèm gwòt nan mond lan. Desann nan tramway jiska 200 pye pwofondè nan Cueva Clara Empalme. 

Isla Verde – W ap chèche yon konplèks ki gen tout bagay ak yon aksè fasil ? Isla Verde genyen plaj ak sab blan, palmye tout a kote lari ak dlo kalm. 

Vwayaje nan Potoriko 

Potoriko se yon teritwa kip a enkòpore nan Etazini, sa ki fasilite vwayaj nan zile yo pou sila yo ki soti nan Amerik la. Ou pa menm bezwen paspò pou antre ou menm yon plan entènasyonal pou telefòn ou. E lajan yo itilize se dola ameriken. 

Li fasil pou vwayaje la, jis paske w ka ale nan avyon oubyen nan bato nan zile paradizyak sa. Laplipa gran konpayi ayeryèn pwopoze vòl san èskal soti  nan gran vil amerikèn yo ale Potoriko. 

Ou renmen lide vakans nan Potoriko ? ak tout evidans, Potoriko kontan pou akeyi tout vwayajè an tout sekirite e an bòn sante, paske nou rèspèkte potokòl pou vwayaj yo. jis fè yon gade isit la  Pou vwayaje an tout sekirite nan potoriko. 

Kisa w ap tann ? Vin pwofite de lavi ensilè ke Potoriko ofri. 

SOUS: discoverpuertorico.com, planetware.com, travelsafe.pr.gov 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.