Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
03 jen
Grace Bay Beach
Foto: Koutwazi @straubmuller
Eske ou soufwi strès pou stil de vi mouvmante w ap mennen an? Si se nan ka sa ou ye, bon jan vakans pezib nan zile Karayib yo nan Turks and Caicos se remèd pafè pou ou. US News and World Report dekri zile Turks and Caicos tankou yon destinasyon mayifik ak izole ki “prèske abandone” e ki « genyen sab blan ki bòde ak yon dlo ble sentiyant, resif koralyen kolore, benyè ak kokiyaj kwoustiyan ak yon atmosfè somnolant ak lejè » (travel.usnews.com).
Zile Turks and Caicos se achipèl ki genyen anpil zile koralyen ak bas altitid nan osean Atlantik la –yon teritwa britanik doutremè nan sidès Bahamas (google.com). Genyen anviwon 100 zile ak kay ki nome nan zile Turks and Caicos e genyen 9 ki abitab (visittci.com). Tankou non peyi a di l la, genyen 2 gwoup zile : zile Turks nan Gran Turks ak Salt Cay nan pati lès la ak achipèl ki pi gran nan zile Caicos nan Pwovidansyal, Nò Caicos, mitan Caicos, lès Caicos, sid Caicos ak lwès Caicos. Lwes (visittci.com). Pasaj Colombus lanan 32 km lajè ak 5 000 pye (1,5 km) pwofondè divize 2 gwoup zile (visittci.com)
Dapre U.S. News and Report, rezo zile ak kay sa a genyen twa pèsonalite dominant (travel.usnews.com) :
Pwovidansyal (Pwovo)
« Yon jwayo nan Karayib la », zile Pwovo ofwi yon seri plaj ak dlo oseyanik ki pi spektakilè ak wot kalite nan mond la, tankou plaj Grace Bay, ki genyen renome mondyal ak renome entènasyonal, plaj izole Leeward ak bè kal Taylor. Ak plaj Sapodilla Bay (visittci.com).
Plizyè plaj nan Pwovo posede resif anime tou pwe rivaj la, ki fὸme plizyè sit plonje an apne pafè pou wè koray, pwason, rè pastenag, zetwal lanmè, kokiyaj ak tὸti (visittci.com).
Tankou jan sa dekri nan Visit Turks and Caicos Islands lan, « Kèk kot ofwi anpil sab blan, ak lòt ki ankadre ak falèz ak wòch kalkè, men tèm komen ak enpwesyonan an se dlo ble tikwaz enkonparab oseyan an » (visittci.com)
“Yon tent tikwaz eklatant, Chalk Sound se yon mayifik lagon ak depo kalkè ki separe ak oseyan an pa yon mens etandi sab…. Paseme nan dlo sentiyant se miniskil zile rochez ak somè tou vèt, ki abrite anpil igwàn (planetware.com). Sitiye nan anviwon 20 a 30 minit wout Grace Bay, katye a se yon kote ideyal pou pwan foto ( planetware.com). Ou kapab eksplore dlo klè yo si ou lwe kayak oubyen planch a pagè, oubyen ou kapab monte nan yon kwazyè an ponton (planetware.com)
Rekonèt lokalman sou non zile igwàn « Iguana Island », Little Water Cay sitiyel nan anviwon 456 mèt ak lὸt kote lanmè a depi Pwovo e li abrite igwàn ki ra anpil ak sila yo ki an vwa disparisyon. Monte a bὸ yon kwazyè touristik pou wè de pwè senpatik kreyati sa yo ( planetware.com).
Zile a pwopoze de santye pou pwomennen ki fè wonn kote nὸ ak sid zile a, pou ke w kapab wè igwàn yo san ou pa pètibe abita natirèl yo (planetware.com).
Pandan sejou ou, ou kapab tou pwofite de sipèb plaj yo ak dlo a. Kayak la tou disponib, men ou met konsyan sou fὸ kouran nan kanal la (planetware.com).
