Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
03 okt
Eske w ap chèche yon vwayaj twopikal pafè? Anvizaje vakans nan Sent Lisi, jwayo chaman sa ki kache, chaje avanti eblouyisan nan Karayib la. Plis moun kontinye ap konnen zile paradizyak sa chak jou e vizitè yo retounnen lakay yo kontan pou bon eksperyans yo sot viv.
Nan Sent Lisi genyen 2 gwo pik vòlkanik, yon peyizaj likziryant ak rivaj trankil. Isit la, genyen yon bagay pou chak vizitè : plonje anba lanmè, gade chit dlo, benyen nan sous cho terapetik epi eksplore istwa zile a ki rich anpil.
Kontinye li pou dekouvri kisa savle di pae vakans nan Sent-Lisi.
Kiyès ki ta dwe pase Vakans nan Sent-Lisi?
Sent-Lisi se destinasyon twopikal ideyal pou tout kalite moun. Fanmiy yo gen souvni de bèl pwomnad, ekskisyon pasyonan ke yo ofri sou zile a. Gwoup jèn vwayajè yo ak sila ki rennmen adrenalin pral amize yo anpil nan Sent-Lisi. Epi moun damoun kap chèche kote womantik ap pwofite de payizaj sezisan ak eksperyans ki rapwoche yo.
Konsa, menm si w ap vwayaje ak jèn timoun, menaj ou oubyen gwoup timoun, vakans nan Sent-Lisi pap desevwa w.
Ki meyè peryòd pou ale nan vakans nan Sent-Lisi?
Pandan tout ane a, abitan ak touris yo pwofite bon tan cho ak tanperati mwayen ki soti nan 70 a 80 degre. Chaje konnen kilè pou rezève vakans twopikal nan Sent-Lisi pra l depann desa ke w pral fè.
Pou evite sezon lapli nan Karayib, ou ta dwe fè vwayaj la ant desanm a me. Sepandan, pou asiste a kèk festival ki pi selèb yo, sezon prentan se moman ideyal pou rezève vwayaj la. Moman lete chaje touris ak aktivite. Meyè moman pou vizite depann de wou !
Aktivite nan Sent-Lisi
Vakans nan Sent-Lisi ofri bèl ekperyans dekontrakte ak avanti palpitan ! kontinye li pou wè kisa vwayajè renmen apre yo fin vizite jwayo sa nan Karayib la.
De gwo montay yo nan Sent-Lisi ofri yon bèl spektak. Alòs ke anpil vizitè renmen admire bote sa de lwen, randone ou plonje otou de Piton yo se yon eksperyans ke amoure lanati yo pap vle manke.
Gwo Piton an kanpe byen wo, ak somè li ki rive jis nan 2 618 pye nan lesyèl. Dezyèm somè a, Ti Piton, yon tijan piba li mezire 2 460 pye. Wòch yo rich ak listwa e yo fòme a anviwon 250 000 lane pa aktivite vòlkanik. Randone a difisil e li rekòmande pou se moun ki gen anpil eksperyans ki fè l. Sepandan, menm plonjè debitan yo ka eksplore falèz, anba lanmè ak gwo mòn.
Yon bagay pou w pa manke pandan vakans nan Sent-Lisi se eksplore anba lanmè. Plonje nan dlo kristal epi rankontre lavi remakab anba lanmè zile a. Genyen anpil sit plonje ak snoekelin ki aksesib pou debitan tankou pou sila ki déjà konfime yo.
Kite nou siprann ou ak resif koralyen vibran, falèz ak kavèn akwatik. Naje pami pwason grenouy, pèwokè, woujè, zangi ak menm barakouda !
Men m si w ap vwayaje ak yon jèn fanmi, antan ke koup jèn marye oubyen ak zanmi, eksperyans plonje nan Sent-Lisi ap tounen souvni ke w ap renmen pou tout lavi.
A anviwon inè de kapital Sent-Lisi, nou jwenn chaman vilaj pechè Soufriyè, ligne yon listwa ki rich. Batiman yo akote plaj trankil kolore api chaje ak karaktè ki ekri sou yo. Isit la w ap jwenn yon bèl wi enkwayab sou de Piton yo sou zile a.
Sa fè lontan Soufrière sete kapital ki pi anime sou zile a. Pandan vakans nan Sent-Lisi, pase yonn ou de jou pou eksplore vilaj pitorèsk pechè sa yo epi vizite atraksyon ki tou pre yo.
Yo konnen mòn La Soufrière tou sou non Sulphur Springs Park. Pak la pote non souf ke yo konn pran la nan tan lontan. W ap kòmanse santi odè souf la depi w tou pre. Wout la an ekilib sou bò kratè masif la, sa k ap pèmèt ou travèse vòlkan an.
Dènye eripsyon vòlkan an remonte a 40 000 lane. Epoutan li toujou ap vomi souf nan syèl la a fè flak dlo ki nan zòn nan bouyi. Fè yon gade mèvèy sa yo natirèl sa yo anlè tou obsèvasyon yo. ansuit, vlope kò w ak labou vòlkanik rich , k ap geri blese epi al rense kò w nan dlo sous yo.
Vakans nan Sent-Lisi kapab yon eskapab rilaksan e dekontrakte. Sepandan, zile a ap koche tout kaz moun k ap chèche avanti- rele tout sila yo k ap chèche adrenalin !
Me kèk egzanp sansasyon fò k ap tann ou nan Sent-Lisi :
Pou fini, pa bliye detann ou nan solèy sou yonn nan bèl plaj mayifik nan Sent-Lisi. Me Kèk kote ki pi popilè pou detann e pwofite eksperyans zile yo nan Karayib la:
SOUS: Planetware.com, Travel.usnews.com, Travelingmom.com