Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
11 nov
Felisitasyon ! Ou pre pou vakans nan Karayib yo e ou chwazi yon andwa enkwayab. Zile Vyèj ameriken yo se yon ekselan mwayen pou w evade w pandan w toujou rete nan teritwa familye w. Se yon sὸt de staycation si ou soti nan Amerik la. E nan nenpὸt lὸt kote, nou swete w byenvini nan zile vyèj ameriken yo.
Aprann konnen zile vyèj ameriken yo
Konnen zile vyèj ameriken yo, se renmen zile yo. Sitiye nan ti Antiy yo, teritwa ameriken sa genyen yon senkantèn kay ak zile. Bote natirèl zile yo evidan e yo chaje forè twopikal, mayifik plaj, montay liksziryant ak krik wochèz. Ansuit, genyen dlo kristal yo ki chaje vi marin e ki rele tou plezansye yo, najè yo ak plonjè yo.
Kèk nan zile yo ke w konnen petèt pi byen yo se Sent Kwa, Sen Jan ak Sen Toma.
Sent Kwa
Antan ke pi gran nan 3 zile yo, Sent Kwa abrite Buck Island Reef. Resif sa a se premye moniman soumaren nan peyi a e li mande pou vizite l vre. Sou zile a genyen tou plantasyon kann, santye patwimwàn nan ak jaden liksziryan yo. Men kèk bagay ou dwe genyen nan sejou w la.
Eritaj Trail, Sent Kwa – Yon santye pouw kondwi a 72 maylz prezante isit la pou vizitè yo kapab aprannn davantaj sou tradisyon danwaz yo ak atraksyon natirèl zile a. La, wap pase pa plis atraksyon.
Christiansted, Sent Kwa – Se pi gran vil nan Sent Kwa e li genyen pὸ zile a. Touris yo renmen gade mezon kolonyal yo ak achitekti neyoklasik la. E pa bliye vizite pak istorik Salt River Bay la, kote Kristὸf Kolon te ateri sou sol ameriken an.
E pa bliye ke divès enfliyans kiltirèl yo akonpaye de anpil evènman, de degistasyon pla yo, de mizik ak fèt ke w ap toujou sonje tout lavi w.
Sen Jan
Zile sa a se rèv yon ekotouris. Ak plis pase 2 tyè zile a ki dedye a pak nasyonal yo nan zile Vyèj yo, vizitè yo pap manke jwenn bagay pou yo fè. Asire w ke vizit ou genyen randone ladanl, plonje an apne, pèch, navigasyon plezans ak plis toujou.
Trunk Bay Beach & Underwater Snorkel Trail, St. John – Sitiye nan pak nasyonal zile Vyèj yo, se yonn nan pi bèl plaj nan Karayib yo. La, plonjè yo ak snorkelers yo kapab wè plis pase 30 espès pwason ak resif koralyen etikete.
Vakansye yo kapab pwofite jounen aktiv nan rejyon an oubyen detann yo nan plaj imakile yo. E se zile tou ki pi ekonomik.
Sen Toma
Pὸt dantre sa nan achipèl la pi prize pou vakansye yo e kapital la nan zile Vyèj ameriken yo. De tout evidans, bato yo akὸste isit la pou manje, fè shopping ak divèti yo anplis de bèl plaj yo. Cruzy Bay se sant vil St. John e li sinome “Love City”. E pi souvan, moun yo rekonèt li ak mezon pastèl ki sou bὸ kot la. Zile a genyen tou atraksyon siplemantè sa yo.
Charlotte Amalie, St. Thomas- Kapital zile yo se yon kote ki pi popilè pou w ajoute nan itinerè ou. Pwofite po a ak tout komès li yo ak restoran yo ansanm ak plaj li yo. Apresa, genyen anpil lὸt aventi ankè pou w wè.
Coral World Ocean Park, St. Thomas – Eksperyans marin e entèaktiv sa ofwi plezi pou tout fanmi an.
Magens Bay, St. Thomas – Yonn nan pi bèl plaj nan mond la, lanmè a kal e bè a anfὸm fè cheval envite w nan espὸ notik ak plis ankὸ. Wap jwenn tou Tropical Discovery Hike, ki se yon resèv 75 ekta.
Kondisyon vwayaj pou zile Vyèj ameriken yo
Lè wap oganize yon vwayaj nan zile Vyèj ameriken yo, asire w ke w ranpli Filtraj pou Vwayaj USVI pandan wap vizite potay la. E menm jan pou tout destinasyon yo nan Karayib la, asire w ke ou verifye egzijans COVID-19 la si yo a jou, paske yo kapab chanje souvan nan nenpot moman. Vwayaje an tout sekirite e panse tou a sekirite lot yo. Pa bliye rèspèkte distans sosyal la, mask ak lὸt pwotokὸl sante pou asire sekirite zile yo ak vizitè yo.
SOUS: Gotostcroix.com, grandbaystg, frommers.com, planetware.com