Gran Turk
Patisipe nan yon vizit gide nan ansyen ruin ki depase 200 lane yo nan plantasyon koton sa a epi koute istwa sou defi ke pwopwiyetè yo konfwonte, Thomas Stubbs ak frè li Wade, alὸske yo t ap lite kont epwizman latè, sechrès ak ouragan (planetware.com). Kèk kotonye siviv ankor pami ruin yo (planetware.com).
Kizin lokal, atizana, mizik la, ak nan twal de fon sipèb kouche solèy la sou plaj la fè yon sware amizant ak meyè fèt nan vil la (TripAdvisor.com).
Jis nan laj stasyon balneyè Coral Gardens, gen yon santye k ap gide w nan avanti w la. Gen yon seri pano k ap ede w idantifye diferant espès ke w ap jwenn sou wout la (TripAdvisor). Kelkeswa mini gwὸt ak krevas nan resif la ke w ta deside eksplore, anpil varyete pwason kolore ou kapab wè anndan ak deyὸ abita yo, epi ou kapab menm wè tὸti lanmè kap naje tou pre a (travel.usnews.com)
Sèl pakou 18 twou nan zile Turks and Caicos, mayifik pakou sa ak yon touch karibeyèn pèmèt kliyan yo fè yon twou nan yon mitan palmye ak kalkè an sayi (travel.usnews.com). Dapre US News and World Report, « plant endijèn nan Turks and Caicos yo antoure fairways yo, epi ou kapab wè flanman woz tou pwe plant yo …. Tan ki preske pafè nan Pwovo pèmèt golfè yo pase fasilman jounen yo deyὸ nan metrize sa. Kou likziryan 20 lane “(travel.usnews.com)
Gran Turk
Antoure pa yonn nan sistèm resif koralyen ki pi gran nan mond lan, zile Turks and Caicos yo sitiye yo sou yon vas plato sou maren ak tonbe espektakilè ki pa lwen rivaj la (planetware.com), sa ki fè yo yon ekselant destinasyon pou plonje sou mi – an patikilye nan Gran Turk.
Laplipa meyè sit plonje ak tuba ak plonje yo aksesib depi sou rivaj la, ak epav yo, ansyen ak nouvo, yo epapiye yo nan dlo sa yo (planetware.com). Nan Lès Gran Turk genyen pasaj Columbus la ki fè 35 kilomèt lajè, ki separe zile Turks ak zile Caicos epi li konstitiye yon wout migrasyon pou zannimo maren yo(planetware.com). Selon peryὸd nan lane a, plonjè yo kapab wè balèn, dofen, tὸti ak rè (planetware.com)
Nan yon kout pwomnad sou bato sou kot lès Gran Turk la, Gibbs Cay, ki pa abitab, posede dlo klè plen rè ki tèlman aksesib « yap naje jis rive vin jwenn ou tankou seti chy en » (planetware.com). Anplis pou manje, karese ak naje ak rè yo, ou kapab fè plonje ak tuba sou tout longè resif koralyen yo ki antoure plaj la epi pwofite yon piknik pandan w ap obsève yon gran popilasyon zwazo lanmè (planetware.com).
Salt Cay
Zile istorik sa lontan te pi gran pwodiktè sèl nan mond la, ki te pilye ekonomi zile Turks and Caicos yo nan fen lane 1600 pou kὸmansman lane 1960 (planetware.com). Ak yon fèb popilasyon imèn, moun k ap chèche izὸlman yo vini nan Salt Cay pou detann yo sou plaj sab blan yo, plonje oubyen fè la plonje ak tuba nan resif koralyen yo, dekouvri istwa fasinan zile a ak repere balèn ki genyen bὸs yo lè yo nan migrasyon anyèl yo soti fen janvye pou rive komansman avril (planetware.com).
Ti kantite devlὸpman ki genyen nan Salt Cay la twouve l nan Balfour Town, kote pwensipal atraksyon touristik la se Mezon Blanch la, yon ansyen kay majèstye yon machann sèl, ki te konstwi nan 1835 ak rὸch ballast epi li te meble ak antikite (planetware.com).
An rezime
Nenpὸt sa ou ta rive fè nan Turks and Caicos, vizit ou a ap vrèman chaje bote ak detant.
Sous :
google.com
planetware.com
travel.usnews.com
tripadvisor.com
visittci.com