Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
29 des
Pran yon poz nan mitan foul tipik nan Karayib la pandan w ap vizite zile remakab ki rele Bonè a. Ti zile sa gen yon oseyan avèk lòt eksperyans avèk opòtinite ki inik ki pral kreye kèk souvni remakab nan ane k ap vini yo.
Kit se pou w al achte nan gwo magazen endepandan nan bèl kapital la oubyen asiste plizyè milye flaman woz nan dlo sale, ou p ap regrèt al pase vakans sou zile sila.
Kontinye lèkti a pou w konnen plis bagay sou zile sa. Epi kòmanse prepare valiz ou pou w vwayaje sou zile Bonè. Zile enkwayab sa ka sètènman rantre nan lis bagay ou ta renmen reyalize yon jou.
W ap chèche yon lòt eskapad twopikal?
Pa chèche l pi lwen pase Bonè. Bèl zile sa fè pati zile ABC yo, avèk Awouba ak Kiraso. Byenke li pa twò popilè menm jan ak zile vwazen li yo ki gen anpil liks, li adrese l ak yon piblik ki diferan : amatè nan kesyon sansasyon ki fò ak ekotouris. Sitou, yo rekonèt zile a pou enkwayab espòt plonje nan dlo ak resif koralyen li yo ak lavi nan lanmè ki byen jere.
Ki pi bon moman pou w vizite Bonè?
Pi bon sezon pou w vizite Bonè sitiye ant mwa Novanm ak Avril. Touris yo renmen pwofite tan an lè tanperati a nan 80 degre konsa avèk solèy la pandan lòt mwa ki fè frèt yo lakay yo. Si w prefere vizite lè foul la ak pri pwodwi ak sèvis yo pa twò wo, rezève vwayaj ou a ant mwa Me ak Oktòb. Anpil zile nan Karayib twouve yo pa twò lwen senti ouragan yo, sa ki rann vwayaj pandan sezon ouragan yon ti jan riske. Men se pa pou zile Bonè. Kote l plase a mete l anwo tèt ekwatè a, sa ki rann tanpèt twopikal yo pa twò frekante zile parapò ak lòt destinasyon yo nan Karayib la.
Pou w pase vakans sou zile Bonè : kèk bagay ou ka fè.
Genyen pou tout gou sou zile Bonè ! Kontinye lekti a toujou pou w dekouvri bèl eksperyans enkwayab k ap tann ou ak fanmiy ou, sou zile sa nan Karayib la ki inik nan fason li.
1| Eksplore kèk mond anba lanmè
Gen kèk moun ki deklare, fè yon vwayaj sou zile Bonè san w pa plonje nan bèl mond ki twouve li anba lanmè a, ap rann vwayaj la pa konplè. Kèk plonjè konsidere Bonè tankou yon paradi iltim pou yon rezon byen espesyal. Pandan anpil ane, zile a rive pwoteje lavi anba lanmè a ak resif koralyen yo, se sa ki pèmèt li genyen youn nan resif ki pi dinamik, ki pwòp e ki entak sou planèt la.
Kit ou se plonjè pwofesyonèl oubyen debitan, gen eksperyans inoublyab pou tout moun. Ou ka menm aprann plonje sou zile a menm. Oubyen, si plonje nan lanmè se pa bagay ou renmen, gen lòt posibilite pou w plonje nan apne. Men si w chwazi fè l, eksplore mond anba lanmè a sou zile Bonè se yon bèl eksperyans.
2| Vizite lak woz yo nan yon lòt mond
Pandan moman vakans ou yo sou zile Bonè, w ap gen anvi vizite bèl marè salan ki antoure avèk bèl mòn ki kouvri ak sèl blan atifisyèl. Se yon espektak sireyalis k ap san dout youn nan souvni w ap gen anvi pataje pandan anpil ane.
Zòn nan gen yon istwa ki fasinan. Bonè te toujou yon gran pwodiktè nan kesyon sèl, jis kounya. Sa gen anpil ane, travayè yo te konn viv andedan ti kay ki fèt avèk sèl atifisyèl nan mitan marè salan. Yo kontinye fè ensilè yo sonje istwa yo kòm pèp ki te difisil ak zansèt yo ki te rezilyan.
3|Gade plizyè milye flaman woz
Dekouvri ankò plis mèvèy woz pandan w ap vizite sanktyè flaman woz yo sou zile a. Bonè se youn nan kat kote eksklizif nan mond la, kote flaman woz nan amerik la toujou ale anpil pou yo ka repwodwi. La, w ap wè yo anpil pandan sezon repwodiksyon yo, ki sitiye jeneralman ant Janvye ak Jiyè.
Zòn sa atire flaman woz yo gras abondans krevèt yo k ap viv nan dlo sale yo. Se vrèman yon espektak enkwayab e vizit sila a gratis. Ou ka rezève tou yon ekskisyon ònitolojik pou w konnen plis bagay sou kreyati fasinan sa yo ak letan sale yo renmen yo.
4| Planifye yon vwayaj nan rezèv maren ki pi ansyen nan mond la
Bonè te yon pyonye nan mouvman anviwὸnmantal mondyal yo. Sou zile inik sa, w ap dekouvri rezèv maren ki pi ansyen nan mond la, ki te kreye nan ane 1979. Pak maren nasyonal Bonè a te rive kreye, apre ensilè yo te kòmanse ap pwoteje popilasyon yo a fas ak tòti, epi yo te entèdi moun chase anba lanmè ak pwoteje resif koralyen yo.
Sèlman nan pak sila a, 86 plonje piblik posib alafwa nan bato ak depi bò lanmè a. W ap ka naje, navige, plonje ak fè kayak nan mangwòv yo.
5|Al pwomennen nan kapital kolore Bonè a
Yon lòt bagay enkontounab ankò lè w pase vakans Bonè, se eksplore kapital limine ak kolore zile a, ki se Kralendik. Mitan vil la aksesib apye epi l gen anpil boutik lokal, magazen atizana, akad, ba restoran elatriye. Kay yo pentire ak koulè diferan ki amizan, ki pèmèt destinasyon an vin yon zèv enkwayab. Ou p ap jwenn magazen ki vann gran mak. Kalite chaman sa rann zile a patikilyèman inik parapò ak lòt zile yo nan Karayib la.
Manje nan youn nan restoran familyal yo epi pwofite achte pandan w ap retounen lakay ou. W ap jwenn zèv enteresan ki fèt avèk sèl maren zile a menm. Pou w jwenn plis posibilite pou w achte, ale nan Bonaire art and craft market, ki toujou fonksyone lè gen yon bato touris nan pò a.
6| Pwofite solèy la
Pou fini, kouwone eskapad twopikal ou a avèk yon ekskisyon sou youn nan 22 plaj enkwayab Bonè yo. Kèk nan bò plaj sa yo genyen yon sab koulè blan e dou, tandiske gen lòt ki gen koulè ki pi fonse akoz koray yo ak kokiyaj yo ki kase.
Detann ou avèk yon koktèl ensilè nan men w nan lak Bay ki gen yon sab blan ak yon bèl peyizaj. Se kapital planch avèk vwal nan Karayib la tou, kole veliplanchis eksperimante yo ka rejwenn gou lavi yo epi debitan yo ka aprann espò sa.
Si w ta renmen antoure w ak anpil moun k ap pwofite eksperyans sa avèk ou, chwazi Eden Beach. Se youn nan plaj ki plis frekante sou zile Bonè e li se yon zòn cho pou touris ki renmen fè kwazyè.
SOUS: Travel.usnews.com, Atastefortravel.ca, Justinpluslauren.com