Souple tann...

Sa ou dwe evite Fè anvan fèmti

31 out

Fè atansyon a depans w ap fè anvan dènye jou pou achte yon kay.

Eske w konnen nan ki pwen desizyon ou yo enpòtan ant pwe apwobasyon, ofwi lajan ak dènye jou fèmti a ? Avan dènye jou a lè w ap achte yon kay, ti desizyon ke w pa menm anvisaje ka gen gwo enpak sou desizyon final sosyete pwè  ipotekè a.

Rete pridan sou plan finasye se yon enperatif pou jounen an ka byen pase. Pèsòn pa vle gache acha yon kay san w pa konnen. Se pou sa li esansyèl pou w li tout atik la nèt anvan dènye jou a.

Toujou rete nan menm travay ou.

Pretè ipotekè yo egzamine istorik anplwa, konbyen tan yo dire epi eske yo estab pou wè si w admisib pou yo finanse w. Chanje travay nan mitan yon pwosedi ka eveye soupson, sa ka fè pretè yo wè ou gen yon revni kip a estab. Pèsòn pa vle sa, si w santi ke ou dwe chanje travay, tann dènye jounen an pou fè sa.

Rete ak menm bank la

Si bank ou a pa bay tout kalite sèvis ke enstitisyon bankè yo bay, moman an ka rive pou chanje. Men, pa fè sa toutan dat kloti a pa rive. Istorik bankè ou kontribye anpil nan montre estabilite ou e abwobasyon final la ka depann de sa

Toujou peye a lè

Sa ta sanble yon bagay ki klè pou fè, men gen yon pwoblèm. Nou tèlman okipe nan fè bwat, planifye, nan reve epi pwan desizyon ki konsène demenajman ke nou ka bliye peye yon dèt ki nesesè san nou paf è ekspwè. Li bon pou mande ajan imobilye ou oubye koutye ipotekè ou ki dat dènye pèman, ak pwemye pèman sou nouvo lojman.

Menm jan, pretè a ap verifye pèman sou machin, kont prè, kat kredi avan jou kloti a. Asire w ke ou peye tout bagay, se pa sèlman pèman kay.

Evite achte pou gwo lajan.


Se yonn nan erè ke pwopwiyetè potansyèl yo fè anpil. Ou wè sa, pwe apwobasyon ou depann de eta aktyèl kont ou. Si w achte yon veyikil nèf pandan w ap tann dènye jou a, ou pap parèt menm jan.

Donk, menm si se sèl chans ou te jwenn nan lavi pou pase vakans ou te toujou reve a, w ap regrèt sa nan dènye jou a fèmti a.

Nou konnen ke w ap tann pou gen yon bato, me li la… Yon bato pafè pou pri ideyal. Repons la se non. Ou t ap fè pi byen si w te tann, rate òf sa pou w pa manke kay ou reve a.

Eske ou bezwen tout nouvo aparèy ak mèb pou lòt kay la ? Ou ta vle pwan yon ki rekil. Lokalize eleman ou bezwen yo epi note yo. Apre sa al chèche yo apre kloti a. Yon lòt fwa, fason ke yo gade w sou papye esansyèl lè jounen an ap fèmen.

Rete lwen lòt demand kredi

Lè w fè yon demand kredi san kenn lòt lide, sosyete w ap achte nan men l lan pral fè ankè kredi.Men lè sosyete prè ipotèk la wè rekèt yo, sa parèt ke ou vle pran lòt dèt ankò. Lè  sa yo pè pou yo pa resevwa pèman yo si w ta depase delè yo.

Menm yon senp magazen rad an detay, oubyen yon kat kredi yon magazen mèb ap mete pretè ipotekè a sou men l.

Meyè konsèy anvan kloti a

Onètman, meyè konsèy la se rete menm jan sou plan finasye soti nan jou pwe apwobasyon jis rive nan jou kloti a. Apre sa, ou ka ale chèche mèb yo oubyen achte bato ou, nenpòt sa ou anvi. Rann tèt ou sèvis sa e tann jounen an fini. Ou pral kontan paske ou te fè l!


Pare pou fèmen yon kay? Kayifi ofri sèvis fèmen pou achtè nan Karayib la. Kontakte nou pou plis enfòmasyon!